SM PROMO TV

SM PROMO TV information \ distraction\ humour.

05/11/2024

Siw bezwen wè tout video balthazar yo antre nan group sa

19/02/2024

lanmou ka fèw damou yon moun,men defol ak mank de matiritel ka fèw paka viv avèl jis ou kitel
Maxene sanon

19/02/2024

Antouka???

02/01/2024

Laplipa Fanm ou jwenn sou rezo se tankou ti kouto w jwenn nan kalfou.

02/01/2024

Wap swete moun sante,prosperite pandanw kontribye poul pa pospere lèl travay pou ou epiw pa peye kijanw vle poul prospere,kijanw vle poul gen sante lèw pa bal mwayen poul an sante Ipokrit*

07/12/2023

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Pa kite tweet sa tonbe pami “la foule” avan ou pataje li. Tweet sa raple kèk bagay ki enpòtan pandan epi ki mande refleksyon. Mwen prale pale san filtè jodi a.

▪️Tout moun ki te rantre sou Pwogram Biden lan, pa bliye aprè yon lane gen yon bagay enpòtan ou pap kapab fè ankò. Mande oubyen avoka ou pou plis detay, se enpòtan.

▪️Moun ki te pase sou fwontyè pa bliye, aprè ou rantre isi fòk ou jwenn yon avoka oubyen yon biwo ki trete dosye imigrasyon pou ede ou paske se kategori ki depòte pi fasil.

▪️Moun ki sou azil, aranje nou nou pran avantaj kat travay 5 lane a, se pri youn pou 2 li ye, nou pa konnen si pap chanje pri a lòt ane.

▪️ Benefisyè ki poko apwouve, pa bliye li pa yon pwoblèm pou pandan wap tann desizyon pran sou “case” ou, yon lòt sipòtè kapab toujou fil pou ou, li pi bon ke pran chans fè wout kwochi an.

▪️Benefisyè ki ap achte tikè mete la pandan wap tann “Travel Authorization” raple nou se toujou bèf la ou dwe mete dèyè kabwèt la. Sonje otorizasyon yo konn vini ak erè ki ka pran plis tan.

▪️Moun ki ap vwayaje yo, pa bliye avyon an pa yon tap-tap, gen kèk bagay ou pap ka deplase ak yo pou sekirite ou ak sekirite lòt moun yo, nèg ki te pote gaz blan Bondye wè w tande! 😂
---------

16/10/2023

Ayisyen toujou mete nan tèt yo se malfektè ki Kraze biznis yo sa ladanl tou,poutan se prensip ou pa genyen : Wap retire , depanse, san jamè ranplase nan biznis lan kijan poul pa Kraze ? Pi GWO malfektè a se "San prensip".

27/09/2023

Kiyes kap resevwa tout kob sa yo kap ranmase pou kanal Ouanaminthe lan svp?

27/09/2023
18/09/2023

╱◥██████◣
│∩│🌄▤│▤▤│
▓▆▇█▓∩▓█▇
Si telefòn ki nan men’w lan pa yon YOYO KANA ☝️kopye sa nan kòmantè

17/09/2023

Nan menm lojik rakonte a: Gen yon dyaspora nèg Kafou ki tap koze ak yon fanm chak lè misye antre dam nan di misye se vre li renmen l men fwa kretyèn li pa pèmèt li fè bagay ak li san yo pa marye. Malveyan lwe yon kay tou meble nan Dèlma 75 Katalpa pou yon mwa e li fè dam nan konen se kay li, depi lòtbò misye pale ak paran dam nan òganize yon fo maryaj nan yon biwo eta sivil, misye di paran dam nan li renmen fi lot ane yap beni bag legliz, ata rad maryaj se lwe. Misye fè 22 jou Ayiti apre li lage pye l. Sou mwa mèt kay vin touche fi pete eskonbrit se kay mari l. Jij de pè vin met dam nan deyò ak yon fo Ak Maryaj nan men l yo pa janm tande zenglendo a. Medam yo sibi wi, menm paran fi a oblije kite zòn kote yo te ye tèlman lawont anvayi yo

Address


Telephone

+50931752437

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when SM PROMO TV posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to SM PROMO TV:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share