
14/08/2025
Anpil paran nwa lè yap reprimande timoun renmen raple’l ke li se nwa.
Li dwe sesi,li dwe sela.
Papa Lens renmen fè sa.
Pou mwen se enkane enferyozite ak perèz nan timoun nan.
Lè map anseye pitit mwen,mwen montre’l li gen enpòtans san raple’l de koulè’l ou ras li.
Mwen renmen gide timoun nan,eduke li tankou tout timoun.
Bal lanmou ak prensip menm tout timoun,tout ras.
Se paske li nwa li dwe eksele ou pa.
Se pa paske li nwa li dwe meyè.
Li byen tou senpleman.
Li dwe respekte prensip paske lanati gen règ,depiw vyole règ yo,wap sibi konsekans yo.
Li valab pou tout ras.
Raple yon timoun sans cesse koulè li ye pou edike ou blame,se seme èn,se seme auto-mépris .
E lè yon imen santi li enferyè ,li vin swa yon sikopat ou byen yon moun san karaktè ki toujou niche soulye moun.
Grandi ak bon prensip,bon edikasyon tou senpleman.