La Franc-Maçonnerie Haïtienne

La Franc-Maçonnerie Haïtienne La Franc-Maçonnerie Haïtienne : verité, Morale , Justice

Pote opinyon paw .Kòmante nan respè  ak sajès.
01/07/2025

Pote opinyon paw .
Kòmante nan respè ak sajès.

Fran Mason se Djab?Nan tout sosyete, tout epòk, tout tan, gen sa yo pa konprann, yo rele l mistè. E souvan, sa yo pa kon...
01/07/2025

Fran Mason se Djab?
Nan tout sosyete, tout epòk, tout tan, gen sa yo pa konprann, yo rele l mistè. E souvan, sa yo pa konprann, yo rele li satanik.
Fran Masonri, depi nan orijin li,li pote konesans, senbòl, rit, ak silans ki souvan mete moun ki pa ladan l nan panik.
Nan sosyete Ayisyèn nan, nou tande pawòl ki repete:

> “Franmason, se djab!”
“Yo vann nanm yo!”
“Se sèk kache ki sèvi Satan.”

Men èske se vre? Èske mason se dyab? Èske sa ki kache, sa ki reflechi, sa ki bati an silans se sa ki mal?
Ann antre fon pou reponn ak verite, ak senserite masonik

I. Franmasonri pa Djab, li se Travay enteryè

Franmasonri pa sèvi yon djab. Li pa adore okenn satan.
Franmasonri se yon chemen travay sou tèt ou.
Lòd la envite ou chèche limyè sou tèt ou, reflechi sou orijin ou, devlope moral ou, e rejte mechanste.

Nou itilize senbòl tankou:

Tabliye (pou endike travay)

Wòch brit ak wòch poli (pou montre lespwa ak transfòmasyon)

Tanp Salomon (pou bati karaktè ak limyè)

Tout sa yo se senbòl moral ak espirityèl,se pa zouti dyabolik.

Se pa dyab ki mande ou fè silans pou konprann.
Se pa dyab ki ankouraje w sèvi lòt moun.
Se pa dyab ki di w travay sou ou, san jalouzi, san lògèy.

Laperèz ak sa moun yo pa arivr konprann lakoz yo bay manti

Gen anpil pawòl ki soti nan laperèz, enfòmasyon manke, oswa relijyon ki pa gen konesans sou masonri.
Yo wè frè yo ap mete rad rityèl, ap antre nan tanp, yo tande pawòl an grèk, pawòl an ebre, senbòl, mistè... epi yo konklizyon: “se sekrè sa yo ki dyab la”. Poutan yap li bib chak jou ,ou panse se wè yo pa wè mo an ebre yo tou .

Men sa ki sakre, pa vle di li move.
Sa ki pa popilè, pa vle di li demonyak.
Masonri pa anseye adorasyon okenn djab.
Li pa relijyon, li pa vodou, li pa legliz.
Se yon chemen espirityèl ak moral, ki itilize lang senbòl pou w konprann tèt ou.

Franmason, se limyè, se pa fènwa

Frè mason pa viv pou fè bri.
Li pa viv pou pale anpil sou sa li fè.
Li viv pou travay sou tèt li, konstwi olye l dekonstwi, reflechi olye l reponn ak raj.

Frè mason pa se djab.
Li se moun ki deside chanje, ki chwazi kwè ke limyè gen sans,
ki aksepte disiplin, rit, travay, epi solitid pou grandi.
Sa pa fè l dyab.
Sa fè l rete vivan espirityèlman ,yon bwat limyè.

Lè nou pa konprann yon bagay, poze kesyon, pa lage l anba pye.
Franmasonri se pa dyab.
Se pa sekrè pou lènmi.
Se pa majik pou lajan.
Se youn nan dènye kote sou tè a kote ou ka kontre ak tèt ou pou w evolye.

Frè mason pa ap chèche fè ou pè.
Li jis ap chèche limyè, e si ou pa pè gade anndan ou, ou ka konprann:

Franmason se pa djab. Frèm, se ou li ye… si ou pare.

📌 La Franc-Maçonnerie Haïtienne – Nou pa defann tèt nou ak pawòl. Nou reponn ak limyè.

🔱 Bati Tanp Enteryè Ou, se Pi Gwo Misyon Ou kòm Frè Mason 🔱“Yon frè mason pa sèlman ap chèche limyè,li konstwi limyè and...
01/07/2025

🔱 Bati Tanp Enteryè Ou, se Pi Gwo Misyon Ou kòm Frè Mason 🔱

“Yon frè mason pa sèlman ap chèche limyè,li konstwi limyè andedan li.”

Nan Loj lan, nou aprann ke tout bilding fizik ap pase, men tanp enteryè nou – sa nou bati ak karaktè nou, moral nou, aksyon nou ,se pi gwo eritaj nou.

❓Men ou menm frè
– Èske ou mete tan pou w repare fondasyon ou enteryè a?
– Èske w ap travay sou pasyans, disiplin, onètete ak lanmou pou laverite?

Frè mason pa sèlman mete bousòl ak konpa sou tab la li mete yo sou kè li!

👇 Kite opinyon ou anba a:
Èske ou panse "bati tanp enteryè" se vrèman pi gwo misyon yon frè mason?

Yon Mason se yon elèv ki pa janm. Sispann chèche verite.
01/07/2025

Yon Mason se yon elèv ki pa janm. Sispann chèche verite.

Les 7 Archanges
30/06/2025

Les 7 Archanges

Kisa ki yon  egregor ye
29/06/2025

Kisa ki yon egregor ye

Nan linivè senbolik Fran Mason triyang masonik la pran yon plas enpòtan anpil, li reprezante twa poto fondamantal lòd la...
29/06/2025

Nan linivè senbolik Fran Mason triyang masonik la pran yon plas enpòtan anpil, li reprezante twa poto fondamantal lòd la : Sajès, Fòs ak Bote. Prensip sa yo, ki lye ansanm, fòme baz filozofi masonik la epi gide Fran Mason nan demand konesans ak kwasans pèsonèl yo.

- Sajès : Yon Limyè anplis
Sajès se limyè ki klere chemen Fran Mason yo, sa pèmèt yo navige nan dlo twoub lavi a avèk sajès ak prekosyon. Li se fwi refleksyon, etid ak eksperyans, epi li manifeste pa yon konpreyansyon pwofon bagay yo

- Fòs : Yon Poto mitan.
Fòs se enèji ki anime Fran Mason yo, sa pèmèt yo simonte obstak ak defi lavi a. Li se manifestasyon detèminasyon ak volonte, epi li tradui pa yon aksyon byen detèmine

Bote : Yon Amoni nan Nanm

Bote se amoni ki bay rezilta nan inyon Sajès ak Fòs. Li se manifestasyon balans ak pwopòsyon, epi li tradui pa yon kreyasyon ki enspire ak leve nanm nan.
Entèraksyon twa prensip sa yo enpòtan anpil pou kwasans pèsonèl ak devlopman Fran Mason yo. Sajès klere Fòs. Balans ant twa prensip sa yo pèmèt Fran Mason yo grandi ak devlope kòm moun, nan devlope kapasite entelektyèl, moral ak kreyativite yo.

An konklizyon, triyang masonik la se yon senbòl pwisan ki reprezante twa prensip fondamantal Fran-Masoneri : Sajès, Fòs ak Bote. Prensip sa yo, ki lye ansanm, fòme baz filozofi masonik la epi gide Fran Mason nan demand konesans ak kwasans pèsonèl yo. Nan devlope twa prensip sa yo, Fran Mason yo ka reyalize yon balans amoni ak reyalize tout potansyèl yo kòm moun ak kòm manm nan kominote masonik la.
La Franc-Maçonnerie Haïtienne

ENTRE LA FRANC-MACONNERIE UNIVERSELLE ET LA FRANC-MACONERIE HAITIENNE
29/06/2025

ENTRE LA FRANC-MACONNERIE UNIVERSELLE ET LA FRANC-MACONERIE HAITIENNE

Tous les 24 juin, les francs-maçons haïtiens et du monde entier du rite d’York de toutes les obédiences, qu’elles soient considérées comme régulières ou pas par rapport à d’autres obédiences, s’investissent les temples maçonniques et les rues, c’est la commémoration de la Saint ...

Tabliye a se  yon senbòl  rekonèt nan Fran Masoneri. Chak mason renmen tabliye li epi li sonje ak emosyon jou li mete li...
29/06/2025

Tabliye a se yon senbòl rekonèt nan Fran Masoneri. Chak mason renmen tabliye li epi li sonje ak emosyon jou li mete li pou premye fwa. Tabliye a fè nou sonje tou yon leson enpòtan ki soti nan senp tablie atizan an: diyite, valè travay pou byen lòt moun, patikilyèman pou frè nou yo. Nan ane 1800 yo, mason yo te kòmanse dekore tabliye yo ak plizyè senbòl masonik pentire ala men, ki te vin souvan trezò fanmi. Yon tradisyon masonik vle ke yon mason ki pote tabliye li avèk onè ak fidelite, yo antere li avèk li. Venerab Mèt la di: pote tablie sa a, se senbòl travay, li te pote pa pi gwo Fran-Mason yo menm jan ak sa pi enb yo. Se poutèt sa senbòl travay ak imilite, ki se de valè masonik esansyèl."

La Franc-Maçonnerie Haïtienne

"Ki opinyon ou genyen sou Fran Masoneri? Èske ou kwè li se yon oganizasyon benefik pou sosyete a oswa èske ou gen kèk re...
28/06/2025

"Ki opinyon ou genyen sou Fran Masoneri? Èske ou kwè li se yon oganizasyon benefik pou sosyete a oswa èske ou gen kèk rezèv sou aktivite li yo?"

Vinn pale, kite yon komantè , nan rèspè ak lanmoun yon lòt Ayiti posib

  Francs-Maçons d'Haïti Marchent pour la Libération du PaysLe dimanche 7 avril 2024, une marche solennelle a eu lieu au ...
08/04/2024

Francs-Maçons d'Haïti Marchent pour la Libération du Pays

Le dimanche 7 avril 2024, une marche solennelle a eu lieu au Cap-Haïtien, rassemblant des francs-maçons d'Haïti et des profanes sous la bannière de la Franc-Maçonnerie Haïtienne pour Ayiti Orient du Cap-Haiti.

Organisée par le Souverain Sanctuaire National d’Ayiti de 2013, cette "Marche de Libération" visait à attirer l'attention sur les problèmes et la crise qui sévissent en Haïti.

Un Geste Symbolique Puissant

La marche s'est déroulée sur le boulevard du Cap-Haïtien à midi, rassemblant un large éventail de participants unis par leur engagement envers la franc-maçonnerie et leur désir d'un avenir meilleur pour Haïti.

Un Message d'Espoir et de Solidarité

Plus qu'une simple démonstration de force, la "Marche de Libération" était un message d'espoir et de solidarité. En ces temps difficiles, la franc-maçonnerie haïtienne se réaffirme comme une force de progrès et de changement positif, appelant à la libération du pays de ses multiples défis.

Un Appel à l'Action

La marche symbolise l'engagement de la franc-maçonnerie à œuvrer pour un Haïti uni, prospère et libre. En invitant les profanes à se joindre à la marche, les francs-maçons d'Haïti lancent un appel à l'action, invitant tous les citoyens à se mobiliser pour le bien commun.

Un Nouveau Chapitre pour Haïti

La "Marche de Libération" marque un nouveau chapitre dans l'histoire de la franc-maçonnerie haïtienne et de son engagement envers le pays. En tant que force morale et spirituelle, la franc-maçonnerie se positionne comme un acteur crucial dans la recherche de solutions aux problèmes qui affectent Haïti.

*

Photo

Suivez l'actualité de la franc-maçonnerie haïtienne et soutenez ses efforts pour la libération d'Haïti!

Adresse

Port-au-Prince
509

Téléphone

+50932153771

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque La Franc-Maçonnerie Haïtienne publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à La Franc-Maçonnerie Haïtienne:

Partager