19/12/2025
Flash! Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), envite ajan enterimè meri Pòtoprens lan Ralph Youry Chevry lendi kap 22 Desanm 2025 lan pou vin reponn ak divès kesyon ki konsène l. Envitasyon sa vini aprè plizyè ajan DCPJ akonpanye ak komisè gouvènman Pòtoprens lan Fritz Paterson Dorval te fè yon fouy kay premye sitwayen komin lan jou kite vandredi 12 desanm lan, kote yo te pote ale 3 zam ak yon dwòn sipèvizyon.
Majistra a ki kalifye zak si la de yon pèsekisyon politik deklare li deja depoze yon plent nan tribinal premye enstans kont aktyèl responsab DCPJ a ki se Marc Justin.
Nap raple majistra Youry Chevry te gen yon avi rechèch dèyèl sou rèy ansyen prezidan Jovenel Moïse pou enplikasyon prezime li te gen ak gwoup fantom 509, sa ki te lakoz li te elwanye peyi a pandan yon ti tan. Swit aprè ankèt ak rapò DCPJ te vin mete deyò, kite rive blanchi l sou tout akizasyon sa yo.