Micha News

Micha News Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Micha News, Société de médias/d’actualités, nazon, Port-au-Prince.

04/03/2023

🔴❌ 🇭🇹*Onivo lajistis lit kont enpinite ak koripsyon peyi dayiti bloke* 👀👀👀
Youn nan 7 karakteristik ou jwen nan yon sistèm demokratik se rejim lalwa. Sa vle di ke ou rich ke ou pòv, ke ou chèf ke ou pa chèf, ke ou se moun lavil ou se moun mònn, ke ou se moun ki nwa, blan ou milat, lajistis dwe trete tout moun menmjan. Jodia lajistis peyi dayiti pa kapab trete tout moun menmjan. Tout desizyon kap pran nan sistèm jidisyè jodia se anfavè oligak kriminel ak politisyen asasen. Depiw konekte wap gen rezon. Oligak ak politisyen ki touye Prezidan Jovenel Moïse pran kontwol lajistis. Oligak yo Vorbe, Boulos, Baussan, Ariel Henry, André Michel, Josue Pierre Louis, Ricard Pierre, Nènèl Cassy, Michel Martelly mete ansanm pou nonmen zanmi yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ), yo nonmen ilegalman 11 jij nan kou kasasyon, yo nonmen dwayen tribinal premyè enstans. Ototal yo nonmen 54 jij kowonpi an 20 mwa. Sistèm jidisyè a nan men asasen, koriptè ak kidnapè. Menm HCT kap pale de jistis se restavek yo. Se pousa madan Manigat pat di yon mo pou Eric Jean Baptiste nan diskou enstalasyon li. Gen 2 rezon ki fè yo pran kontwol lajistis. Premye rezon an, a travè nominasyon ilega yo yap proteje e blanchi oligak petyonvil ak politisyen asasen ki fè gwo krim ekonomik e politik kont nasyon an. Dezyèm nan se pou detwui advèsè politik e ekonomik yo nan fè montaj dosye bidon epi pou kaponnen jounalis kap kesyone pratik sa yo. Menm lè ULCC fè bèl rapò ki gen detay ak prèv sou kiyès ki nan koripsyon nan leta, dosye sa yo pap fè yon pa devan lajistis asasen ak koriptè yo kontwole. Lè DCPJ ak komisè gouvènman Bedford Claude fè ankèt pou montre kijan Ariel Henry enplike nan touye prezidan an, tribinal premyè enstans asasen yo kontwole voye rekizitwa sipletif la ki gen enfòmasyon sa yo jeté. Apre ULCC voye rapo ak prèv ki montre kijan 5 Boulos ap piye leta, tribinal premyè enstans voye rapo a jeté. Apre peyi a kenbe Bertho Dorce nan trafik zam, asasen yo voyel devan Jij Inite Walther Wesser Voltaire pou blanchi l. Se menm jij Inite sa asasen yo mete pou sabote dosye ankèt asasina prezidan an. Kontwol asasen yo gen sou lajistis fè yo lage kriminel ki touye polisye Swatt Team Patrick Anozart. Asasen yo menm pran rezolisyon an konsèy dè minis pou lage pou kòb yon dwog dilè meksiken ke lajistis te kondane. Lè yon komisè gouvènman ka kanpe poul se ak Ariel Henry li rete olye li di konstitisyon ak lalwa ou wè dosye lajistis trete sou baz alejans politik. Ou wè sa tou nan jan dwayen tribinal premyè enstans rekonet yon dosye gen eskrokri epi li di dosye sa dwe ale devan jij enstriksyon epi se menm dwayen sa ki fè lage eskrò a paske Dimitri Vorbe se boss li. Jodia lajistis se pou oligak ak politisyen SDP, PHTK, Inite, CARDH, RNDDH, FJKl elatrye. Depi ou pa nan ekip politik sa ou koupab.

04/03/2023
26/01/2023

Haïti/insécurité :6 policiers tués et 2 autres blessés dans un ambuscade.

Des individus non identifiés ont assassinés 6 policiers et 2autres blessés mortellement dans un attentat a Liancourt aux environs de 10hrs du matin survenu le 25 janvier 2023.

21/01/2023

Haïti/insécurité :4 policiers tués dans une ambuscade.

_Des individus non identifiés ont assassinés 4 policiers à Pétion ville dans un attentat survenu le 20 janvier 2023.

Cette zone de Pétion ville (pernier) réputé difficile, représente un danger pour les membres de la PNH ainsi que la population civile.

Ces derniers temps,la police a fait preuve d'impuissance face aux gangs armés.

Le gouvernement n'a rien fait jusqu'à présent pour stopper l'impact du phénomène de l'insécurité dans le pays.

À quand la fin des actes de l'insécurité dans le pays compte tenu que la population civile mais ainsi les policiers sont souvent victimes par des bandits.

Adresse

Nazon
Port-au-Prince
6610

Téléphone

+50932772414

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Micha News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Micha News:

Partager