HubConnect

HubConnect At HUBCONNECT ©, we bring collaboration to life, designing creative and effective solutions.

HubConnect swete tout manm kominote a yon ekselan kòmansman mwa desanm.Dènye mwa ane a rive, epi nou antre ladan l ak en...
01/12/2025

HubConnect swete tout manm kominote a yon ekselan kòmansman mwa desanm.
Dènye mwa ane a rive, epi nou antre ladan l ak enèji, vizyon ak angajman.

Mwa desanm nan pral yon mwa trè espesyal pou HubConnect, paske nou gen anpil nouvote k ap vini sou platfòm nan, plis inisyativ ki pral make fen ane a nan yon fason ekstraòdinè.

Nan desanm sa a, n ap:

prezante nouvo fonksyonalite,

mete deyò nouvo eksperyans pou etidyan yo,

lanse pwojè ki pral make kòmansman ane 2025 la,

epi prepare lansman ofisyèl kèk gwo inovasyon.

Nou pral fini ane a nan yon bèl fason, avèk plis valè, plis konesans, plis opòtinite pou jèn yo.

Rete branche, plis bagay ap vini.
Se sèlman kòmansman an.

13/11/2025

Kreyatè 2.0
Let’s Go
ANN KREYE

Abòne ak nou.fòmasyon, opòtinite ak inovasyon ap tann ou!
20/10/2025

Abòne ak nou.
fòmasyon, opòtinite ak inovasyon ap tann ou!

"Nou sèmante pou n goumen pou endepandans peyi nou."Se te pawòl Jean-Jacques Dessalines.  Jean-Jacques Dessalines te asa...
17/10/2025

"Nou sèmante pou n goumen pou endepandans peyi nou."
Se te pawòl Jean-Jacques Dessalines.

Jean-Jacques Dessalines te asasinen 17 oktòb 1806. Jodi a, nou pa sèlman ap komemore lanmò Anperè a , se tou yon moman refleksyon, pou n gade kijan nou chak ka mete men pou chanjman Ayiti .

Dessalines te oze leve paske li te gen yon rèv. Ou menm, kilè w ap leve pou rèv pa w?

Rete konekte ak Hubconnect, paske avanti a fenk kòmanse.

Jodi a se yon gwo jou, se jou yon bra fò nan ekip HubConnect ap selebre lavi li.Cassandrine Destima, w se yon sous fòs, ...
23/09/2025

Jodi a se yon gwo jou, se jou yon bra fò nan ekip HubConnect ap selebre lavi li.
Cassandrine Destima, w se yon sous fòs, enspirasyon ak devouman nan tout sa nou ap bati ansanm.

Nou swete w plis siksè, plis kouraj, plis benediksyon nan tout pwojè w yo.
Se pou rèv ou kontinye pran lavi, e pou chak ane pote w pi pre objektif ou yo.

Ekip HubConnect la fyè pou gen ou bò kote nou.
Bon rekòlt Kafe ankò, Cassandrine Destima!

an nou kite yon kòmantè pou li

Jodi a nou selebre memwa Anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn lan, nonm ki leve drapo libète a e ki mete ...
20/09/2025

Jodi a nou selebre memwa Anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn lan, nonm ki leve drapo libète a e ki mete Ayiti kòm premye Repiblik Nwa endepandan nan mond lan.

Dessalines te kwè nan fòs yon pèp ki ini, nan diyite, nan endepandans.
Se menm lespri sa k ap gide HubConnect jodi a : ini jèn yo, libere potansyèl yo atravè fòmasyon, epi bati yon avni kote konesans ak kreyativite ap pèmèt yo pran plas yo nan ekonomi mondyal la.

Misyon HubConnect, se kontinye pote flanbo vizyon sa : fòme, ini, e leve yon jenerasyon ki kapab chanje Ayiti ak mond lan.

Papa Nasyon an, w ap toujou enspire nou.

Anpil nan nou poze kesyon sila Èske  Hubconnect ouvè pou patenarya oswa envèstisman?Èske HubConnect ouvè pou patenarya o...
17/09/2025

Anpil nan nou poze kesyon sila

Èske Hubconnect ouvè pou patenarya oswa envèstisman?

Èske HubConnect ouvè pou patenarya oswa envèstisman?
Repons lan se WI

HubConnect se yon platfòm kreyatif ak edikatif ki ap bati avni dijital Ayiti. Nou kwè nan fòs kolaborasyon ak resous pataje pou akselere enpak la.

Nou ouvè pou:
* Patenarya estratejik
* Koperasyon sou pwojè edikatif & dijital
* pou grandi ansanm

Si ou gen yon vizyon ki aliyen ak nou, vini fè pati vwayaj sa pou nou bati yon jenerasyon kreyatè ki kapab monetize talan yo epi kontribye nan ekonomi dijital Ayiti.

Kontakte nou: [email protected] / www.hubconnectht.com

Pa bliye ou ka poze kesyon ou yo

Nan lyen NGL sa👇🏾👇🏾👇🏾
Li nan kòmantè an

Pa pè echèk, se echèk ki ba ou eksperyans.Chak tonbe se yon etap pou leve pi fò.Chak erè se yon zouti ki bati avni w.Se ...
16/09/2025

Pa pè echèk, se echèk ki ba ou eksperyans.
Chak tonbe se yon etap pou leve pi fò.
Chak erè se yon zouti ki bati avni w.
Se sèlman moun ki eseye ki rive kreye pwòp desten yo.

Nan HubConnect, nou kwè nan fòs eksperyans, nan leson ki sòti nan erè yo, e nan kapasite chak jèn pou leve pi wo.
Nou la pou ba w zouti, fòmasyon, ak opòtinite pou ou transforme echèk an siksè.

🔗 Antre nan mouvman an jodi a:

Lyen an nan komantè an👇🏾👇🏾👇🏾

Kisa ki HubConnect ? HubConnect se yon platfòm fòmasyon ak kreyativite ki la pou ede jèn yo aprann, devlope kapasite yo,...
09/09/2025

Kisa ki HubConnect ?

HubConnect se yon platfòm fòmasyon ak kreyativite ki la pou ede jèn yo aprann, devlope kapasite yo, epi jwenn opòtinite nan domèn tankou :
-Videyografi
-Fotografi
-Konsepsyon grafik
-Teknoloji dijital

Nou pa sèlman bay konesans, men nou kreye espas pou aprann, kolabore, epi grandi ansanm.

Si ou vle dekouvri plis sou pwojè, aktivite ak fòmasyon nou yo, antre nan chanèl WhatsApp HubConnect lan jodi a :

Lyen an nan kòmantè an👇🏾👇🏾👇🏾

Alfabetizasyon se pa sèlman aprann li ak ekri.Se kle ki louvri pòt libète, konesans ak diyite.Chak timoun ki aprann li, ...
08/09/2025

Alfabetizasyon se pa sèlman aprann li ak ekri.
Se kle ki louvri pòt libète, konesans ak diyite.
Chak timoun ki aprann li, se yon sitwayen ki leve.
Chak jèn ki metrize plim li, se yon lidè ki pare pou bati lavni.”

HubConnect kwè nan pouvwa pawòl ekri pou chanje lavi.
Nan chak kou nou, nan chak inisyativ nou, nou pote limyè alfabetizasyon pou Ayiti ak pou mond lan.

Adresse

Carrefour
Ouest

Téléphone

+50931279714

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque HubConnect publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à HubConnect:

Partager