Ti koze sou Agrikilti

Ti koze sou Agrikilti Agripartenaire est une Entreprise de Promotion du Développement Durable

Sa yo bon, yo ka toujou bay zòn nan manje.Men pwodui ase pou re antre nan batay ak pen an 🤔Li mande lòt materyèl transfò...
13/10/2023

Sa yo bon, yo ka toujou bay zòn nan manje.
Men pwodui ase pou re antre nan batay ak pen an 🤔
Li mande lòt materyèl transfòmasyon ki ka bay yon pwodui de kalite, epi an kantite.
Li mande yon pwodiksyon entansiv, ak materyèl biologik adapte.

Kasav la ka reprann plas li nan asyèt nou, Li ka menm kite peyi a.👌🏾

 . .Pa bliye, toujou tande nouvèl pou w konnen kòman sitiyasyon tan an ap ye avan w soti.Si w rete bò lanmè oubyen bò ra...
03/06/2023

.
.

Pa bliye, toujou tande nouvèl pou w konnen kòman sitiyasyon tan an ap ye avan w soti.
Si w rete bò lanmè oubyen bò ravin, kote dlo konn pase, pa fè tèt di ,wete kò w anvan sa pi grav.
Mete papye enpòtan yo nan yon kote ki an sekirite pou sizoka ou ta gen pou w deplase. Pa rete anba poto , pa janbe rivyè k ap desann, pa rete anba bit pou si ta gen deboulonnay tè.
Pa bliye voye je sou vwazen w pote yo sekou si yo ta andanje, pataje kichòy ak yo oubyen mete yo lakay ou si yo ta bezwen sa.

Pa fè tèt cho pou move enfòmayson ki ap sikile, al swiv paj UHM nan sou Facebook oubyen ale sou sit entènèt yo w ap jwenn tou enfòmayson yo 7/7. 24/24

Tande modòd yo, veye alèt yo.
Se mèt kò ki veye kò.

.

Nou rekonèt fwi sa ?Ki jan li rele ?Li soti nan yon pye bwa ki gen 4 ak 5 m wotè nan fanmi *malvacées.W ap jwenn li nan ...
22/06/2022

Nou rekonèt fwi sa ?
Ki jan li rele ?

Li soti nan yon pye bwa ki gen 4 ak 5 m wotè nan fanmi *malvacées.

W ap jwenn li nan zòn twopikal yo tankou nan karayib la.
Li santi bon epi li chaje vitamin B2 ak B3.
Lè li seche menm w ap jwenn Ladan l:
50 % lipid, 10% pwoteyin, 12 % fib, 8 %glisid tip amidon, 5 % minero.
Apre w fin plante l li ka donnen sou 4 a 5 lane. Sa depan de vayete a, epi li ka bay 2 rekòt chak ane. 2 varye te ou plis jwenn an Ayiti se : Criollo akTrinitario

De kote ki plis fè l se: Nò ak (sid)Grandans
Nan fen ane 2011 FECCANO ki se yon asosiyasyon koperativ ki chita kò l nan Nò,
Se te premye ekspòtatè, bio, sètifye ki soti an Ayiti.

Pa ane pwodikysyon nan peyi pa nou estime ant 4 a 6 mil tòn. Poutan nan repiblik dominikèn se 50 mil tòn, pa ane Sa vle di 12 fwa plis pase nou.
M pap di plis.

1- Yo fè ji ak li , lè l poko sèch
2- yo fè pat avè l
3- yo fè bè ak poud avè l.
4- yo fè chokola avè l.

Kijan li rele bò lakay ou ?
Sous
- https://www.ethiquable.coop/fiche-producteur/feccano-commerce-equitable-haiti-cacao
- httpps://publication.cta.int

Martial Josias étudiant en agronomie ( UEH) FAMV.
Ti koze sou Agrikilti
Jiyè 2022.

01/06/2022

Note de l'Unité Hydrométéorologique d'Haïti (UHM) pour l'ouverture de la saison cyclonique 2022.

29/05/2022
01/05/2022

Bonne fête de l'agriculture et du travail !!
-Joyeux !


.

Adresse

Pétionville

Téléphone

+50943016364

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ti koze sou Agrikilti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager