Port-margot news

Port-margot news Nous sommes une plateforme multimédia qui met en avant toutes les valeurs diverses de la commune de Port-Margot et de son territoire.

13/05/2026

23 Me sa nan Pòmago manman pitit mare senti 🔥 1250 goud nan piblik 2500 nan VIP

📍Nan Collège Saint Joseph

13/05/2026

📢 YON LÒT IMAJ POU PÒMAGO DEVAN LEMONN 🇭🇹⚽

Paj Port-margot news ap fè yon apèl ak tout bon sitwayen konsekan pou pote kole ak ekip Espoir Football Academy (EFA) a. FC Espoir

Twò souvan, lè yo pale de komin nou an, se sèlman move nouvèl ak bagay negatif ki fè plis bri. Men Pòmago gen anpil lòt bèl bagay ladan l : talan, jenès ki gen rèv, ak jèn k ap batay chak jou pou chanje avni yo atravè espò.

Jodi a, nou gen chans pou nou montre yon lòt figi Pòmago devan je lemond. Lè nou ede EFA, se pa sèlman yon ekip foutbòl nou soutni, men se avni plizyè jèn nou ap ede konstwi.

Nenpòt kontribisyon kapab fè diferans : materyèl espòtif, sipò finansye, manje, dlo oubyen nenpòt lòt èd ki kapab ede timoun sa yo kontinye avanse. Telefòn yo : +509 4311-3137

Ann mete tèt ansanm pou fè non Pòmago sonnen nan reyalizasyon, nan devlopman ak nan siksè jenès li yo. ⚽🔥

Pòmago merite briye pou bon bagay tou.

Port-margot news

12/05/2026

Chante kantik sa ansanm 🙏🏾🫶

12/05/2026

Pandan nou t ap patisipe nan fèt mwason nan legliz Batis Berée, nou te kwaze ak yon granmoun yo rele Pripri ki t ap prepare poul pote kontribisyon pa li tou.

Malgre kondisyon lavi a pa fasil pou li e li pa gen anpil mwayen, sa pa anpeche l montre bon kè, lanmou ak lespri pataj. Jès sa montre vrè valè solidarite ak sakrifis nan kominote a. 🙏🏾❤️

31 Mai pou fèt Manman yo Designer Night Club bay tout moun randevou nan MOTHER'S DAY COLOR
12/05/2026

31 Mai pou fèt Manman yo Designer Night Club bay tout moun randevou nan MOTHER'S DAY COLOR

⚽🇭🇹 BALONLOKAL | PREZANTASYON JWÈ A Kenson Jean Baptiste, ke plis moun konnen sou non “Thiago Langèt”, se yon defansè sa...
11/05/2026

⚽🇭🇹 BALONLOKAL | PREZANTASYON JWÈ A

Kenson Jean Baptiste, ke plis moun konnen sou non “Thiago Langèt”, se yon defansè santral ki soti nan vil Cap-Haïtien. Yon jwè ki gen karaktè, lidèchip ak anpil grinta sou teren an.

Li fòme nan ekip Cœur de Lion du Cap lan, Thiago te kòmanse fè non li gras ak disiplin li ak kapasite li genyen pou li dirije yon defans avèk otorite.

Nan karyè li, li te evolye nan 3èm divizyon ak ekip Gran Rivyè a, avan li vin make pasaj li ak L'Union FC Marekaj Pòmago kote li te pote braslè kapitèn ekip sa AK anpil fyète.

Avèk L’Union, li rive jwe 2 gwo final (chanpyona Tèt Ansanm finalis) (Coupe One Love finalis), pandan li te fè plizyè gwo pèfòmans ki fè anpil moun rekonèt valè li kòm yon vrè gèrye sou teren an.Yon defansè ki pa pè duel, ki toujou bay tout li menm sou teren an pou koulè ekip li.

📍Jodi a, BalonLokal ap mete pwojektè sou Thiago Langèt

Port-margot news

🏆⚽🇭🇹Se ofisyèl! Woodensky Pierre, entènasyonal ayisyen an k ap defann koulè Violette AC, ranpòte tit pi bon jwè seri klo...
11/05/2026

🏆⚽🇭🇹

Se ofisyèl! Woodensky Pierre, entènasyonal ayisyen an k ap defann koulè Violette AC, ranpòte tit pi bon jwè seri kloti chanpyona D1 Paryaj Lakay la.

Milye teren an te briye pandan tout sezon an ak pèfòmans ki te make lespri anpil obsèvatè foutbòl ayisyen an. Entèlijans li nan jwèt la, kapasite li pou kontwole ritm match yo ansanm ak enpòtans li nan sistèm Violette AC la fè li tounen youn nan pi gwo atiran chanpyona a sezon sa.

Prim sa vini kòm rekonpans pou regilarite, detèminasyon ak gwo enpak li te genyen nan parcours ekip bleu et blanc la, ki rive fini sezon an sou yon nòt ekstraòdinè.

Port-margot news

🏆⚽ BACK TO BACK !Violette AC fini ak BALTIMORE SC nan Pak Sent Terèz la kote yo maltrete 4X4 lan sou gwo nòt 4-0 nan gra...
11/05/2026

🏆⚽ BACK TO BACK !

Violette AC fini ak BALTIMORE SC nan Pak Sent Terèz la kote yo maltrete 4X4 lan sou gwo nòt 4-0 nan gran final seri retou a.

Apre yo te deja pran avantaj nan premye faz la, ekip ble ak blan an konfime dominasyon li pou fini chanpyon youn kole ak lòt nan seri ale ak kloti chanpyona D1 Paryaj Lakay la. 🔥🏆

Yon pèfòmans ekstraòdinè ki make sezon an e ki montre Violette AC toujou rete youn nan pi gwo fòs foutbòl ayisyen an. 💪🇭🇹

Port-margot news

10/05/2026

5e Section Bas-Quartier ❤️🤗
Chouchoubay 🥰
Gad maryann 💚
Cité Bernard 💖

Ce dimanche 10 mai, au cœur de Chouchoubay, l’église Baptiste Bérée a célébré avec foi et reconnaissance sa 5e fête de m...
10/05/2026

Ce dimanche 10 mai, au cœur de Chouchoubay, l’église Baptiste Bérée a célébré avec foi et reconnaissance sa 5e fête de moisson. Cette grande rencontre spirituelle a rassemblé fidèles, invités et serviteurs de Dieu autour d’un moment de louange, d’adoration et d’actions de grâce pour les bénédictions reçues tout au long de l’année. 🙏⛪️

À travers chants, prières, prédications et offrandes de récolte, cette célébration a rappelé l’importance de la fidélité de Dieu et de la reconnaissance envers Celui qui pourvoit à tous les besoins. Cette 5e édition restera un témoignage vivant de l’unité, de la foi et de l’engagement de la communauté chrétienne de Chouchoubay. ✨

Port-margot news

10/05/2026

Église Baptise Berée Chouchoubay, Port-Margot 🫶✝️⛪️

Adresse

Port Margot

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Port-margot news publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager