Média LAKAY

Média LAKAY Kay sa se kay gran mèt la ,se la ,vérité pale .

Nan dat vandredi 26 dawout 2026 la, mouvman Demokratik liberal dayiti ( MDLH), òganize yon kokenn chen rasanbleman, nan ...
29/08/2026

Nan dat vandredi 26 dawout 2026 la, mouvman Demokratik liberal dayiti ( MDLH), òganize yon kokenn chen rasanbleman, nan vil okap ayisyen avèk kòwòdinasyon depatmantal nò ak reprezantan mouvman an ki twouve yo 19 komin depatman an.
kandida pou pós prezidan peyi dayiti doktè Durocher Moïse ( Docteur en statistique) , mete edikasyon,pwodiksyon nasyonal,kreyasyon djòb an premye nan Kad devlopman peyi dayiti.

Docteur Durocher Moïse fè anpil gwo deklarasyon sanble l pa vini pou jwe non.!!!

NB: MDLH se manb gwoupman politik Solidarité pou Ayiti respire (SOL Ayiti) ki sot jwenn otorizasyon KEP a pou enskri tout kandida li yo.

Média Lakay TV !!
Micro tout peyia !!!

Cap -Haïtien/ Éducation/  Activité .Dans moins que trois mois après le retour du directeur Frandy Louis à la tête du lyc...
29/08/2026

Cap -Haïtien/ Éducation/ Activité .
Dans moins que trois mois après le retour du directeur Frandy Louis à la tête du lycée National Phillipe Guerrier, il impose son leadership en organisant des activités Socio-éducatives attirantes à la communauté éducative surtout.
Micro tout peyia !!!

29/08/2026

Aprè gwo aktivite Direktè Frandy Louis sot Reyalize ayé 28 dawout 26 la,nan mwens ke 3 mwa li retounen nan LNPG , li se yon lidè

Mouvman demokratik liberal dayiti prezante ofisyèlman kandida pou pós prezidan peyi dayiti Doktè Durocher Moïse , a kòwò...
29/08/2026

Mouvman demokratik liberal dayiti prezante ofisyèlman kandida pou pós prezidan peyi dayiti Doktè Durocher Moïse , a kòwòdinasyon depatmantal nò mouvman an (MDLH ) , Nan kad yon rasanbleman nan vil okap ayisyen avèk reprezantan mouvman an ki twouve yo nan 19 komin depatman nò peyia, ayè vandredi 28 dawout 2026 la .
Micro tout peyia !!!

CP Cadet Nickenson ki te Ansyen responsab komisariat thomassin sou epòk ti makat e ki te CP kenscoff jwenn revokasyon li...
28/08/2026

CP Cadet Nickenson ki te Ansyen responsab komisariat thomassin sou epòk ti makat e ki te CP kenscoff jwenn revokasyon li aprè dènye masak ki sot fèt Kenscoff la.
Jean Pierre Ketler Morisseau se nom nouvo komisè ki nan commissariat kenscoff la.

Otorite yo Nan komin PV entèdi moun antre sou plas St Pierre Pou rezon Reparasyon daprè sa yo di. Yon sitiyayon ki rive ...
28/08/2026

Otorite yo Nan komin PV entèdi moun antre sou plas St Pierre Pou rezon Reparasyon daprè sa yo di. Yon sitiyayon ki rive Nan Moman gang ap kraze ti rès moun kenscoff ki pa gen kote Pou yo dòmi.
Daprè sa kèk abitan kenscoff di Nou se Nan bank bòlèt Ak sou do Kay yap dòmi Pou kounye a .
Nap raple Nan Premye atak gang te fè sou kenscoff se te sou plas St pyè Nan PV anpil te pran refij

Enfòmasyon kap sikile ki ta vle fè kwè ke Direktè Depatmantal edikasyon nò a Me Jose Pierre pa ta vle bay lokal BDS la p...
28/08/2026

Enfòmasyon kap sikile ki ta vle fè kwè ke Direktè Depatmantal edikasyon nò a Me Jose Pierre pa ta vle bay lokal BDS la pou biwo BED la se yon fo enfòmasyon, pwoblèm nan se Rue 15 L ki nan lèt la, epi yo mande pou direktè a bay rue 15 p , direktè a refize paske se rue 15 L minis levasyon an te di pou l bay , li pa ka dezobeyi superyè yerachik li .
Micro tout peyia !!!

Masak sa ki fèt Kenscoff la prouve pèp Ayisyen antrave tout bon .Mwen te sezi lè anpil pati politik te  siyen akò Ak eki...
27/08/2026

Masak sa ki fèt Kenscoff la prouve pèp Ayisyen antrave tout bon .
Mwen te sezi lè anpil pati politik te siyen akò Ak ekip Kila sou pretèks Peyi a pral pasifye Pou gen eleksyon aprè 3 bato menasan te Nan rad lanmè Peyi Dayiti tankou Pou te fè politisyen pliye Kako yo ...
Depi lè sa pat gen moun serye ki te kwè pral gen chanjeman ,dayè li klè gang yo montre yo pi fò pase leta yap touye yap mande lapè .
Anpil milyon depanse ou gaspiye Nou poko rezond ti Kal Nan pwoblèm Nan.
Drone yo koute kòb anpil toube ..anyen menm .

Gang ap touye Binuh ap konte mò ,responsab leta ap fè lajan gouvènman ap Voye nòt Pou denonse,Organization swa moun ap pwodwi rapò, pèp la ap kriye vant mare ...

Selon analiz yo Nou vin konprann yon bagay , se sèl pèp la ki pa Nan Viv ansanm pép la paka manifeste . Pèp pa ka gonfle venn ankò Pou batay.viv ansanm ap rouyem e bagay sa jwe Nan favè moun ki la yo ..
Sa vle di Pouw wè fòs leta : anonse manifestation kont pouvwa .

Zòt chante li di nap site '"si se Pou verite Nou mét touye mwen "" ebyen anpil moun ki pat vle pale mouri anba men gang .

Yon kestyon anvan tout bagay: poukisa gang yo pa janm mobilize kont leta ki la yo ???
Sa Nou dwe Konprann Anpil moun jwenn avantaj Nan a*o gang yo ap fè sou popilasyon an tankou :
Kòb kap bay Pou swadizan batay kont gang
Manje ,tant dra kap bay Pou moun ki anba tant .
Eleksyon ki pap janm fèt Pou yo kenbe pouvwa .poun site sa yo sèlman .
Konsa anba anba anpil moun kontan lè frap Viv ansanm nan kèk zòn : anpil lajan sanble ap fèt sou Têt peyizan kenscoff pandan yap blofe moun Ak bèl pawòl,sèl bagay yo bliye blòf gen limit epi kouri gen bouke .
Sou dosye masak kenscoff la
Anpil moun Nan sosyete a toujou ap poze kestyon sa yo : Pou kisa yo pa konsolide gode , epi bare klèmanso?epi Pou kisa yo te vle kraze brigad yo koze ki te fè gwo pale anpil? se sak fè Nou di blòf gen limit la . kestyon kap poze jounen Jodi a : èske se pa Nan konplo pèp la pran Pou yon projè estèminasyon?
…kòm pèp la poko Konprann Nou mèt pouse chwal Nou men pèp la pral leve ...se sak fé Nou di kouri gen bouke . Depi lè kenscoff tonbe anba men gang Otorite vin kenscoff Otorite kite kenscoff anyen pa chanje.
Bon Kilè kenscoff ap rekipere?
Èske se yon sous revni kap Jere pa ti moso oubyen gen yon projè reyèl Pou chanje sa abitan yo ap Viv la .

Dènye atak sa yo bandi fè Nan kenscoff Nan lannwit 23 Ak 24 dawour la kote plis pase 40 moun mouri , plizyè Kay boule San konte sila yo ki Nan men gang ame yo prouve leta pa gen volonté chanje sa ki laa kòm reyalite . okontrè yap pale eleksyon...eleksyon pou ki group?
Entènasyonal la pa gen lide ede dayè se refoule yap refoule pèp Ayisyen kap chache refij Lakay yo .

Abitan kenscoff pa mande leta anyen .yo Viv de kilti yo danre agrikol ,anpil Nan yo pa desann lavil fasil oubyen ditou.
Jounen Jodi a nèg ap fè milyon sou San .anpil nèg sanble pa ta kontan Sa chanje nèg ap mete jile fè photo yap batay ayayay nèg ap fè diskou ...lajan kap brase pandan San pèp l ap koule .kwèm siw vle pa gen anyen serye kap regle .ni ki pral regle Ak yo

Antouka pèp Ayisyen siw kwè moun Kila yo ap sovew, ou Peri deja .si wap tann yo daprè bèl diskou yo, wap tounen pwa tann.
Leve kanpe se sèl opsyon: mounri debou pa mouri ajenou .
Ayiti se Pou ou pa bay legen ou Konprann kisa bagay la ye siw pa kale jew se ou kap wèl....

25/08/2026

Magistrat kenscoff la tèlman pale anpil Nan Radio se 10/10
Gen moun ki di li pa sèlman pale li chante ...kon Ewo
Men Pou rezilta Zewo bare

25/08/2026

Adresse

Pétion Ville Zone Boutilier , Port Au Prince
Pétionville

Téléphone

+50934340281

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Média LAKAY publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager