07/03/2023
Prezidant Wo Konsèy Tranzisyon an, Mirlande H. Manigat rankontre lendi 6 mas 2023, manm komite siveyans akò 21 desanm 2022 a. Diskisyon yo te konsantre sitou sou aplikasyon dokiman Konsantman Nasyonal Pou yon Tranzisyon enklizif ak Eleksyon Transparan, rapòte youn nan patisipan yo. Ansyen depite Antoine Rondon Bien-Aimé, lidè òganizasyon politik Émergence Patriotique, René Civil, se pami lòt lidè politik ki te patisipe nan rankont sa. Echanj sa yo te fèt nan yon kontèks kote lekòl yo te anonse sispansyon leson fas a fas akoz zak anlèvman ki te afekte aktè nan chèn edikasyon an.