Bilten Kreyòl

Bilten Kreyòl Nouvèl Toupatou

Nan dat 2 me 2025, gouvènman Etazini mete alyans gang ki rele Viv Ansanm sou lis ofisyèl gwoup teworis entènasyonal. Des...
02/05/2025

Nan dat 2 me 2025, gouvènman Etazini mete alyans gang ki rele Viv Ansanm sou lis ofisyèl gwoup teworis entènasyonal. Desizyon sa a soti nan Depatman Trezò Ameriken. Gwoup sa a pran kontwòl prèske tout kapital Ayiti, Pòtoprens, e li louvri bra l sou lòt zòn ki bò kote yo. Anplis de sa, gang Gran Grif, ki te fè yon masak atwòsite nan vil Pont-Sondé kote plis pase 115 moun pèdi lavi yo nan mwa oktòb pase a, jwenn menm sanksyon an....

Nan dat 2 me 2025, gouvènman Etazini mete alyans gang ki rele Viv Ansanm sou lis ofisyèl gwoup teworis entènasyonal. Desizyon sa a soti nan Depatman Trezò Ameriken. Gwoup sa a pran kontwòl prèske t…

Pap François, ki te chèf Legliz Katolik la depi 2013, mouri nan laj 88 an nan lendi 21 avril 2025, nan rezidans li nan D...
22/04/2025

Pap François, ki te chèf Legliz Katolik la depi 2013, mouri nan laj 88 an nan lendi 21 avril 2025, nan rezidans li nan Domus Sanctae Marthae, Vatican. Li te mouri apre yon atak serebral ki te mennen nan arest kadyak. Anons lan te fèt pa Kardinal Kevin Farrell, ki se Camerlengo Legliz la .​ Fineray Pap François ap fèt samdi 26 avril 2025, a 10:00 nan Plàs San Pyè....

Pap François, ki te chèf Legliz Katolik la depi 2013, mouri nan laj 88 an nan lendi 21 avril 2025, nan rezidans li nan Domus Sanctae Marthae, Vatican. Li te mouri apre yon atak serebral ki te menne…

Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan yon twou nwa kote vyolans gang, ensekirite ak mizè ap vale tout espwa. Reprezantan e...
22/04/2025

Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan yon twou nwa kote vyolans gang, ensekirite ak mizè ap vale tout espwa. Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an, María Isabel Salvador, bay yon avètisman grav devan Konsèy Sekirite a: nou prè pou frape pwen san retou. Kòm gang yo ap mete men sou chak kwen Pòtoprens, menm dènye wout lib Kenscoff la anba menas, e pi plis komin an deyò ap tonbe sou dominasyon bandi yo....

Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan yon twou nwa kote vyolans gang, ensekirite ak mizè ap vale tout espwa. Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an, María Isabel Salvador, bay yon avètism…

Nòt Primati Ayiti Akoz gwo lapli ki tonbe sou peyi a, Gouvènman Repiblik la mete plis fòs nan plan ijans li pou ede popi...
14/04/2025

Nòt Primati Ayiti Akoz gwo lapli ki tonbe sou peyi a, Gouvènman Repiblik la mete plis fòs nan plan ijans li pou ede popilasyon ki pi frajil yo. Jounen jodi dimanch lan, ekip gouvènman an distribye plizyè santèn dra plastik bay fanmi ki deplase nan kan Delma ak Boudon, pou ede yo pwoteje tèt yo kont move tan an. Aksyon sa a antre nan kad mezi ijans otorite yo mete an plas pou bay moun ki nan nesesite yo yon asistans rapid, efikas epi byen kowòdone....

Nòt Primati Ayiti Akoz gwo lapli ki tonbe sou peyi a, Gouvènman Repiblik la mete plis fòs nan plan ijans li pou ede popilasyon ki pi frajil yo. Jounen jodi dimanch lan, ekip gouvènman an distribye …

Nan lannwit dimanch pou lendi, gang te atake komisarya Mirebalais, kote yo te libere 529 prizonye. Frédérique Occean, re...
02/04/2025

Nan lannwit dimanch pou lendi, gang te atake komisarya Mirebalais, kote yo te libere 529 prizonye. Frédérique Occean, reprezantan gouvènman an, te di ke lapolis ki te an kantite limite te kite komisarya a, sa ki pèmèt gang yo kraze prizon an ak fè dega nan vil la. Plizyè moun mouri ak blese pandan atak la, e anpil abitan te kouri kite vil la pou kache nan komin vwazen yo....

Nan lannwit dimanch pou lendi, gang te atake komisarya Mirebalais, kote yo te libere 529 prizonye. Frédérique Occean, reprezantan gouvènman an, te di ke lapolis ki te an kantite limite te kite komi…

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire ak Emmanuel Vertilaire, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis ...
01/04/2025

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire ak Emmanuel Vertilaire, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, Prezidan Kou Kasasyon an, Jean Joseph Lebrun, ak plizyè lòt pèsonalite enpòtan nan peyi a, te patisipe nan seremoni « Relokalizasyon Tribinal Premyè Enstans » Pòtoprens lan, nan Dèlma 75. Fritz Alphonse Jean fè konnen inogirasyon nouvo lokal Tribinal Premyè Enstans lan reprezante yon gwo pa nan batay k ap mennen pou fè pèp la gen plis aksè ak jistis nan peyi a....

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire ak Emmanuel Vertilaire, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, Prezidan Kou Kasasyon an, Je…

Yon tranblemanntè 7.7 sou echèl Richter frape Myanmar vandredi 28 mas 2025, lakòz gwo dega ak plis pase 1600 mò ak 3000 ...
29/03/2025

Yon tranblemanntè 7.7 sou echèl Richter frape Myanmar vandredi 28 mas 2025, lakòz gwo dega ak plis pase 1600 mò ak 3000 blese. Episant li te nan Sagaing, epi kèk minit apre, yon lòt sekous 6.7 te frape ankò. Kay, pon, legliz kraze, kite plizyè moun anba debri yo. Vil Mandalay pi touche, ak plizyè douzèn moun bloke nan bilding ki tonbe....

Yon tranblemanntè 7.7 sou echèl Richter frape Myanmar vandredi 28 mas 2025, lakòz gwo dega ak plis pase 1600 mò ak 3000 blese. Episant li te nan Sagaing, epi kèk minit apre, yon lòt sekous 6.7 te f…

Fritz Alphonse Jean ak Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Edgard Leblanc Fils, Laurent Saint-Cyr...
14/03/2025

Fritz Alphonse Jean ak Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Edgard Leblanc Fils, Laurent Saint-Cyr ak Régine Abraham te rankontre ak manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, jounen vandredi 14 mas 2025 lan, nan Viladakèy. Yo te echanje sou plizyè pwen konsènan sitiyasyon sistèm jidisyè a. Yo te diskite espesyalman sou plizyè defi enstitisyon jidisyè a ap fè fas, tankou : ensekirite a ki anpeche tribinal yo byen fonksyone nan tout peyi a, lokal pou Tribinal Premye Enstans ki twouve yo nan zòn ki gen gwo risk yo, epi pwoblèm mwayen ak lojistik....

Fritz Alphonse Jean ak Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Edgard Leblanc Fils, Laurent Saint-Cyr ak Régine Abraham te rankontre ak manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, joun…

Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) eli minis afè etranjè Siranam nan, Albert Ramdin, kòm nouvo sekretè jeneral li jiska 2...
11/03/2025

Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) eli minis afè etranjè Siranam nan, Albert Ramdin, kòm nouvo sekretè jeneral li jiska 2030. Li pran plas diplomat Iwougweyen Luis Almagro, epi li vin premye lidè Karayib la ki okipe pozisyon sa a. Ramdin te sèvi kòm minis afè etranjè Siranam depi 2020, epi li te asistan sekretè jeneral OEA pandan de manda (2005-2015)....

Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) eli minis afè etranjè Siranam nan, Albert Ramdin, kòm nouvo sekretè jeneral li jiska 2030. Li pran plas diplomat Iwougweyen Luis Almagro, epi li vin premye lidè Ka…

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean vini ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) jounen vandr...
07/03/2025

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean vini ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) jounen vandredi 7 mas 2025 lan. Li ranplase nan pòs sila a, Leslie Voltaire epi li ap rete nan tèt Konsèy la jiska 7 dawout 2025 konfòmeman ak rezolisyon 4 oktòb 2024 la konsènan Prezidans tounant lan. Seremoni pasasyon pouvwa a te òganize nan Viladakèy nan prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm Gouvènman li an, Kòmandan an chèf Lame a, Derby Guerrier, Direktè Jeneral Polis la, Rameau Normil, Chèf Misyon miltinasyonal la, Godfrey Otunge ak plizyè manm nan kò diplomatik la....

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean vini ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) jounen vandredi 7 mas 2025 lan. Li ranplase nan pòs sila a, Leslie Voltaire epi li ap ret…

Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils te patisipe jounen jedi 27 fevriye 2025 lan, nan seremoni omaj nan memwa Jean-Pierr...
28/02/2025

Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils te patisipe jounen jedi 27 fevriye 2025 lan, nan seremoni omaj nan memwa Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent. Se te yon seremoni ki te fèt nan prezans minis Kilti ak Kominikasyon an Patrick Delatour, divès ansyen minis, pami yo Pradel Henriquez, Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias, nouvo Delege Depatmantal Lwès la Andy Marcelus kèk manm nan Kò diplomatik la, reprezantan Akademi Kreyòl Ayisyen an epi plizyè manm nan sosyete sivil la ; Powèt, Ekriven....

Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils te patisipe jounen jedi 27 fevriye 2025 lan, nan seremoni omaj nan memwa Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent. Se te yon seremoni ki te fèt …

Nan kad yon operasyon Lapolis mennen nan Komin Leyogàn, ayè lendi 24 fevriye 2025 lan, 5 bandi mòtèlman blese nan echanj...
26/02/2025

Nan kad yon operasyon Lapolis mennen nan Komin Leyogàn, ayè lendi 24 fevriye 2025 lan, 5 bandi mòtèlman blese nan echanj kout bal ak Lapolis, 2 fizi M4 ak yon pistolè 9mm sezi. Se inite espesyalize SWAT ak UTAG ki mennen operasyon sa nan zòn Bwa Lasal, toupre lekòl Don Bosco.

Nan kad yon operasyon Lapolis mennen nan Komin Leyogàn, ayè lendi 24 fevriye 2025 lan, 5 bandi mòtèlman blese nan echanj kout bal ak Lapolis, 2 fizi M4 ak yon pistolè 9mm sezi. Se inite espesyalize…

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bilten Kreyòl publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Bilten Kreyòl:

Partager