29/06/2026
ASASINA/ WANAMENT / NÒDÈS
Moun yo pa rive idantifye asasine ajan BSAP Codio OSTHÈNE samdi 27 jen 2026 vè 9 h nan aswè nan zòn Vilaj Dèzoliye Wanament devan Lakay li,viktim lan kite apèn desann Motosiklèt li te sou li-a resevwa plizyè bal, malgre yo transpòte li an ijans lopital, apèn li rive li gentan mouri.
Nap raple Codio OSTHÈNE se yonn nan ajan BSAP kite gen gwo responsabilite nan asire sekirite sou dosye konstriksyon kanal sou rivyè Masak la nou sonje fotol te parèt avèk yon zam 9 Milimèt sou ponyèt li ki pwente sou sòlda Dominiken yo pou montre bravte ki Lakay li.