Amérique Info7

La Société a pour objet principal le journalisme, la communication de toute nature et tout support de diffusion, d’informations, de medias, de publication et aussi la réalisation des investissements de toute nature.

06/09/2025
06/09/2025

Minis Finans ak Ekonomi peyi Dayiti, Alfred Fils Métellus, lanse Plan Relans ak Devlopman a Mwayen Tèm pou Gran Nò 2025-2030, nan vil Kap Ayisyen, jou 4 ak 5 septanm 2025.

04/09/2025

Anpil preparasyon ap fèt pou fèt patwonal komin Lakil Dinò, ki se Nòt Dam Nativite, 8 septanm 2025 k ap vini an.

04/09/2025

Ansyen Depite Hugues Célestin fè konnen se negosyasyon ant Konsèy Prezidansyèl Transisyon (KPT) ak gwoup ame yo ki ta lakoz yon ti kalm obsève nan kèk zòn nan kapital la.”

Ayiti-eleksyon: komite pilotaj konferans nasyonal la, pwofesè Enex Jean Charles prezide, remèt pwojè tèks konstitisyonèl...
29/08/2025

Ayiti-eleksyon: komite pilotaj konferans nasyonal la, pwofesè Enex Jean Charles prezide, remèt pwojè tèks konstitisyonèl final la bay Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak Primati, jodi 28 dawou 2025 lan.

Rete pou tèks sa a al nan referandòm jan dekrè 3 jiyè 2025 pase a te di sa, men otorite yo poko bay okenn dat pou sa.

N ap raple, gouvènman an di wè pa wè ap gen referandòm ak eleksyon avan dat 7 fevriye pou yo pase pouvwa a bay moun ki soti nan eleksyon. Divès aktè gen dout sou kondisyon sekirite anndan peyi a, men otorite yo di y ap fè eleksyon yo kanmenm.

Amérique Info7 .

Bwakale nan Petyonvil : Krazebaryè pa ko vle lapè k ap klèwonen anMalgre Vivansanm ap pale de lapè, granm bonè nan maten...
27/08/2025

Bwakale nan Petyonvil : Krazebaryè pa ko vle lapè k ap klèwonen an

Malgre Vivansanm ap pale de lapè, granm bonè nan maten mèkredi 27 out 2025 lan, gang Krazebaryè ki mele ak 400 Mawozo te pase anba mòn Chacha, tou pre zòn Kamay, epi yo te moute nan katriyèm seksyon Bèlvi Lamontay, nan komin Petyonvil, nan zòn mache Grefen pou al simen latwoublay. Zèfèyis yo te al kwaze sou gwoup brigad zòn sa yo epi kout zam te fè mikalaw. 5 bandi mouri anba kout zam, 2 tou pre mache Grefen, 2 tou pre wout Metivye, youn mouri nan yon ravin apre li te bay anpil san anba plizyè katouch li te resevwa nan divès pati nan kò l. Bandi yo te gentan mete dife nan plis pase 3 kay pandan yo te fenk parèt Grefen, men popilasyon an te gentan alète brigad yo atan. Okenn moun nan popilasyon an pa viktim. N ap raple w, gang Krazebaryè a pa janm moute nan zòn sa yo pou yo pa plede mouri san rete, men gang nan toujou prete lòt sòlda swa nan men 400 mawozo, swa nan men Djèf Gwolwa pou vin mouri anwo a, selon sa plizyè manm popilasyon an fè konnen. Responsab zòn sa yo mande pou moun ki pa bezwen pa vin fè enpridans nan zòn tankou Gwojan, Divye, Grefen, Fòjak, Kagwo, Doko, Metivye, Lespinas, Glò, Tinèl, san konte divès lòt katye nan komin Petyonvil kote moun yo trè veyatif.

27/08/2025

Bwakale nan Petyonvil : Krazebaryè pa ko vle lapè k ap klèwonnen an

Malgre Vivansanm ap pale de lapè, granm bonè nan maten mèkredi 27 out 2025 lan, gang Krazebaryè ki mele ak 400 Mawozo te pase anba mòn Chacha, tou pre zòn Kamay, epi yo te moute nan katriyèm seksyon Bèlvi Lamontay, nan komin Petyonvil, nan zòn mache Grefen pou al simen latwoublay.

Zèfèyis yo te al kwaze sou gwoup brigad zòn sa yo epi kout zam te fè mikalaw. 5 bandi mouri anba kout zam, 2 tou pre mache Grefen, 2 tou pre wout Metivye, youn mouri nan yon ravin apre li te bay anpil san anba plizyè katouch li te resevwa nan divès pati nan kò l.

Bandi yo te gentan mete dife nan plis pase 3 kay pandan yo te fenk parèt Grefen, men popilasyon an te gentan alète brigad yo atan. Okenn moun nan popilasyon an pa viktim. N ap raple w, gang Krazebaryè a pa janm moute nan zòn sa yo pou yo pa plede mouri san rete, men gang nan toujou prete lòt sòlda swa nan men 400 mawozo, swa nan men Djèf Gwolwa pou vin mouri anwo a, selon sa plizyè manm popilasyon an fè konnen.

Responsab zòn sa yo mande pou moun ki pa bezwen pa vin fè enpridans nan zòn tankou Gwojan, Divye, Grefen, Fòjak, Kagwo, Doko, Metivye, Lespinas, Glò, Tinèl, san konte divès lòt katye nan komin Petyonvil kote moun yo trè veyatif.

27/08/2025

Yon gwoup militan politik nan Okap denonse move jesyon Direktè APN Okap la, Ronald Célicourt, nan yon rankont ak laprès 26 Dawout 2025. Yo mande ULCC vin fè ankèt prese prese nan biwo APN nan.

25/08/2025

Pati politik Tèt Ansanm, ki gen nan tèt li ansyen Senatè Kelly Bastien, te òganize twa (3) jounen fòmasyon pou plizyè jèn. Yo resevwa sètifika yo nan Samdi 23 Dawout 2025 la.

Adresse

Chanmas/bois Verna/USA, CANADA �
Cap-Haïtien
HT1310

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Amérique Info7 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Amérique Info7:

Partager