13/08/2026
Radio RD plus FM || Fan base kore Rd plus
31 55 7678
C inik numéro Radio Rd plus fm itilize pou tout enfomasyon ou k bezwen.
Anrejistre l pou w Antre an kontak ak nou swa pa apèl, whatsapp, sms!
Nou bezwen fòs , sipò, kolaborasyon chak grenn Oditè ak entènot kap swiv nou diferan platfòm nou yo.
Malgré tout peri pesi nou sibi. Sabotaj, pèdi lokal, materiel ak kolaboratè....
Nou toujou stil kanpe djanm !
Jodi an nou merite plis pase kanpe djanm.
Nou bezwen soti nan labirent nou ye la, pou nou reprann eskanp figi de nou.
Sa ap pèmèt retounen sa nou t reprezante anvan yo e menm plis ankò.
Rèv yo gran, pwojè yo anpil...
Nou bezwen mwayen pou nou avanse.
Nou bezwen nouvèl kolaborasyon pou rive nan destinasyon nou ki se yon kouvèti mondyal.
Kouuvèti mondyal sila ap pèmèt ou kapte Radio Rd plus tout kote w ye sou planèt tè a.
Pou sa sipò chak grenn nan nou konte.
Sipò nap mande yo, se pa bòl ble nou vin lonje pou tiye grenn vè nan vant nou. Men pito nouvèl kolaborasyon nap tann.
Ou menm kap li post sa....
Si pou yon fwa nan viw Radio Rd plus te itil ou yon jou. Sipò paw ap enpòtan pou nou jodi an.
E ou menm ki konprann travay nou an ou Radio Rd ap kapab itil yon jou nan laviw, nap bezwen sipò w tou.
Soti nan echanj sèvis, pase nan esponsò pou rive nan donasyon nou bezwen w.
Pou tout enfomasyon Rele nou...
31557678 nap kontan kolabore ak ou.
Mèsi !