Broadcast Mizik

Broadcast Mizik Broadcast Mizik | Selil dekouvèt mizik Ayisyèn.

Broadcast Mizik se yon platfòm medya kiltirèl ki pran nesans depi 2 oktòb 2019, ak yon vizyon klè pou sèvi mizik ayisyen...
29/05/2026

Broadcast Mizik se yon platfòm medya kiltirèl ki pran nesans depi 2 oktòb 2019, ak yon vizyon klè pou sèvi mizik ayisyen an atravè pwomosyon, valorizasyon ak distribisyon kontni kiltirèl yo.
Depi kreyasyon nou, misyon nou se mete an avan talan ayisyen yo, sipòte atis yo nan devlopman yo, epi kreye opòtinite ki kapab bay mizik ayisyen an plis vizibilite sou plan nasyonal ak entènasyonal.
Nou angaje nou nan realizasyon plizyè pwojè kiltirèl ak medya ki vize pote plis fòs, plis ekspozisyon ak plis valè pou endistri mizikal ayisyen an. Atravè travay nou yo, nou vle kontribye nan evolisyon mizik la pandan n ap prezève richès ak idantite kilti ayisyèn nan.
Broadcast Mizik, se pa sèlman yon medya, men se yon vrè espas dekouvèt, pwomosyon ak valorizasyon pou nouvo talan ansanm ak mizik ayisyen an, an jeneral.

“Nou se selil dekouvèt mizik ayisyen.”

Jodi a se fèt yon gran potorik gason, yon figi trè pwometè nan domèn medya kiltirèl.Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete l...
10/05/2026

Jodi a se fèt yon gran potorik gason, yon figi trè pwometè nan domèn medya kiltirèl.

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete l yon bon rekòt kafe, anpil siksè, benediksyon ak gwo reyalizasyon nan tout sa l ap antreprann. Kontinye briye epi pote valè nan kilti ak medya!

Atis Jeff Legal pare pou make yon nouvo etap nan karyè mizikal li ak lansman nouvo mizik li a, “Ou Gou,” yon mizik fanat...
03/05/2026

Atis Jeff Legal pare pou make yon nouvo etap nan karyè mizikal li ak lansman nouvo mizik li a, “Ou Gou,” yon mizik fanatik li yo deja ap tann avèk anpil enpasyans.
Avèk nouvo pwodiksyon sa a, Jeff Legal pwomèt pou pote yon souf fre sou sèn mizikal la, gras ak yon sonorite sansyèl, emosyonèl, ak kaptivan. “Ou Gou” prezante yon anbyans ki chaje ak pasyon, kote atis la plonje nan eksplorasyon santiman pwofon, dezi entans, ak atraksyon irezistib yon moun ka devlope pou yon lòt.
Tit la, ki pote yon metafò fò sou “gou,” depase sans literal li pou tradui prezans inoubliyab yon moun ki make lespri ak sans yon lòt, yon prezans ki toujou bay anvi retounen, reviv, epi “goute” ankò. Atravè pawòl evokatif ak yon entèpretasyon dous men pwisan, Jeff Legal rive melanje tandrès ak pasyon nan yon fason ki touche kè piblik la.
Nouvo mizik sa a konfime yon lòt fwa ankò kapasite Jeff Legal pou l kreye mizik ki pa sèlman modèn, men ki konekte pwofondman ak emosyon moun ap viv chak jou. Pandan dat ofisyèl lansman an ap pwoche, eksitasyon kontinye ap monte bò kote fanatik yo ak obsèvatè mizik yo.
“Ou Gou” deja anonse kòm yon pwojè ki gen tout potansyèl pou sedui amatè mizik romantik ak sansyèl, pandan li kapab vin youn nan gwo referans mizikal Jeff Legal nan peryòd sa a. Yon nouvo chapit sanble pare pou ekri nan pakou atis la.

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete Jay B Boy97, 2e gayan konkou Reveye Blòk 2025, yon bon rekòt kafe plen benediksyon, p...
28/04/2026

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete Jay B Boy97, 2e gayan konkou Reveye Blòk 2025, yon bon rekòt kafe plen benediksyon, pwogrè ak bèl opòtinite.
Ke sezon sa a pote fòs, kouraj ak plis limyè sou tout pwojè w yo. Kontinye make prezans ou ak detèminasyon pandan w ap avanse sou wout siksè a.
Bon rekòt kafe ak anpil respè nan men tout ekip BROADCAST MIZIK la.

Broadcast Mizik an kolaborasyon ak LMGE Studio ap prezante bay gran piblik la yon nouvo mizik ki gen anpil potansyèl pou...
19/04/2026

Broadcast Mizik an kolaborasyon ak LMGE Studio ap prezante bay gran piblik la yon nouvo mizik ki gen anpil potansyèl pou make lespri moun yo.
Tit mizik la se “Sou Moun”, yon kolaborasyon ant atis "émergent" Jay B Boy97 ak Alixon Kontwòl. Mizik sa a ap disponib ofisyèlman apati 28 avril 2026 sou tout platfòm dijital yo.

Li enpòtan pou note ke Jay B Boy97 se dezyèm gayan Tchalendj “Reveye Blòk 2025”, yon konpetisyon ki mete an avan talan jèn atis yo epi bay yo opòtinite pou briye sou sèn mizikal la.
Avèk pwojè sa a, atis yo pwomèt yon son ki rich an emosyon, reyalite ak mesaj ki kapab manyen kominote a.

Dat sòti ofisyèl: 28 avril 2026
🎵 Tit: Sou Moun
🎤 Atis: Jay B Boy97 feat. Alixon Kontwol
Rete branche… bagay la cho 🔥

Depi byen bonè nan lavi li, atis la te deja gen yon koneksyon pwofon ak mizik. Li fè konnen premye kontak li ak linivè m...
19/04/2026

Depi byen bonè nan lavi li, atis la te deja gen yon koneksyon pwofon ak mizik. Li fè konnen premye kontak li ak linivè mizikal la sòti lakay li, kote papa li te konn ap jwe mizik avèk anpil pasyon. “Mwen te konn gade papa m ap chante ak kè kontan pandan mizik yo ap pase. Li te gen anpil kasèt, e nan katye a yo te konn rele l Cubano,” li rakonte.
Yon lòt etap enpòtan nan dekouvèt li se lè li te jwenn kèk kasèt, magazin ak CD nan yon bwat yon tonton li te voye sòti aletranje. Se moman sa a li konsidere kòm premye rankont reyèl li ak mizik, yon rankont ki pral make lavi li nèt.
Malgre li te fè yon ti pasaj nan legliz, eksperyans lan pa t dire lontan. Li eksplike ke, kòm timoun, li pa t vrèman adapte ak disiplin legliz la, menm si manman li te konn fòse li ale. Peryòd sa a pa t sifi pou kenbe li, paske li te plis atire pa libète ak aktivite timoun nan lari.
Se kèk ane aprè, sou ban lekòl Père de Montfort nan Tijo nan komin Pòtoprens, li pral rekonekte ak mizik ankò. Sepandan, se an 2016 li deside pran mizik oserye, aprè plizyè fòmasyon ki ede li estriktire tèt li kòm atis pwofesyonèl, avèk sipò Eliacim Abolasen.
Atis la fè konnen enfliyans li yo sòti nan plizyè estil, tankou rap ameriken ak fransè, dancehall, zouk ak lòt sonorite. Avèk tan, li devlope yon pasyon pwofon pou mizik, e li rive dekouvri pwòp talan li. “Mwen vin konprann fòk mwen konstwi don sa a pou m ka bay li tout valè li,” li eksplike.
Jodi a, li pare pou prezante nouvo pwojè li ki rele “Nostalji ak Souvni”, yon EP ki vini kòm yon avan-gou pandan piblik la ap tann premye albòm estidyo li, “ÀZéro19.08.25”, ki deja fini men k ap tann resous nesesè pou lansman li.
Nan vizyon li, pwojè sa a gen pou objektif anrichi diskografi dancehall ayisyen an. Li raple ke aprè disparisyon kèk gwo non tankou Full Bass, Rbass ak Izi One, ansanm ak kontribisyon Solèy Sound, mouvman an te pèdi fòs li. Se nan kontèks sa a li deside pote yon nouvo enèji, ak yon sonorite modèn, yon lespri kreyatif, epi yon volonte pou bati yon kominote solid alantou reggae dancehall nan peyi a.
“Nostalji ak Souvni” se plis pase yon pwojè mizikal. Se yon refleksyon sou memwa, eritaj ak espwa. Daprè atis la:
Nostalji ba nou fòs pou nou vanse, tandiske souvni yo kite tras ki alimante lespwa nou.
Li wè travay sa a kòm yon kontinite nan eritaj zansèt yo, kote chak mizik pote yon pati nan nanm dancehall la. Chak pawòl, chak son, se yon ekspresyon kouraj ak espwa pou yon avni miyò.
Pwojè a dedye a tout pèp ayisyen an, ak yon omaj espesyal pou Pacia Flaunesse Ma’ek Tyna, Marc Bryan Pierre, ansanm ak de timoun li konsidere kòm “ti zanj limanite”, ki senbolize lanmou, aksyon ak espwa.
EP a gen 7 mizik, pami yo:
DD Saw Gen La
Single Mada (yon adaptasyon orijinal Mister Nayh)
Graduation (ak yon entèpolasyon 10 segonn nan “Pa Kriye Kanpech”)
Lejand (ak Manman Cori / Chosen, anba sipèvizyon 971 Empire)
Nostalji ak Souvni
Viktim (yon storytelling remasterize)
Me Luv Yah (yon deklarasyon lanmou pou Ayiti)
Daprè atis la, pwojè a se yon pwen depa pou yon mouvman pi laj: sòti dancehall la anba tonèl pou mennen li sou gwo sèn entènasyonal yo.
“Nostalji ak Souvni” ap disponib sou tout platfòm distribisyon mizik apati 20 avril.

09/04/2026

NOUVO MIZIK !
“Lari a se pou nou”
Usher Port-de-Paix Feat. Maico Net
🔥 Yon son ki pote mesaj lari a, yon vwa pou kominote a, yon vibrasyon ki frape fò !
Si w renmen bon mizik ak bon mesaj, son sa obligatwa pou playlists ou!
📌 tande l sou YouTube
👉 [Link YouTube la] https://youtu.be/wF0L7uKBmoo?si=bHF_pGJBPq2GP_nV
👍 Like
💬 Kòmante
🔁 Pataje
🔔 Abòne pou w soutni travay la!

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete K-Dilak yon bòn fèt.Swete l yon bòn fèt nan kòmantè yo ⬇️
07/04/2026

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete K-Dilak yon bòn fèt.

Swete l yon bòn fèt nan kòmantè yo ⬇️

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete Beethova Obas yon bòn fèt.Swete l yon bòn fèt nan kòmantè yo ⬇️
25/03/2026

Tout ekip BROADCAST MIZIK la swete Beethova Obas yon bòn fèt.

Swete l yon bòn fèt nan kòmantè yo ⬇️

Aprè yon bon tan poz nan endistri mizik la, Bedjine retounen ak yon enèji fre ak yon emosyon ki palpe nan dènye videyo l...
25/03/2026

Aprè yon bon tan poz nan endistri mizik la, Bedjine retounen ak yon enèji fre ak yon emosyon ki palpe nan dènye videyo li, « Foli renmen ». Chantèz la, ki toujou konn konbine melodi dous ak yon prezans vizyèl ki chaje sansibilite, frape fò ankò ak yon pwojè ki montre matirite atistik li.

« Foli renmen » pote yon narasyon modèn sou relasyon ak pasyon, avèk yon atitid ki fè fanatik yo remake imedyatman chanjman nan direksyon mizikal ak imaj Bedjine. Videyo a prezante yon estetik ki byen travay, ki matche ak vokal pwofon li yo.
Retou sa a make yon nouvo etap nan karyè chantèz la, e deja, piblik la ap akeyi l ak anpil antouzyasm. Bedjine parèt pare pou reòganize plas li nan mizik ayisyèn nan, epi « Foli renmen » sanble se premye siy yon nouvo chapit ki pral make.
Fanatik yo ka ale sou YouTube pou dekouvri videyo a, pandan endistri a ap tann pwochen mouvman chantèz la ak anpil kiryozite.

Adresse

Delmas 31
Port-au-Prince
509

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Broadcast Mizik publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager