18/06/2022
EDIKASYON/NÒDÈS
EGZAMEN 9ÈM ANE FONDAMANTAL
8 MIL KAT SAN KATREVENDIS (8 490) KANDIDA KI PRAL KONPOZE.
****************************************************************************************
KOZE LAKAY NEWS 17-06-2022
~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~
Tout dispozisyon fin pran deja pou bon dewoule egzamen 9ème ane fondamantal yo nan depatman Nòdès la daprè direktè levasyon Nòdès la Joseph Edgard Dumay ak kòdonatè BUDEXE Nòdès la Jesly JOSEPH nan yon konferans pou laprès yo bay nan jounen Vandredi 17 Jen 2022 a nan direksyon depatmantal edikasyon Nòdès la.
Se 8490 kandida pou 9èm ane fondamantal ki pral sibi eprèv yo nan 14 syèj ki repati an 31 sant egzamen, pou École Normal Instituteur (ENI) se 44 kandida k ap patisipe nan eprèv yo pou depatman an nan yon sèl syèj nan vil Fòlibète daprè direktè a Joseph Edgard Dumay, pa gen okenn konsiy ki chanje pou dewoulman egzamen yo ane sa.
Mèt Edgar vanse pi lwen pou l di se sèl responsab sant yo ki gen otorizasyon pou itilize telefòn nan sant egzamen yo nan moman eprèv yo ap dewoule, desizyon sa pran se nan objèktif pou direksyon edikasyon Nòdès la kapab kontrekare koze egzamen ki toujou ap pran lari a avan lè, e si yo jwenn yon nan aktè avèk yon telefòn san otorizasyon responsab sant lan genyen gwo sanksyon ki rezève pou li.
Direktè profesè de karyè profite anonse tout sivèyan yo, sipèvizè, responsab sant, gadyen ak tout lòt aktè kap bay patisipasyon yo pou egzamen an dewoule san okenn problèm, se pou yo mete matrikil fiskal yo ajou ak nouvo kat idantifikasyon la ( kat dèmalòg la) yon fason pou yo jwenn gratifikasyon an byen rapid.
Pou bò kote pa kòdonatè BUDEXE la mèt Jesly JOSEPH fè konnen tout materyèl li bezwen pou bon jan dewoulman egzamen an deja nan depatman an, Lendi maten byen bonè egzamen an ap dewoule a 8è nan 14 komin nan depatman Nòdès la. 31 sant egzamen yo repati konsa : Wanament genyen 10, Troudinò genyen 5 sant, Fòlibète genyen 3 ak Karis ki genyen 2 sant, aprè sa tout lòt komin yo nan depatman an ap genyen yon sèl sant egzamen.
Egzamen yo ap komanse Lendi 20 Jen 2022 a pou fini Mèkredi 22 Jen 2022 a.