AYITI ENFO 13

AYITI ENFO 13 ILIEZER DOODLY JOURNALISTE, REPORTER et présentateur de l’émission connexion.

🚨 IJANS – Seleksyon ayisyen an entèdi jwe nan Repiblik DominikènMinis Espò dominiken an, Kelvin Cruz, anonse vandredi a ...
03/10/2026

🚨 IJANS – Seleksyon ayisyen an entèdi jwe nan Repiblik Dominikèn

Minis Espò dominiken an, Kelvin Cruz, anonse vandredi a entèdiksyon pou seleksyon ayisyen an itilize enstalasyon espòtif nan Repiblik Dominikèn.

Desizyon sa a vini mwens pase 24 èdtan apre viktwa 4-1 Grenadye yo kont seleksyon dominikèn nan.

Ayiti bat Repiblik Dominikèn 4-1 nan Lig Nasyon CONCACAFDevan plis pase 23 000 espektatè nan estad Félix Sánchez, seleks...
02/10/2026

Ayiti bat Repiblik Dominikèn 4-1 nan Lig Nasyon CONCACAF

Devan plis pase 23 000 espektatè nan estad Félix Sánchez, seleksyon nasyonal Ayiti a, Grenadye yo, ranpòte yon gwo viktwa 4-1 sou Repiblik Dominikèn nan kad Lig Nasyon CONCACAF la.

Louicius Deedson make depi 9yèm minit la. Wilson Isidor ajoute de lòt gòl nan 51yèm ak 67yèm minit, pandan Yassin Fortuné fè katriyèm gòl Ayiti a nan 76yèm minit.

Pou Repiblik Dominikèn, Dorny Romero make sèl gòl ekip la nan 55yèm minit.

Viktwa sa a montre bon pèfòmans Grenadye yo nan rankont la.

ID:✍️✍️✍️✍️

29/09/2026
⏱️🇭🇹 MATCH FINI ❗️Ayiti bat Kosta Rika 2-0 ‼️⚽️ Bellegarde 9'⚽️ Calvo (og) 39'
28/09/2026

⏱️🇭🇹 MATCH FINI ❗️

Ayiti bat Kosta Rika 2-0 ‼️

⚽️ Bellegarde 9'
⚽️ Calvo (og) 39'

26/09/2026

Kenskòf — Sekirite :

Ekstrè videyo ki montre operasyon Lapolis ap mennen nan komin Kenskòf, espesyalman nan zòn Bwa Avril.

Fouchhhhhhhh
25/09/2026

Fouchhhhhhhh

24/09/2026

Tande sa ki te pase nan sware asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

Léon Charles di li Kwè Dimitri Hérard nan konplo pou touye prezidan.

ID:✍️✍️✍️✍️

Saint-Michel de l’Attalaye anba atak bandiBandi ki ta fè pati gwoup kriminèl Kokorat San Ras ta atake komin Saint-Michel...
15/09/2026

Saint-Michel de l’Attalaye anba atak bandi

Bandi ki ta fè pati gwoup kriminèl Kokorat San Ras ta atake komin Saint-Michel de l’Attalaye, nan depatman Latibonit, byen bonè nan maten madi 15 septanm 2026 la.

Dapre premye enfòmasyon yo, plizyè moun nan popilasyon an ta viktim pandan atak la. Omwen yon moun ta pèdi lavi l, selon enfòmasyon ki disponib.

Sitiyasyon an rete tansyon nan komin nan, pandan detay sou bilan definitif la ak lòt posib viktim yo poko konfime.

N ap kontinye swiv sitiyasyon an pou plis enfòmasyon.

ID:✍️✍️✍️✍️

Pentagon konfime mank kèk minisyon apre lagè Iran anMinistè Defans ameriken an konfime nan yon nouvo rapò ke operasyon m...
15/09/2026

Pentagon konfime mank kèk minisyon apre lagè Iran an

Ministè Defans ameriken an konfime nan yon nouvo rapò ke operasyon militè kont Iran an lakòz defisi nan rezèv kèk minisyon estratejik. Rapò a montre tou gen gwo difikilte nan kapasite endistriyèl peyi a pou ranplase kèk nan zam ki te itilize yo.

ID:✍️✍️✍️✍️

4 moun kidnape nan zòn Tèrès, Kenscoff, pandan yo t ap ale nan jaden yo. Pami viktim yo, twa ladan yo se manm menm fanmi...
11/09/2026

4 moun kidnape nan zòn Tèrès, Kenscoff, pandan yo t ap ale nan jaden yo. Pami viktim yo, twa ladan yo se manm menm fanmi.

Yon enjenyè te kidnape tou nan zòn Lalue, nan nivo ri Vaillant. Kidnapè yo deja pran kontak ak fanmi viktim nan.

Nan Delmas 31, yon fanm te kidnape tou. Sepandan, yon tantativ kidnaping echwe byen bonè maten an nan zòn Delmas 31, sou ri Magua.

Dapre enfòmasyon ki disponib yo, omwen 11 moun kidnape ant 6 ak 10 septanm. Pami viktim yo gen de elèv lekòl yo te kidnape mèkredi maten nan Delmas 75.

Ogmantasyon ka kidnaping sa yo pandan semèn nan soulve nouvo enkyetid sou sitiyasyon sekirite nan kapital la ak nan zòn ki ozalantou yo.

Responsab PNH la, Vladimir Paraison, kontinye mande popilasyon an pou l rete kalm epi evite pale, pandan li asire fòs lòd yo ap travay « san pran souf » pou fè fas ak sitiyasyon an.

ID:✍️✍️✍️✍️

Adresse

Jakè Tibil #13
Pétionville

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque AYITI ENFO 13 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager