28/04/2025
[Aparans fizik]¹
Avan nou di w egzatman kisa aparans fizik lan, fò w konnen premyeman, pa gen yon sèl aparans ; dezyèmman, aparans tou kout konsa pa t ap ka vle di anyen nan kontèks nou ta vle pale de li a. Anplis de sa tou, gen aparans sikolijik, aparans nan sant( tounen...), elatriye. Men n ap senpman kanpe ou aparans fizik lan.
Se fason moun nan prezante avèk ou san yon abiman nan tout fòm li : wotè cheve l, bab li, koulè je l,koulè pol( nan yon epòk done), wotè fòm dan l, gwosè nòmal li, wotè nòmal li( ka gen deba sou sa si n ap pran egzatman menm egzanp ak yon lejann nan youn nan espò mondyal yo) . Nou oblije pale de aparans fizik,paske tout sa nou sot site la kab chanje de yo epòk suivan evolisyon tan ak espas moun moun nan twouve l ; osnon tout sa ki ka gen pou wè ak yon chwa pèsonèl, kiltirèl osnon dòt.
Se nan jan de chanjman sa yo lakay yon moun ki kab mete w nan yon dilèm pafwa, malgre entelijans ou, ou kab pa rive idantifye yon moun.
N ap raple nou, nan kad idantifikasyon nan yon sosyete, depann de modèl kriz k ap tabli ladan l, se jan de fenomè sa yo pou leta ta analize trake tout endividi ki ta gen entansyon chanje an kameleyon pou kontinye simaye latwoublay.
Men sa kesyon an ye egzatman.
Enel THOMAS