Seranolo News

Seranolo News https://accounts.binance.com/fr/register?ref=U8NE6ONJ
"Le pauvre est celui qui ignore sa richesse"
(1)

17/07/2025

Gen pwoblèm wi, nou dwe lite jiskobou pou lamerik pa peri menm nan blag sa pa ka oze an kesyon. Viv lamerik ini san fen.

28/06/2025

USA deklare Ayiti gen pwoblèm e li menm kontinye ap repete sa prèske chak jou, menm nan dènye rapòl li anonse de sitiyasyon an ki vrèman konplike (malgre tou), e menm atravè anbasad la ki an Ayiti a li deklare ke se evite a rantre ou a pòte neglijans ak peyi sa nan moman la bagay yo pa dous (li konplike). Oufffffff konsa pou yon desizyon pran jis pran epi lage tout moun sa yo nan kouri, yonn nan peyi ki bay plis jèn ak travayè onèt ki ka travay epi ki konsekan anpil nan domèn lan swa ozetazini oubyen kinenpòt lòt peyi etranje.

28/06/2025

Yon bò anpil moun kòmanse ap poze tèt yo kesyon sa…Èske jounalis sa ki ap sipòte chèf polis peyi d’Ayiti a pa ta sipoze gen ankèt ki louvri souli swa nan tout sa li tap fè, toujou selon plizyè rapò detanzantan kap ogmante bò kote responsab yo an Ayiti e sitou chèn entènasyonal la kap swiv dosye Ayiti a. Sa mande reflechi si vrèman gen rechèch kap fèt sou gwosè e kalite kriz sa kap pase an Ayiti a? Twòp moun pran woulib sou peyi a kòmkwa yo gen solisyon an oubyen yo se sovè a, pral gen plenyen nan tout sans wi oke bann fo lidè. Se mennen bak ou byen sèlman! Sitou pou 2 a 3 jou ki pral gen la yo Sispann vòlè sou do pwòp pèp peyiw, Mèsi.

⚠️Sa gen 3jou Anbasad USA ki Ayiti a te fè soti nòt sou paj ofisyèl Facebook li , kotel di pou Ameriken ki an Ayiti yo e...
28/06/2025

⚠️Sa gen 3jou Anbasad USA ki Ayiti a te fè soti nòt sou paj ofisyèl Facebook li , kotel di pou Ameriken ki an Ayiti yo evite mache san bezwen ak ni pran avyon ak elikoptè ki pa sekirize e nan fen an li di sak ka kite ayiti se kitel pandan vòl komèsyal yo vle rekòmanse. (Sa montre a klè ke fòk ayisyen ak ayisyen ki volonte pou yo mete ansanm pou fè yon bagay pou peyi a janl pase li pase, paske ayisyen pa gen lòt kotel ka viv ke nan peyil). Tout Ayisyen riske e menm aple a disparèt grenn pa grenn si yo pa deside batay pou Ayiti depi jodia , imajinew yon pakèt moun ki pral retounen Ayiti ak yon bann fwistraksyon e lè yo rive yap konprann ke si yo ka tounen anba se paske yo mouri deja, yo pap pè anyen ankò paske pou yo se mesyedam politik ki te patisipe nan kraze peyi yo e ki te met 80% jenès la ak tout sak fè pati krèm peyi a andifikilte ki lakoz sa rive la. Pral gen pwoblèm anba wi zanmim yo, se pap menm ti goumen avan yo non sitou ak pil depòte fwistre sa yo. Danje sa mande anpil refleksyon, li pral difisil pou nou wi…⚠️

21/06/2025

Si kèk peyi tonbe nan pyèj ou swa kèk alye longdat ki definitivman nan yon pyèj li dwe konsyan e admèt ke li tonbe nan pyèj (dezenfòmasyon) andeyò de nou Etazini, wi dèfwa se fot majorite ewopeen ou kèk medya ki renome ou enfliyensè. Men, nou l’Amerik la fòk nou pa kouri aji nan menm fason an, dayè anpil konsta deja montre ke Poutin kapte e s***e sèvo majorite dirijan ewòp la. Nou menm nou pa ka aji an moun fou e ni jamè tonbe nan menm pyèj fo enfòmasyon an menm jan ak yo, fòk lamerik rete toujou pwisan . Mèsi, batay la konplike e li vrèman pyeje nan tout kwen mond lan akoz de movèz enfòmasyon majorite peyi ewopeen poun pa di konseye, sof kèk peyi ewòp ki pa pran nan betiz la. Tanpri ! Tanpri! Tanpri zanmi e alye, nou vle la pè, e se pou sa nap chèche solisyon ki pi bon an malgre nou deja anfas yon katastwòf ke pèsòn ou peyi paka defini ni epanye fasilman. Kontinye renmen e admire lamerik jiskobou…Nou se Amerik e Amerik se nou, pa janm bliye sa. ( One love )❤️ .

Pa janm bliye ke mesaj sa se mesaj anpil ameken ke nou repòte an kreyòl pou ou. Mèsi!

17/06/2025

Yo pyeje nou, men…

17/06/2025

Gen pwoblèm wi la,se difil pou anpil peyi konprann sa kap pase la, ki se yon danje mondyal. Israël vs Iran! Posiblite pou gen yon gwo pèt ke pèsòn pat jamm atann ni janm panse. Men, nou ta swete tout bagay reprann plas yo malgre ke sa parèt ankò pi konplike e difisil.

07/06/2025

Natirèlman et Mistikman Prezidan ta sipoze kanpe ou fèmen zyel sou zafè nwi ak anmède imigran ki pap ba li oken rezilta vre de sa lap chèche a, aprè li pral gen plis pwoblèm, sil gen bon konseye toutbon vre, kite sa, granmoun pale epi granmoun konprann…Tout kondisyon yo reyini, natirèl e sinatirèl ke tout moun wè tablo a klè, pral gen anpil revelasyon ki pral lage Prezidan nan kouri. Si non! Nap pèdi batay la an Amerik ak tout alye ni zanmi yo, se nou tout kap pèdi…Se sa poun evite nan moman la si vrèman nou renmen Lamerik la vrèman ak tout kè nou e ak tout nanm nou. Mèsi!!! Pral gen gwo panik wi mezanmi. Gen pwoblèm wi!

Diplomasi se bèl bagay! Entènasyonal la mete ti Chinwa Ayiti a chita rèd sou yon chèz devan 2 jounalis fransè, gen yon k...
07/02/2025

Diplomasi se bèl bagay! Entènasyonal la mete ti Chinwa Ayiti a chita rèd sou yon chèz devan 2 jounalis fransè, gen yon kote yo fèl grasss wi 😂🤣, yo fèl pal lè yo dil ou te pale ak prezidan Macron ? Li di wi, men wte tou palel de dosye dèt Lafrans anvè Ayiti a 🤣😂 kisal diw? Oh non, nou pat pale de sa, men nou te pale de lòt bagay sou dosye gang lan li di lap ba nou yon ti èd epi nap tann li... Pèsòn medya ayisyen pa rapòte sa pati sa vrèman kache (se pa wè nou wè ayisyen), èske Ayiti pa gen yon karans an matyè de kominikasyon vrèman? Pwoblèm peyi d'Ayiti al diskite an repiblik dominikèn akoz Ayiti gen 9 radotè, epi se jis ba yo fè lòbi pou yon elikoptè ki rantre epi 200 nan rès Kenyen yo tou, se fini. AYITI pwoblèm lan pako ap fini vre mesye! Leta sanwont anpil wi, 90% chèf yo san karaktè anpil anpil, yo san pidè epi yo achtab, fasil a manipile!!!

Bagay yo anpil, fòn pa fè tèt cho. Se administrasyon yo poun veye nan sa kap fèt ni di. Oke...Sete Luckson Saint-Vil Jou...
24/01/2025

Bagay yo anpil, fòn pa fè tèt cho. Se administrasyon yo poun veye nan sa kap fèt ni di. Oke...Sete Luckson Saint-Vil Journaliste ki vrèman ap fè yon bon travay bòkote kominote pal la sou tout rezo sosyal yo.

24/01/2025

Premye ayisyen kap depòte...Men li!
https://www.facebook.com/share/r/1FPRhQNr7A/

(Lèw se imigran wi ou gen dwa kòm etan moun, kòm tout pèp, men fòk ou pa konpòtew ni fè bagay ensanse tou non. Menmsi w te espanich, wte mèt ayisyen, jamayiken oubyen afriken...Se konpòtman moun debyen pou ou genyen! Se bon sans poun pwone mezanmi olye ke se bagay ki andeyò de respè ak lalwa).

06/12/2024

Ayiti, Vil Okap Inonde

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Seranolo News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Seranolo News:

Partager