07/05/2024
Pou manjèt Maggi yo, vini nou louvri je n ansanm la, onètman pou n gade.
Nan flèch ki pi ba a, n ap atire atansyon n sou sa ki di a: Maggi sa gen ladan l yon engredyan manje yo fabrike gras ak biyo-enjenyeri, kidonk engredyan ki jenetikman modifye. Se yon engredyan ki ekstra-rafine, akoz sa yo pòv nan nitriman ak vitamin men yo chaje kalori. Pa gen okenn benefis pou sante moun, e yo menm febli sistèm lenfatik defans kò n.
- Premye flèch la ale nan lis engredyan yo, nou ka li yo pou kont nou e tradui yo. Sèl engredyan ki ta sanble yon vrè epis se ta zonyon an men malgre sa yo di w yo itilize poud zonyon an a mwens pase 2%, yon kantite neglijab, nou ka dakò yon zonyon frèch ou itilize nan manje w la pa konparab ni nan pwopriyete medisinal li ni nan gou l ak poud ki nan Maggi a.
M vle n reyalize Maggi toujou gen ni s*k ni sèlman menm tan.
- ENGREDYAN: Sèl, pay mayi (silfit), s*k, lwil vejetal (lwil palmis ak lwil palmis idwojene), Monosodyòm Glitamat (MSG, pwazon aksan), mwens pase 2% poud zonyon, epis (yo pa janm presize ki epis), koulè karamèl (Silfit, pwodui chimik toks*k), bèf dezidrate, disodyòm inosinat, savè/gou natirèl (ble, gou atifisyèl wi), TBHQ (Prezèvatif, nou konn sa sa vle di). Èske n konn sa TBHQ a?
List engredyan yo varye swivan ki kalite pwodui Maggi a, men tout gen tyanpan chimik toks*k sa yo. Si w pa t konnen, ou konnen kounye a.
Medikaplant
www.medikaplant.org