Max Motivation

Max Motivation Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Max Motivation, Média, Pétionville.

Nap salye tout spektatè yo ak tout sila yo ki pran responsabilite vi yo…📣🫡
21/04/2024

Nap salye tout spektatè yo ak tout sila yo ki pran responsabilite vi yo…📣🫡

Lè bagay yo vrèman flou, se yon siy!Se siy w ap viv yon moman kote ou oblije grandi, e ke ou pare.Si w se yon moun k ap ...
17/04/2024

Lè bagay yo vrèman flou, se yon siy!
Se siy w ap viv yon moman kote ou oblije grandi, e ke ou pare.

Si w se yon moun k ap chèche, se nòmal pou pafwa ou nan sitiyasyon kote ou pa konn sa pou w fè. Gendwa se paske ou wè twòp opsyon devan w, oswa ou pa wè okenn opsyon.

Se yon bagay nòmal, se siy ke ou grandi e ke ou kontinye ap chèche grandi. Ou vin nan yon nivo kote se premye fwa w ap fè eksperyans li. Se nòmal si w santi ou on ti jan pèdi.

Abandone se fèmen je w sou trezò ou konnen ki kache dèyè bwouya a, sèl fason ou ka eklèsi vizyon w pou w rive atenn trezò sa a, se ak enfòmasyon ou resevwa gras ak eksperyans ou, eksperyans lòt moun epi lòt sous konesans ki a dispozisyon w.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Pi gwo mwayen moun jwenn pou fui oswa echape reyalite yo se pa dwòg, jwèt videyo oswa sèks sou kelkeswa fòm. Se pa telev...
16/04/2024

Pi gwo mwayen moun jwenn pou fui oswa echape reyalite yo se pa dwòg, jwèt videyo oswa sèks sou kelkeswa fòm. Se pa televizyon, rezo sosyo, kanaval, oswa lòt distraksyon.

Se manti nou chwazi bay tèt nou chak jou yo pou nou fèmen je nou sou sa nou vrèman dwe chanje nan vi nou.
Nou mete enterè nou nan tout sa ki pemèt nou konfime manti sa yo, pa egzanp “ipokrit yo”.

Fò w se yon moun ki vrèman vle grandi pou w aksepte yo di w verite ki ka blese w sou moman an, men ki ap ede w vin miyò a lavni.

Si ou vle grandi toutbonvre, fè zanmi ak moun ki ap di w sa w dwe tande; pa ak ipokrit yo ki ap repete w sa ou anvi tande sèlman.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Toujou sonje pèsòn pa dwe ou anyen!Gen de sèvis yon moun rann ou ki aranje w pou yon tan men ki ka mete w nan pozisyon o...
13/04/2024

Toujou sonje pèsòn pa dwe ou anyen!

Gen de sèvis yon moun rann ou ki aranje w pou yon tan men ki ka mete w nan pozisyon ou pa t vle ye a l’avni. Swa yon dèt ou pa t vle genyen oswa yon leson lavi ou rate opòtinite aprann.

Anvan w mande yon moun yon sèvis, toujou asire w ke w fè tout sa ou kapab pou w jwenn yon solisyon oswa ke w gen 100% garanti ke ou pa gen sa sa mande pou w jwenn solisyon an.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Si w kwè nan posiblite pou rèv ou vin reyalite men ou pa kwè nan kapasite w pou ou reyalize l, ou deja chire. Ou p ap ja...
13/04/2024

Si w kwè nan posiblite pou rèv ou vin reyalite men ou pa kwè nan kapasite w pou ou reyalize l, ou deja chire. Ou p ap janm rive atenn rèv sa a.

Konfyans nan kapsite w pou w reyalize rèv ou pa dwe chita nan di tèt ou ke w kapab sèlman. Ou dwe chèche aprann konn sa sa mande pou w fè rèv sa a vin yon reyalite. Ou dwe aplike sa ou aprann yo, analize rezilta ou jwenn yo epi rekòmanse pwosesis sila a jouk pa gen diferans ant rèv ou a epi reyalite w.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


“Repitasyon”, se fason lòt moun wè w, se fason mond lan pèsevwa w. Se bagay pozitif oswa negatif moun gen garanti yo ka ...
12/04/2024

“Repitasyon”, se fason lòt moun wè w, se fason mond lan pèsevwa w. Se bagay pozitif oswa negatif moun gen garanti yo ka atann de ou, kit nan aksyon w, pawòl ou, oswa atitid ou.

Pa gen REPITASYON san REPETISYON. Sonje li toujou pi fasil pou detwi ke konstwi.

Konbyen fwa sa te mande pou w repete yon aksyon, yon pawòl oswa yon atitid pou w rive bati repitasyon sa ou genyen jodi a?

Sa mande yon sèl aksyon, pawòl oswa atitid ki pa koresponn ak imaj sa a moun genyen nan tèt yo de ou a pou w pèdi tout bagay.

Fè atansyon! Asire w repitasyon w ap bati a koresponn ak moun ou ye toutbon an.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Lè ou pa fè tout sa ou kapab oswa tout sa sa mande pou w jwenn yon rezilta w ap chèche, ou jis aksepte defèt ou. Lè sa a...
11/04/2024

Lè ou pa fè tout sa ou kapab oswa tout sa sa mande pou w jwenn yon rezilta w ap chèche, ou jis aksepte defèt ou. Lè sa a, ou mete tèt ou nan yon pozisyon feblès.

Lè w konnen ou te fè tout sa ki nan pouvwa w oswa tout sa sa mande pou w jwenn rezilta sa a, epi finalman ou pa rive jwenn li, ou mete tèt ou nan yon pozisyon kote ou gen pouvwa sou sa k ap rive nan lavi w.

Ou vin pa santi w enpisan paske ou pran responsabilite tèt ou. Vi w vin pa depann de lòt moun e ou pa jis chita epi sibi sitiyasyon ki dezagreyab pou ou yo.

A la fen, ou gànyan tout jan kèlkeswa fason rezilta a ye paske ou rive akeri plis konfyans nan tèt ou gras ak eksperyans sa yo ki pa fè lòt bagay ke ede w grandi.

Selon ou, kiyès nan 2 apròch sa yo ki miyò?

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Fason moun trete w ap toujou enfliyanse fason ou santi w, e tout enfòmasyon ki repete nan tèt ou plizyè fwa ap fini pa v...
11/04/2024

Fason moun trete w ap toujou enfliyanse fason ou santi w, e tout enfòmasyon ki repete nan tèt ou plizyè fwa ap fini pa vin reyalite w.

Majorite enfòmansyon w ap resevwa vini de antouraj ou. Ou pa gen okenn pouvwa sou fason moun chwazi trete w kidonk sou fason atitid yo fè w santi w, men ou ka toujou chwazi ak kiyès w ap pase tan w epi bay zòrèy ou.

Si antouraj ou fè w santi ou manke valè, ou konn sa pou w fè si w pa vle reyalite sa pou tèt ou.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Ni zanmi m, ni ènmi m, tou de gen yon plas nan lavi m. Zanmi m sipòte m, li akonpanye m, siksè m se siksè l, malè m se m...
10/04/2024

Ni zanmi m, ni ènmi m, tou de gen yon plas nan lavi m. Zanmi m sipòte m, li akonpanye m, siksè m se siksè l, malè m se malè l. Li aksepte m pou moun mwen ye a e li kwè nan moun mwen
gen pou m ye a.

Ènmi m ede m wè feblès mwen, li pè fòs mwen, malè m fè bonè l. Li mete defi devan m pou m grandi, li pè moun mwen gen potansyèl pou m ye a.

Tou 2 kwè nan avni m, tou 2 ede m grandi nan fason pa yo.

Lè w se ni zanmi m ni ènmi m an menm tan, se sèlman lè avni m ak pwogrè m bon pou ou w ap ede m grandi. Yo rele sa parazit.
M pa bezwen moun konsa bò kote m.
E ou menm ?

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Lavi a pa jis, pèsòn pa fèt ak konpetans epi dispozisyon pou yo fè tout bagay, men tout moun gen yon konpetans ke yo gen...
05/04/2024

Lavi a pa jis, pèsòn pa fèt ak konpetans epi dispozisyon pou yo fè tout bagay, men tout moun gen yon konpetans ke yo gen dispozisyon natirèl pou yo jwenn rezilta pozitif parapò avè l.

Kapasite sa a ka parèt enjis nan je sila yo ki ap fè yon pakèt efò pou yo jwenn rezilta nan menm domèn nan.

Yo rele sa TALAN, li tèlman fasil pou ou ke pafwa ou pa menm valorize l paske depi lekòl yo te aprann nou fokalize nou sou feblès nou (aktivite nou pa gen dispozisyon natirèl pou nou bon landan yo) epi chèche amelyore yo.

Li pi bon pou nou ranfòse sa ki gentan fòs nou. Moun ki fokalize yo
sou talan yo konn tèlman rive briye ke w pa menm rive wè feblès yo.

Lè w ap briye konsa, se pa ou menm ki al chèche opòtinite, tankou ti bèt limyè, se yo ki vin jwenn ou.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Travay sou tèt ou anvan ou rantre nan yon relasyon. Travay sou tèt ou vle di pou w travay sou fòs ou, konsa w ap gen pli...
05/04/2024

Travay sou tèt ou anvan ou rantre nan yon relasyon. Travay sou tèt ou vle di pou w travay sou fòs ou, konsa w ap gen plis konfyans parapò ak valè w, w ap ka pi otonòm e konsa bonè w p ap depann de lòt moun ke ou.

Se sèl relasyon kote patnè yo rekonèt valè youn lòt toutpandan yo konn valè tèt yo ki dire pi lontan e ki pi sen. Tou 2 patnè yo dwe reyalize ke lòt la ka jwenn bonè l poukont li men ansanm yo miyò.

Yo chwazi ansanm men se pa yon obligasyon. Lè sa a, pa gen youn ki ap bay lòt presyon ke li ap kite relasyon an e pa gen pèsòn ki pral nan siplye oswa fòse pèsòn rete paske youn klè sou sa yo atann de lòt e tout moun fè sa yo dwe fè.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Anpil fwa, yon ti jès fè yon gwo diferans. Yon apèl, yon mesaj pou fè pwòch ou sonje ke ou panse ak yo. Tout moun gen pw...
04/04/2024

Anpil fwa, yon ti jès fè yon gwo diferans. Yon apèl, yon mesaj pou fè pwòch ou sonje ke ou panse ak yo. Tout moun gen pwoblèm pa yo, tout moun ap viv kriz la yon jan…

Nou tout ap chèche yon pòt sòti, nou tout ap chèche solisyon, men sonje kriz sa p ap rezoud nan yon jou. Pran yon poz, fè yon ti respire, kontakte yon moun, fè li konnen li konte pou ou.

Ou ka transfòme yon jounen fènwa an yon jounen ki gen plis limyè pou yon lòt san w pa menm konnen.

MAX.MOTIVATION
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳


Adresse

Pétionville

Téléphone

+509 47 88 4634

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Max Motivation publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Max Motivation:

Partager

Type