Jèn Enfliyan Kafou

  • Home
  • Jèn Enfliyan Kafou

Jèn Enfliyan Kafou Jèn Enfliyan Kafou, JEK, se yon mouvman ki gen pou objektif Vann pozitivman Jèn nan Komin Kafou ki

📚 Découvrez "Géo et les Sciences Naturelles" ! 🌍🔬Plongez dans l'univers fascinant de la géographie et des sciences natur...
16/06/2024

📚 Découvrez "Géo et les Sciences Naturelles" ! 🌍🔬
Plongez dans l'univers fascinant de la géographie et des sciences naturelles avec "Geo et les Sciences Natures". Ce livre est une porte ouverte sur la compréhension de notre planète et des merveilles de la nature.

✨ Pourquoi l'acheter ?

Éducatif : Idéal pour tous les âges, il enrichit vos connaissances.
Illustrations superbes : Des images captivantes pour chaque sujet.
Facile à comprendre : Contenu clair et accessible.
Ne manquez pas cette chance d'élargir vos horizons ! Achetez-le maintenant et embarquez pour une aventure éducative inoubliable ! 🌟
Geosciences Schneider Munder

Bizaman, pandan 5 dènye Ane yo laKafou pèdi yonn nan gwo kapital moun(Jèn yo), prensipalman jèn entèlektyèl ak pwofesyón...
02/04/2024

Bizaman, pandan 5 dènye Ane yo la
Kafou pèdi yonn nan gwo kapital moun(Jèn yo), prensipalman jèn entèlektyèl ak pwofesyónèl.
Anpil nan yo fòse ekzile, pati lwen e petèt pou yo pa ta janm Retounen ankò.

NAN 5 ANE KAP VINI YO
KI ENPAK SA KAPAB GENYEN SOU DEVLOPMAN DIRAB KOMINOTE A..?

An pale nan kòmantè a ……
Rudjeri Justin OpontJonas BeauvoirTessier JUnior KhykieDéborah ToussaintMarshall Jesse GoreMax Onel Louis-JeanStevenson Dominique Sonlove FavaroAgwe Tawoyo Dokan

02/04/2024

Eske wap tann retou JÈN ENFLIYAN KFOU ?

Send a message to learn more

*FEMME INDÉPENDANTE vol 3*🇭🇹🫂💙💛🤍💚🫂🇭🇹« Aucun destin biologique, psychique, économique ne définit la figure que revêt au s...
17/10/2022

*FEMME INDÉPENDANTE vol 3*
🇭🇹🫂💙💛🤍💚🫂🇭🇹

« Aucun destin biologique, psychique, économique ne définit la figure que revêt au sein de la société la femelle humaine... » *Simone de Beauvoir*

Être femme, c’est quoi ? Quand et comment le devient-on ? Est-ce normal qu'une femme ait du pouvoir ? De l'autorité ? Qu'est-ce que donc le pouvoir ?

A travers l’histoire, sur plusieurs périodes, nous avons assisté à la lutte acharnée de la femme contre un système méchant bien huilé. Elles étaient en quête de liberté et d'autonomie.

Malgré les résultats positifs monstres de cette lutte et l'évolution multidimensionnelle de la société, les inégalités perdurent encore et ceci à différents niveaux. Ce sexe dit faible doit donc continuer à lutter pour s'affirmer et réclamer sa place sur l'échiquier social.

De ce fait, se voulant un pourvoyeur à l’émergence d'une nouvelle génération de leaders universels et responsables, LEAD-Academy vous invite à le rejoindre à la troisième édition de cette formation conçue sur mesure, axée sur le leadership féminin, qui se déroulera du 28 au 30 décembre 2022, au Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne.

🎯 *Objectif Gen.*: Renforcer les compétences conceptuelles, psychologiques et techniques des jeunes Femmes de la communauté afin qu'elles puissent mieux se positionner sur l’échiquier social et s'imposer entant que leadeuses.

👉🏾 *Réservation*: $ 200 HT
👉🏾 *Participation*: $ 300 HT (dâte butoir: 20 Décembre)

📍 *Lieu*: Thor 12, Carrefour (HAITI)

⏰ *Heure*: 9h Am - 2h Pm

🤲🏾 *Avantages*: Documents, certificat, collation, buffet, photos professionnelles, surprises, accompagnement à travers notre communauté…

*NB* : _LA FORMATION SERA AUSSI DIFFUSÉE SUR GOOGLE MEET AFIN DE PERMETTRE À TOUS CEUX ET CELLES QUI SONT À DISTANCE D'Y PRENDRE PART_.

🔗 *Lien de RSV*:
https://bit.ly/3ThcB0C

📲 *Contact*:
https://bit.ly/3CPEPKB
_+509 4749-5132_

10/09/2022
25/06/2022



𝙅𝙪𝙡𝙞𝙤 𝙅𝙪𝙡𝙚𝙨, 𝙮𝙤𝙣 𝙢𝙤𝙙è𝙡 𝙋è𝙨𝙚𝙫𝙚𝙧𝙖𝙣𝙨 𝙖𝙠 𝙆𝙤𝙪𝙧𝙖𝙟.Dènye tan sa yo pa bò isit ou ta gen lenpresyon moun pa ta vle bay moun bour...
05/06/2022

𝙅𝙪𝙡𝙞𝙤 𝙅𝙪𝙡𝙚𝙨, 𝙮𝙤𝙣 𝙢𝙤𝙙è𝙡 𝙋è𝙨𝙚𝙫𝙚𝙧𝙖𝙣𝙨 𝙖𝙠 𝙆𝙤𝙪𝙧𝙖𝙟.

Dènye tan sa yo pa bò isit ou ta gen lenpresyon moun pa ta vle bay moun bourad nan anyen ankò, dayè nou menm gen pawòl pou kore lide sa yo piske nou kwè "chak koukouy dwe klere pou je yo" paske "zafè kabrit pa zafè mouton." Men, malgre sa gen kèk grenn moun ki demake yo de lide sa yo, gen moun ki fè ede moun, bay moun bourad nan fason pa yo tounen yon pasyon.
Julio Jules, yon Jèn Mànken nan Komin Kafou se youn pami kèk Moun ki nan dènye kategori sa nou pran plezi nomine Jèn Enfliyan Kafou mwa Me 2022 a.

Julio fèt yon 16 novanm nan Komin kafou, se l al grandi epi ap viv nan yon katye ki rele Akachon.
Anpil moun plis konnen Julio kòm Mànken ak Kotch, dayè se youn nan prensipal aktivite pwofesyónèl li.
Nan domèn sila, li akonpànye yon latriye Jèn fanm ak gason nan defile mòd ak nan preparasyon Mis pou konkou.
Aktyèlman, Julio se Ko-fondatè epi Manm "Miss Carrefour", yon aktivite ki gen pou youn nan objektif li ki se pèmèt Jenn fanm nan Komin nan ekspoze don ak talan yo gen lakay yo.

Atravè ansanm sa Julio rive reyalize, kit se endividyèl osnon kolektif, li kwè yo ka sèvi lot jèn ki ta ap suiv li yo kòm ekzanp pèseverans ak kouraj. Paske pou li, se konstans li rive kenbe nan pil ak pakèk risk li rive pran yo ki fè l kapab Moun li di l ye jodi a.

Se sa k fè l fini pou l ankouraje Jèn yo pou yo pa abandóne men pito pou yo goumen epi mande lavi a sa yo menm yo merite.

Tèks: Jèn Enfliyan Kafou.

Felisitasyon
23/05/2022

Felisitasyon

Aucune victoire ne s'obtient sans Bataille, ni difficultés. Il faut batailler avec hargne pour s'en sortir vainqueur, afin de savourer les délices de ses efforts. Ce samedi 21 Mai 2022 Miss Carrefour a couronner sa toute première Ambassadrice, sa toute première preuve de travail acharné et de principes continues.
Mesdames et Messieurs Neida Pierre la toute première Miss Carrefour.🥰🥰🥰

📸:

𝙍𝙤𝙤𝙗𝙚𝙣𝙨 𝙄𝙎𝙈𝘼,𝙮𝙤𝙣𝙣 𝙥𝙖𝙢𝙞 𝙟è𝙣 𝙠𝙞 𝙠𝙬è 𝙥𝙖𝙨𝙞𝙫𝙞𝙩𝙚 𝙥𝙖 𝙥𝙤𝙩𝙚 𝙨𝙤𝙡𝙞𝙨𝙮𝙤𝙣 𝙖𝙠 𝙥𝙬𝙤𝙗𝙡è𝙢Angajman pa sèlman yon mo, li toujou mache ak aksy...
01/05/2022

𝙍𝙤𝙤𝙗𝙚𝙣𝙨 𝙄𝙎𝙈𝘼,𝙮𝙤𝙣𝙣 𝙥𝙖𝙢𝙞 𝙟è𝙣 𝙠𝙞 𝙠𝙬è 𝙥𝙖𝙨𝙞𝙫𝙞𝙩𝙚 𝙥𝙖 𝙥𝙤𝙩𝙚 𝙨𝙤𝙡𝙞𝙨𝙮𝙤𝙣 𝙖𝙠 𝙥𝙬𝙤𝙗𝙡è𝙢

Angajman pa sèlman yon mo, li toujou mache ak aksyon. Se sou dwèt pa bò isit pou n konte Jèn k ap pran inisyativ, mete pasivite ak dezespwa sou kote pou sèvi kominote yo.Pou mwa Avril la, JEK (Jèn Enfliyan Kafou) te gen chans kontre ak jèn sa ki rele Roobens ISMA e prezante l kòm Jèn ki enpakte kominote kafouwaz pou mwa sila.

Roobens ISMA fèt yon 27 novanm 1999 nan komin Kafou.Li rete Mariani. Li ta pral kòmanse etid siperyè li nan lane 2018. Yon jèn ki te enterese ak kominikasyon ak bay sèvis li sitou nan lokalite l leve a. Isma se etidyan an kominikasyon sosyal Fakilte Syans Moun nan Inivèsite Leta Ayisyen an.

Konsta l fè nan sosyete a chita sou abi seksyèl moun ap sibi e sitou pou fanm. Sa ta pral pouse l ansanm ak yon gwoup jèn ki te pataje menm lide ak li mete sou pye yon estrikti ki pote non"Vision Innovatrice pour le Progrès(V.I.P). Yon regwoupman ki espesyalize nan ankadre jèn fanm kou gason epi fè pwomosyon pou ledikasyon ak lakilti. Isma reyalize plizyè seri konferans ki baze sou jan an patikilye vyolans seksyèl.

Riske nan vi a se yon abitid kotidyen paske si w bezwen genyen ou oblije fè gwo miz, selon ide kamarad Isma.Lavi a mete de(2) chwa devan yon jèn k ap afwonte kotidyen an : chwa pou riske osnon abandone. Apranti kominikatè a te konfime pou JEK,dènye opsyon an p ap janm nan plan l. Manb"Organisation Chrétienne Eau Esprit et Vie(OCEEV) ak prezidan V.I.P an toujou panse depi w se jèn ou kapab. Sa l ap pataje ak jèn parèy li yo nan konferans sou divès kalte sijè pa twò depaman de reyalite ekonomik ak sosyal li.Kidonk Konpreyansyon l de jenès la sèvi l bousòl pou l Kontinye aji pou l kapab ede yo.

An kalite hmiste,nan sousi pou l envante meyè li menm nan, li kwè avni an se chak moun ki dwe prepare l atravè aksyon y ap poze san konte degre angajman yo mete nan balans reyisit la. Li pa chwazi viv tankou yon senp endividi k ap viv pou tèt li ak fanmi l, men l kwè l kapab itil nan kominote l antanke sitwayen. Rete nan pasivite n,peyi a ap fin degrade,soti grif sitwayen n nan poze bon jan aksyon sivik, sa kapab yon eleman pou kreye yon demen miyò. Lesansyèl se chwazi pami moun k ap aji yo.

"Nan eksperyans m fè m poko janm wè kote pasivite ak dezespwa pote solisyon ak pwoblèm, se toujou aksyon ki detèmine finalite ak limit pwoblèm lan.Kidonk ann angaje n, kwè nan avansman epi mete men nan pat la pou n reyalize rèv Ayiti nou swete a", se te konsèy ak apèl an aksyon jèn etidyan Roobens ISMA te kite pou jenès la.

Pierre Henry CADET

𝗔𝗻𝗶𝗰𝗶𝗹𝗲 𝗠𝗮î𝘁𝗿𝗲, 𝘆𝗼𝗻 𝗮𝗸𝘁𝗶𝘃𝗶𝘀 𝗮𝗸 𝗱𝗼𝘂𝗯 𝗰𝗵𝗮𝗽𝗼Kontrèman ak jan sa te ye pandan kèk àne k pase yo, enplikasyon fanm yo nan div...
02/04/2022

𝗔𝗻𝗶𝗰𝗶𝗹𝗲 𝗠𝗮î𝘁𝗿𝗲, 𝘆𝗼𝗻 𝗮𝗸𝘁𝗶𝘃𝗶𝘀 𝗮𝗸 𝗱𝗼𝘂𝗯 𝗰𝗵𝗮𝗽𝗼

Kontrèman ak jan sa te ye pandan kèk àne k pase yo, enplikasyon fanm yo nan divès domèn aktivite pa bò isit, sitou, kòmanse pi vizib. Anpil Jefò pa sispann fèt pou montre gen nesesite pou n konstwi yon sosyete pi djanm san n pa blije mete yon kategori moun sou kote, fanm yo an patikilye. Sa k pral fè depi kèk bon bout tan anpil fanm kòmanse e menm kontinye sòti tèt yo toujou an granmoun, pou montre divès kalte bon bagay yo genyen lakay yo. Anicile Maître ki se yon Jounalis/Enfimyè se youn pami latriye fanm sa yo ki chwazi distenge yo valableman, nou deside prezante kòm Jèn Enfliyan Kafou mwa Mas 2022 a .

Anicile fèt yon 31 desanm, l ap viv nan yon katye nan komin Kafou ki rele bèten. Kèk ane aprè etid klasik li an 2011, l te deside kòmanse karyè pwofesyónèl li. Aktyèlman, li se Jounalis epi Enfimyè.
Anicile pa rete endiferan nan kominote l ap viv la, Pèsónèl medikal la fè n konnen anplis li patisipe nan divès fòmasyon pou moun, l pa sispann bay popilasyon an sèvis sitou nan lopital matènite kafou a.
Sepandan, ekzèse metye l yo jan sa ta sipoze fèt pa toujou fasil pou li, sa k souvan mennen l fè fas sitou ak anpil risk men Jounalis la ret kwè risk sa yo sèvi l kòm boustè pou l ale pi lwen toujou paske sa yo fè pati vi a.

Menm jan ak tout Moun, li rekónèt li pa pafè, men l kwè piti kou l ye jèn yo, sitou Jèn fanm yo, ta ka suiv li kòm modèl sitou si sa ap pèmèt yo pike pou devan.

Se pou sa, l konseye jèn yo malgre sitiyasyon malouk peyi a ap konnen dènye tan sa yo, pou yo kenbe yon moral ki wo, pa dekouraje, pandan yo p ap sispann poze aksyon pozitiv nan anviwónman y ap evolye a. Epi kòm kretyèn, li envite yo fikse zye yo sou Bondye pandan l ap rete kwè "peyi a dwe chanje e se avèk nou pou sa fèt."

Tèks: Jèn Enfliyan Kafou.

Ou se yon etidyan, ou tap renmen benefisye yon fòmasyon antreprenarya, an patikilye sou rechèch, lansman ak devlopman yo...
25/03/2022

Ou se yon etidyan, ou tap renmen benefisye yon fòmasyon antreprenarya, an patikilye sou rechèch, lansman ak devlopman yon pwojè antrepriz.

Aplike nan lyen sa pou kapab gen chans seleksyone pami you nan gwoup 50 ETIDYAN nap seleksyon pa KOMIN yo : https://forms.gle/MV8uX3YaBqACRQE2A

Avantaj : SÈTIFIKA + YON MWA AKONPANYEMAN
————————
ANN KREYE

Mèsi anpil pou sipò ak enterè nou eksprime nan inisyativ sila.Pou yon lòt Komin Kafou, pou yon lòt Peyi, pou yon lòt kal...
16/03/2022

Mèsi anpil pou sipò ak enterè nou eksprime nan inisyativ sila.

Pou yon lòt Komin Kafou, pou yon lòt Peyi, pou yon lòt kalte Jenès, travay la ap kontinye toujou.

Konkou Jeni Entè-Eskolè se youn nan aktivite ki toujou montre kalte bon grenn tèt ki genyen nan Komin Kafou sitou. A tra...
16/03/2022

Konkou Jeni Entè-Eskolè se youn nan aktivite ki toujou montre kalte bon grenn tèt ki genyen nan Komin Kafou sitou. A travè plizyè edisyon divès òganis rive reyalize n ka rive wè sa.

Collège Mixte Eddy Pascal
Collège Catherine Flon
Centre d'Etudes Lumière de côte plage
Juvénat Collège Sacré Coeur
Lycée Louis Joseph Janvier

Se kèk pami yon latriye lekòl ki toujou fè bèl figi nan aktivite paraskolè sa.

Kiyès k ap chanpyon nouvèl edisyon sa???? N pral suiv......

Jèn Enfliyan Kafou Sipòte l
13/03/2022

Jèn Enfliyan Kafou Sipòte l

*Mackendy Dort, Yon Jenn gason Ekstrawòdinè ki p ap dòmi.*Pa bò isit, nou rive konstwi anpil diskou ki pou fè n kwè baga...
02/03/2022

*Mackendy Dort, Yon Jenn gason Ekstrawòdinè ki p ap dòmi.*

Pa bò isit, nou rive konstwi anpil diskou ki pou fè n kwè bagay moun, bagay k ap pase ozalantou nou ki konsène moun pa ta dwe regade nou. Si pou anpil moun, "zafè kabrit pa zafè mouton", sa k fè "chak koukouy dwe klere pou je yo", pou yon seri lòt, lespri patisipatif, kolaboratif la ki dakò "yon sèl dwèt pa manje kalalou", paske "men anpil chay pa lou" a dwe grandi nan nou chak jou Bondye mete paske l ka rive yon jou depi "nen pran kou, je ap kouri dlo" kanmenm.
Nan dènye kategori sa, nou tonbe sou yon jenn gason enfliyan nan komin Kafou, ki rele Mackendy Dort, nou gen lonè prezante kòm Jèn Enfliyan Kafou mwa Fevriye 2022 a.

Mackendy fèt yon 14 jiyè e l ap viv nan yon katye nan komin Kafou ki rele Twitye.
Nan làne 2017, li kòmanse etid pwofesyónèl li nan Syans Kontab nan PAODES inivèsite.
Jèn kontab la pa t chwazi rete fokis sèlman sou etid li pou l konstui moun li vle ye a, yon moun ki dwe itil kominote l. Sa k pral fè li mete sou pye "Massives of Capacities Promotion (MC Promo)", yon jèn enstitisyon, ki daprè li menm, ap travay pou chanje kondisyon lavi moun epi kontribye nan kreye richès. Pou atenn objektif sila yo, li rive tabli kat pilye fondamantal ki se: devlopman pèsónèl, finans pèsónèl, lidèchip ak antreprenarya. Paske li kwè ak yon pi bon fòmasyon sou domèn sa yo, sitou finans pèsónèl, jenn yo ap rive gen yon libète finansyè.

Pi lwen toujou, jèn imanis la mete kanpe ak lòt jèn parèy li yon mouvman sosyal li rele "EDE M SOURI". Mouvman si la bay tèt li objektif pou pote moso lajwa, lespwa ak anvi viv bay timoun ki vilnerab nan komin kafou. Atravè mouvman sa, yo rive kolekte lajan ak materyèl timoun ki swa nan òfelina osnon nan sant dakèy ap gen bezwen pou viv plizoumwen tankou moun dwe viv.

Menm jan ak anpil moun ki rive fè siksè nan yon domèn kèlkonk, Mackendy rekonèt risk la se yon etap li ye nan chimen reyisit la, e se atitid ou rive devlope nan pwosesis risk la k ap fè konnen eske w ap reyisi ou non.

Responsab depatman kiltirèl ak sosyal KOZE JÈN YO rekonèt efektivman l te mete nan Ttèt li se Leta ki dwe fè yon bagay pou li. Men byen vit, l pral rive konprann "moun ekstrawòdinè pa tann moun fè pou yo men yo yo fè pou moun", sa ki pral fè l kòmanse kreye pwòp opòtinite l.
Nan sans sa, Mackendy ki se tou, manm "Collectif Haïtien d'aide et appui pour l'Émancipation Sociale (CHAAPES) ak manl CEEH, pa janm sispann motive jèn parèy li paske l vle enfliyanse yo fè sa k bon pou yo ka kontinye pran bon desizyon pou vi yo.

Paske menm jan ak anpil lòt, li kwè Jèn yo se avni a, yo sipoze enplike yo nan chanjman peyi a pou yon demen sèten e yo pa sipoze kite anyen ni pèsonn mete yo deyò ou byen anpeche yo patisipe nan konstwi demen sa.

Tèks: Jèn Enfliyan Kafou

𝗝𝗼𝗻𝗮𝘀 𝗕𝗲𝗮𝘂𝘃𝗼𝗶𝗿 𝗮𝗸 𝗦𝘆𝗮𝗻𝘀 𝗘𝗻𝗳𝗶𝗺𝘆è, 𝘆𝗼𝗻 𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮 𝗟𝗮𝗻𝗺𝗼𝘂 𝗦𝗮𝗻 𝗽𝗮𝗿è𝘆.Nan sosyete pa nou sitou, li pa t toujou fasil pou yon moun,...
01/02/2022

𝗝𝗼𝗻𝗮𝘀 𝗕𝗲𝗮𝘂𝘃𝗼𝗶𝗿 𝗮𝗸 𝗦𝘆𝗮𝗻𝘀 𝗘𝗻𝗳𝗶𝗺𝘆è, 𝘆𝗼𝗻 𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮 𝗟𝗮𝗻𝗺𝗼𝘂 𝗦𝗮𝗻 𝗽𝗮𝗿è𝘆.

Nan sosyete pa nou sitou, li pa t toujou fasil pou yon moun, yon gwoup moun rive dakò devye kèk modèl konstriksyon sosyal li leve jwenn. Lè sa yo rive fèt, yo souvan kalifye moun sa osnon gwoup moun sa yo de Devyan. Men, se yon seri kalifikasyon ki pa toujou chita sou okenn baz lojik.
Tankou, nan tèt anpil moun pa bò isit, gen metye se metye fanm gen lòt se metye gason genyen tou, tou de kapab fè. Pami metye sa yo, anpil moun jiskaprezan poko kwè yon gason kapab Enfimye. Sepandan, li rive gen anpil gason pa bò isit ki dakò pran kouraj yo ak de men pou afwonte modèl panse sa e menm rive enpakte kominote yo pozitivman nan ekzèsis pwofesyon Nòb sa. Nan mitan tout Enfimye sa yo, nou kontan prezante nou Jonas BEAUVOIR, yon Jèn Enfimye Enfliyan nan komin Kafou.

Jonas fèt yon 10 Novanm nan yon katye ki rele ti sous nan komin Kafou. Se nan lokalite sa tou l grandi. Li fè tout etid klasik li nan Lise Lwi Jozèf Janvye ki gen pou ti non jwèt Lise kafou.
De(2) làne aprè l met yon bout ak etid klasik li, li entegre "École Nationale d'infirmières de Port-au-Prince (ENIP)" nan làne 2016, la tou l kòmanse ak karyè pwofesyónèl li.

Anplis karyè pwofesyónèl li, Jonas Beauvoir enplike l nan divès aktivite sosyal ak edikatif. Jèn Enfimye a se Direktè Maketin ADOC(Académie de Développement Orienté et Continu) yon espas ki la pou akonpànye jèn ekolye yo an patikilye nan koze kominikasyon, teknoloji ak antreprenarya; Jonas se Direktè an apre depatman lojistik INTACS(Infirmiers-ères Travaillant pour l'Amélioration des Conditions Sanitaires), pi lwen nou jwenn Jonas kòm Vis Kòdonatè Nightingale Prefak, yon espas mizanivo ki la pou bay tout Jèn moun ki swete entegre ENIP bourad, e pou àne sa kòm dènye rezilta mizanivo sa, 10 sou 14 postilan yo t ap akonpànye yo rive entegre ENIP. Nou bat bravo lakontantman pou sa.

Pou Jonas, pran risk se zafè pa l, se sa k fè l kwè "si w pa riske Jodi , w ap regrèt demen". E kèk nan gwo risk li rive pran se: kreye pwòp antrepriz li ki rele "J&j's création", yon antrepriz ki la pou koud rad epi fè enpresyon sou mayo ak Tas. Yon lot bò, Nan yon kontèks kote nan majorite bis, pasajè yo souvan rankontre ajan Maketin k ap ponpe yo medikaman tribòbabò, Jonas te konn itilize menm espas sa pou sansibilize moun sou fason yo dwe byen jere sante yo.

Tout sa yo fè Jèn Enfimye a kwè, angajman l nan syans Enfimyè ak enplikasyon l nan divès aktivite sa yo ak lòt ankò li antreprann kapab enspire lòt moun k ap suiv li swa pou yo vin etidye Syans Enfimyè oubyen fasilite yo pran inisyativ k ap ede kominote yo ale devan.

Jonas Beauvoir fini pou l ankouraje Jèn yo, sitou sila ki dekouraje yo pou yo mete plis entèlijans deyò toujou, pou yo aprann kolabore youn ak lòt nan lanmou ak tèt ansanm pandan y ap kontinye kwè nan fòmasyon, nan travay, nan suiv bon jan ekzanp k ap pèmèt yo tabli yon konfyans nan tèt yo e rive akonpli ansanm pwojè yo ta genyen yo.

Tèks: Jèn Enfliyan Kafou

La Finale
14/12/2021

La Finale

Address


Telephone

+50948755478

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Jèn Enfliyan Kafou posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Jèn Enfliyan Kafou:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share