16/11/2022
Mwen pat janm gen yon fiksasyon sou Repiblik Dominikèn lè m toujou ap denonse rasis ak antiayisyanis vilgè ki nan peyi sa a. Mwen pat janm gen yon problèm pèsonèl ak Prezidan Abinader jan kèk ti konze ta vle fè kwè l la. Si nou wè mwen te pèsiste sou problèm lan konsa se paske mwen konnen nou t ap rive la a jodi a.
Mwen rankontre Abinader 2 fwa pandan mwen te Chanselye, mwen te wè a klè misye se yon rasis ki pa renmen Ayisyen. Mwen te mande l chanje diskou l sou Ayiti ak Ayisyen, nou tout sonje sa a. Se an Repiblik Dominikèn menm mwen te denonse sa lè m te minis. Anpil nan nou dwe sonje epizòd sa a . Mwen toujou gen kouraj pou m di verite menm lè mwen konnen sa ka gen empak sou karyèm ak sou lavim. Ayiti banm tout bagay deja, pa gen anyen mwen p ap bay pou Ayiti. Pa gen sakrifis mwen p ap fè pou Ayiti.
M ap kontinye batay kont rasis dominiken malgre enkonpreyansyon ak entimidasyon. M ap kontinye batay pou frèm ak sèm rasis dominiken ap maltrete kay vwazen.
Nou mèt kwè m, mwen p ap pran presyon. Se pa desizyon ”Persona non grata” Ki ka fèm pè.
Mwen vle pwofite okazyon sa pou m envite frèm ak sèm k ap fè politik nan peyi a pou mete tèt nou ansanm pou ranje lakay, pou n konstwi yon Ayiti nan dimansyon listwa l, yon mannyè pou konpatriyòt nou yo pa al pral imilyasyon nan lòt peyi.
VIV AYITI, ABA RASIS, ABA ANTIAYISYANIS.
Dr. Claude Joseph