Philadelphie UNIE TV

Philadelphie UNIE TV Philadelphie UNIE TV se yon chanèl espirityèl ki mete aksan sou pawòl Bondye, adorasyon

31/03/2026

BONDYE KONN REPARE MOUN...
Fre Gabe Prophétesse Esmeralda Derisier Oreste

11/01/2026

RENOUVLE LESPRI W POU YON NOUVO SEZON

Yon ti refleksyon sou sa, e m kwè se yon Pawòl Sajès«Pale’m de laj, m’ap pale’w de vizyon. An’n konpare yo pou’n wè sak ...
08/01/2026

Yon ti refleksyon sou sa, e m kwè se yon Pawòl Sajès

«Pale’m de laj, m’ap pale’w de vizyon. An’n konpare yo pou’n wè sak pi fò.»

Se pa tout moun ki granmoun ki gen direksyon, e se pa tout jèn ki san eksperyans. Gen moun ki gen 60 an, men yo toujou pa konn kote yo prale. E gen jèn 25 an ki gen yon vizyon klè, ki ap mache ak objektif, ak lespri Bondye.

Nan sitasyon sa Past.Pierre Richard François fè nou konnen ke laj se senpleman kantite tan ou viv, men vizyon se direksyon ou vle pran ak vi w.

Vizyon, se kapasite pou'w wè pi lwen pase kote w ye kounye a. Se sa ki fè diferans lan. Laj san vizyon se tankou yon machin ki gen gaz, men ki pa gen volan.

Ane a, pito ou chèche vizyon, priye pou wè sa Bondye mete nan lavi w. Paske lè ou gen vizyon, ou pa pèdi tan ap swiv lòt. Ou konn sa w ap chèche, epi ou mache dwat.

Pa kite pèsòn diminye valè w paske ou jèn. Pito ou mete tèt ou sou direksyon BonDye pou w grandi ak fòs, ak misyon.

«Pale’m de laj, m’ap pale’w de vizyon» Past. Pierre Richard François.

*Pataje ak yon moun pou ankouraje l chèche vizyon plis pase validasyon.*

🎶 NOUVO MIZIK ALERT! 🚨Li finalman disponib! 🕊️"Ke pòt syèl la lovri" se yon chan ki sòti nan kè adoratris Nadège Désiré ...
06/01/2026

🎶 NOUVO MIZIK ALERT! 🚨
Li finalman disponib! 🕊️

"Ke pòt syèl la lovri" se yon chan ki sòti nan kè adoratris Nadège Désiré Remolien, yon vwa ki chaje ak lespri ak gras pou leve nanm ou monte pi wo. 🌌🔥

🗓 Disponib depi 9 janvye 2026 a 12:00 PM
📍 Sou YouTube
🎧 Koute l, pataje l, kite l beni ou!

Philadelphie UNIE TV ap kontinye sipòte tout moun k'ap sèvi Bondye ak kè sensè.
Pa rate benediksyon sa!

Adresse

Rue Stenio Vincent
Pétionville

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Philadelphie UNIE TV publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager