
28/04/2025
Yon eksperyans ki make kè nou pou toutan.
Dimanch kite 27 Avril, ekip pwodiksyon nou an te genyen onè patisipe nan selebrasyon 9èm anivèsè Legliz Mesac nan Kafou.
Se te yon moman kote syèl te louvri: prezans Bondye te anvayi espas la, chak adorasyon, chak lapriyè, chak chante te tounen yon sous benediksyon ki manyen kè tout moun.
9 an istwa… 9 an konba… 9 an viktwa ak gràs!
Nou te temwen jan fidèl Bondye rete san chanje, menm atravè moman difisil yo. Plizyè adoratè leve vwa yo, men yo, ak tout kè yo pou beni pèp Bondye a.
Mèsi Mesac pou akèy la. Mèsi Bondye pou favè a.
📸📝Nelson Steve
Ministère D'évangélisation Sauvé pour Le Ciel