25/11/2024
💥Premye Edisyon, konkou Selibatè e Fyè💃🏻🕺🏻
Selibatè e fyè
Anpil jèn fanm wont di yo Selibatè tout kote yo pase, mwen menm Vanessa Cedoine se avèk anpil fyète m ap rakonte tout kote m pase kijan mwen viv moman Selibatè a epi ki byenfè li fè nan vi m.
2 lane Selibatè san rann kont , pandan mwen konnen m ap konstui yon avni ak mennaj mwen, epi mennaj mwen li menm l ap prepare maryaj ak yon moun ke li te prezante m sou yon lane relasyon nou kòm zanmi l.
Lè tout preparasyon fin fèt pou mennaj mwen ak demwazèl li te di m ki zanmi l lan al marye, madanm ak mouche met tèt yo ansanm yo mete m deyò nan relasyon yo a san bri , san kont.
Aprè 3 mwa kriye, 3 mwa ap bay tèt mwen pote yon chay ke l pa dwe pote , mwen ranmase fòs mwen, mwen di jamè lavi pa m paka pase konsa, bonè pa m pa dwe repoze sou do yon mennaj.
Mwen vin kòmanse ap kontakte zanmi mwen te konn bay distans epòk vi a te woz pou mwen ak mennaj mwen, erezman yo te akeyi m ak de bra nan klèb Selibatè a, nou fè ti soti, ale nan restoran, nan sware akoustik, ale nan piknik epi ale rankontre moun ki nan menm domèn pwofesyonèl ansanm ak mwen ki gentan franchi etap nivo 1 an,poum pataje objektif mwen ak yo, epi mande yo kolaborasyon.
Aprè yon mwa, mwen vin komanse yon lòt avanti avèk yon medya nan kapital la. Mwen vin gen aksè poum chita pale ak divès pèsonalite piblik, ki rive enspirem a lèd de pakou yo, ki aprann mwen goumen plis pou objektif mwen, aprann mwen kwè nan tèt mwen plis ,aprann aksepte tout sa ki rivem sou chimenm epi konnen kijan pou m sèvi ak yo pou reyisit mwen.
Aprè 4 mwa map pratike tout konsèy yo, mwen sezi wè kijan mwen te chaje potansyèl, kijan te gen moun ki tap veye lè m fè yon pa epi pou yo depoze pye yo. Mwen vin remake kijan mwen te enpotan nan je anpil moun. Mwen vin pi atantif ak moun ki nan antouraj mwen, wi pafwa kò a konn mande m plezi seksyèl men mwen gen ase okipasyon pou m menm rive fè kò a bliye si li te mande m yon kichòy.
Chak jou mwen wè nan vi m, mwen gen yon sèl refren, lavi m depan de mwen, mwen sipoze renmen tèt mwen avan tout lòt moun, mwen sipoze travay pou m abouti ak rèv mwen epi si m met yon mennaj nan lavi m ki pral anpeche m reyalize rèv mwen yo, mwen sipoze rete Selibatè e fyè.
💥Like,Comment,Share✅✅