23/05/2026
**Dossier Jovenel Moïse : Me Newton Louis St Juste mande gwo medya entènasyonal yo korije enfòmasyon yo.
Nan twa lèt ofisyèl ki pote dat 22 me 2026, avoka Newton Louis St Juste mande responsab medya Noticias Caracol, The New York Times ak Miami Herald pou revize ak korije enfòmasyon yo te pibliye an 2021 ak 2022 sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Daprè avoka a, deklarasyon medya sa yo pa koresponn ditou ak jijman tribinal ameriken an te rann 7 me 2026, kote lajistis te rekonèt ajan CTU yo — Arcangel Pretel Ortiz, Antonio Intriago ak Walter Veintemilla — ansanm ak James Solages, kòm koupab.
Me St Juste raple diferan enfòmasyon li konteste yo :
Noticias Caracol (14 jiyè 2021) Medya a te deklare, pandan li t ap site sa li te prezante kòm sous FBI, ke ankèt la t ap mennen sou ansyen Premye minis Claude Joseph kòm moun ki te kòmande krim nan. Avoka a estime deklarasyon sa a se te yon gwo fot pwofesyonèl ak etik, paske okenn prèv ki soti nan pwosè Florid la pa t konfime teyori sa a.
* **The New York Times (12 desanm 2021)** : Jounal la te fè konnen asasè yo t ap chèche yon lis politisyen ak biznisman ki enplike nan trafik dwòg, ke Jovenel Moïse te swadizan pral remèt bay otorite ameriken yo.
* **Miami Herald (7 desanm 2022)** : Dapre jounal la, komando a te vin chèche ant 45 ak 53 milyon dola ki te kache lakay prezidan an, lajan yo te prezante kòm kòb koripsyon ki soti nan trafik dwòg.
Pou Me St Juste, si medya sa yo pa mete enfòmasyon yo ann amoni ak konklizyon jiri Florid la, yo ka parèt kòm patisipan nan sa li rele “Operasyon Bolivie”. Li dekri operasyon sa a kòm yon gwo kanpay manipilasyon opinyon piblik ki te gen objektif pou sal repitasyon Jovenel Moïse an premye, epi detounen atansyon sou vrè otè entelektyèl ak finansye asasina a.
Avoka a fini lèt li yo lè li mande twa medya entènasyonal sa yo pou yo korije pozisyon yo piblikman epi, si sa nesesè, prezante eskiz devan lektè yo.