26/10/2025
De (2) sitwayen ayisyen, Wiss Joseph ak Marie Joseph, ki se pwopriyetè antrepriz « Zafem World Entertainment » ki espesyalize nan fè evenman, mizik ak konsè, ke yo te kreye nan lane 2015, te lanse yon aksyon jistis kont Dener Ceide, nan New York. Konpayi an gen yon Jazz ki rele « Zafem Band », kidonk sa se non yo itilize pou fè lajan.
18 septanm 2024, propriyetè antepriz lan te lanse yon aksyon jistis, pou te mande ak Dener Ceide pou sispann itilize non Zafem nan. Dapre dokiman tribinal distrik New York la sou dosye gwoup Zafem nan, Dener Ceide pat janm reponn, epi te toujou kontinye ap itlize non an. Piske responsab gwoup Zafem nan pat parèt pou defann tèt yo, jij la deside fè yon jijman « pa defo », epi kondane yo pou peye yon (1) milyon dola ameriken, epi sispann itilize non Zafem nan.