FEDNY INFO PLUS

FEDNY INFO PLUS FEDNY INFO PLUS C'est un Média enligne..!! Dans le domaine de l'information,c'est nous.

Plis pase 20 moun pèdi lavi yo, pami yo plizyè timoun, e gen anviwon 10 lòt moun ke yo toujou poko jwenn aprè gwo inonda...
30/10/2025

Plis pase 20 moun pèdi lavi yo, pami yo plizyè timoun, e gen anviwon 10 lòt moun ke yo toujou poko jwenn aprè gwo inondasyon ki frape zòn Petit-Goâve, nan depatman Lwès Ayiti.

Selon Ajans Pwoteksyon Sivil la, se Rivyè La Digue ki lakoz trajedi sa a, pandan move tan ki asosye ak t ap frape rejyon sid peyi a.

Daprè enfòmasyon preliminè yo, dlo a te monte byen vit nan lannwit, epi te pote kay, bèt, e menm machin nan kèk katye popilè tankou Ti Gwavè, Chabanne, ak Delatte.

Anpil fanmi pèdi tout sa yo te genyen, pandan sèvis sekou yo ap eseye jwenn moun ki disparèt yo anba debri ak nan ravin yo.

Elèv sa rele Dawoudson Hilaire li rete limonad li lekol nan institution Adventiste limonade la, li te ale lekol lundi ki...
22/10/2025

Elèv sa rele Dawoudson Hilaire li rete limonad li lekol nan institution Adventiste limonade la, li te ale lekol lundi ki te 20 octobre la jis kounya li poko antre lakay li, si yon moun ta wèl oubyen si Nou te wèl pase yon kote kontakte numéro sa yo pou Nou silvouplè 38659737 / 43314568 / 32128636 / 41621129

Ministè lajistis ak sekirite piblik Transfere Komisè Guiverna Guillaume  Ki te nan tèt pakè Gonayiv, se Renable Destina ...
22/10/2025

Ministè lajistis ak sekirite piblik Transfere Komisè Guiverna Guillaume Ki te nan tèt pakè Gonayiv, se Renable Destina ki ranplasel pou yon ti bout tan, Guiverna transfere nan pakè Okap Kòm Sibtiti Komisè, Nou ap raple militan nan Raboto te akize li kòm moun ki konplis nan lanmò Tiwil.
Radio télé mobile

Tigwa: yon sitwayen yo rele Gilbert Jean Jacques, yo konn tou sou non Boniface, resevwa yon bal nan vant mèkredi 8 oktòb...
09/10/2025

Tigwa: yon sitwayen yo rele Gilbert Jean Jacques, yo konn tou sou non Boniface, resevwa yon bal nan vant mèkredi 8 oktòb 2025 lan nan aswè, pandan li te sou bato kote li travay . Yo te kouri ak Viktim nan lopital Notre-Dame Tigwav, kote li ta pral rann dènye soupi li anba blesi a.

Dapre temwayaj ki te sou plas bal la ta soti nan zam yon polisye ki te sou bato a tou. Yon pwòch viktim nan fè konnen Boniface ta resevwa bal la pandan polisye a t ap netwaye zam li.

Boniface, ki se moun Tigwav te rete nan Ri du Port, pou kounya kò li nan mòg lopital la.

Pandan gouvènman ansanm ak plizyè manb   a andedan palè nasyonal, anpil kout bal ap tire ant FADH, LAPOLIS ak BANDl   yo...
09/10/2025

Pandan gouvènman ansanm ak plizyè manb a andedan palè nasyonal, anpil kout bal ap tire ant FADH, LAPOLIS ak BANDl yo. Se yon sitiyasyon ki vrèman konplike sou channmas la, nan perimèt palè nasyonal Jodi Jedi 09 Oktòb 2025 lan, nan kè pòtoprens .

Tripotay Lakay

Tande koze,🤭 Parquet  Croix-des-Bouquets Sòti Yon nòt pou di yo pap travay Demen 7 Oktòb 2025 lan, nan okazyon Fèt Notre...
07/10/2025

Tande koze,🤭 Parquet Croix-des-Bouquets Sòti Yon nòt pou di yo pap travay Demen 7 Oktòb 2025 lan, nan okazyon Fèt Notre-Dame du Rosaire. Li nòt la Pou plis detay 😂👇👇👇👇

Ti gason saa nap gade laa rele Dieusson Descollines , li kite lakay paran l Bèlans nan Ri Belè , li ateri jis Lewogàn. Y...
07/10/2025

Ti gason saa nap gade laa rele Dieusson Descollines , li kite lakay paran l Bèlans nan Ri Belè , li ateri jis Lewogàn. Yon sitwayen li te rankontre te pote l asistans, mande paran l pou antre ak kontak ak li nan 46024516 .

Jodi lendi 6 Oktòb 2025 lan plizyè sitwayen ki Soti nan zòn ponsonde , vini nan vil  senmak maten an, yo kòmanse lanse k...
06/10/2025

Jodi lendi 6 Oktòb 2025 lan plizyè sitwayen ki Soti nan zòn ponsonde , vini nan vil senmak maten an, yo kòmanse lanse kout wòch ak kout boutèy sou plizyè lekòl nan vil la Senmak. daprè sa kèk nan yo ki pale AK jounalis ki te rive sou plas, yo fè konnnen si ponsonde pagen lekòl senmak pa dwe gen lekòl tou .

Renel Louidor

Jacmel info. Ki Pibliye kek imaj sou paj Facebook li, Montre LEKOL la louvri E Pran AK 100%Jodi Lendi 6 oktob la nan vil...
06/10/2025

Jacmel info. Ki Pibliye kek imaj sou paj Facebook li, Montre LEKOL la louvri E Pran AK 100%Jodi Lendi 6 oktob la nan vil Jakmèl.

Antèman plis pase 15 Moun, nan yo gen 9 timoun ki mouri nan simon pele  Semèn pase yo chante samdi  4 Oktòb la. Moun sa ...
06/10/2025

Antèman plis pase 15 Moun, nan yo gen 9 timoun ki mouri nan simon pele Semèn pase yo chante samdi 4 Oktòb la. Moun sa yo te mouri nan Drone kamikaz pouvwa anplas la te lage pandan fèt chef gang jouma, epi se popilasyon an ki te viktim.

Pastè Moise ✅ nan Prizon an, kite yon mo pou li, Pa bliye priye pou li Kretyen yo.
05/10/2025

Pastè Moise ✅ nan Prizon an, kite yon mo pou li, Pa bliye priye pou li Kretyen yo.

 , Kise Asosiyasyon Ayisyèn fòtbòl anpite yo ki jwe wòl federasyon foutbòl  anpite an Ayiti, Anonse Jodi Samdi 04 Oktòb ...
04/10/2025

, Kise Asosiyasyon Ayisyèn fòtbòl anpite yo ki jwe wòl federasyon foutbòl anpite an Ayiti, Anonse Jodi Samdi 04 Oktòb 2025 lan yo reprann aktivite antrennman yo, Pou prepare atlèt yo anvan pwochen konpetisyon entènasyonal yo.

Prezidan AHFA a, Mondiel Beauchamp, pwofite lansman sa a pou anonse plizyè gwo aktivite k ap fèt, pami yo yon match espesyal 3 desanm 2025 kap vini la , nan okazyon Jounen Entènasyonal andikap atravè lemond. Pilwen prensipal objektif la se kontinye mete an valè kapasite ak talan atlèt anpite yo, genyen.

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50931583650

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque FEDNY INFO PLUS publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à FEDNY INFO PLUS:

Partager