SSonTv News Channal

SSonTv News Channal La méthode, la fiabilité et la crédibilité sont les valeurs standards de nos sources d'informations.

26/10/2025

Le Culte d’adoration de la 1e église Baptiste évangélique de Douglassville de Georgia

The Worship Worship of the 1st Evangelical Baptist Church of Douglassville, Georgia

24/10/2025

Kòdonatè POPP (PLATFÒM ÒGANIZASYON POPILÈ E POGRESIS) la, Pierre Adrien mande tout sektè ki pa gen viris KPT a nan san yo, pou yo mobilize pou retire 9 asasen sa yo sou pouvwa, paske yo pap regle anyen nan tèt peyi a, menm si yap pale koze eleksyon li pap posib, jiska prezan moun ak kouri pou bandi, anpil elèv se nan kan yo ye,pou rezon sa,7 Fevriye 2026 pou mesye dam sa yo lage pye yo,pou yon lòt pèsonalite ki pa enplike nan koze koripsyon nan peyi a vin dirije.

23/10/2025

ansanm sinyatè akò Karibe yo deklare yo pa nan Negosye ak KPT a, paske Moun sa yo echwe nan Misyon yo, yo pap ka fè elekasyon pèp la pa fè yo konfyas, yo se yon bann koriptè! nan sans sa
Abel Loreston kise prezidan AKÒ M***a mande tout popilasyon an, pou yo leve kanpe pou retire 7 sansi sa yo nan tèt peyi a!.

18/10/2025

nan sware Vandredi 17 Oktòb 2025 lan, ki make 219èm anivèsè lanmò Jn Jacques Dessalines Moun kap Viv nan kan yo, te pran lari ak bouji nan men yo, yon fason pou adrese ak anperè Jn Jacques Dessalines pou fè yon Mirak pou yo, pou Dirijan yo pran konsayans pou retire yo nan nan vye Sitiyasyon yap viv!.

nan okazyon 219èm lane Komemorasyon anperè Jn Jacques Dessalines Jounen Vandredi 17 Oktòb 2025 lan, PLATFÒM JENERASYON 8...
18/10/2025

nan okazyon 219èm lane Komemorasyon anperè Jn Jacques Dessalines Jounen Vandredi 17 Oktòb 2025 lan, PLATFÒM JENERASYON 80/ 90/ 2000 te reyini plizyè inivèsitè ak ekolye nan Kad Yon konferans daba yo te reyalize nan Collège st amant ki twoul Dèlma 31 pou explike jèn yo ki Moun Jn Jacques Dessalines te ye, e ki enpòtans Jou 17 Oktòb la, gen yen pou pèp Ayisyen!

Dieunel Michel kise Kòdonatè ak Elie Michel kise Responsab Kominikasyon te tou pwofite mande pèp Asyien pou mete tèt yo ansanm pou sou diyite yo menm ak anperè Jn Jacques Dessalines!.

16/10/2025

Nan kad yon entèvyou jodi Jedi 16 Oktòb 2025, pòt pawòl Platfòm politik Faisceau Démocratique Haïtien (FHF) tap reyaji sou kriz sosyo sosyo politik peyi Dayiti kote ensekirite kontinye ap vale teren,epi plis teritwa vin pèdi sou 9 manm KPT yo,ke yo rete 3 mwa sou pouvwa anyen pa janm regle.

Pou rezon sa,Jean Marc Nicolas mande pou pèp la pran konsyans, epi li kwe fòs kap antre la ap ka rezoud ensekirite a.

15/10/2025

Sitiyasyon an,te konplike Devan viladakèy Jounen Mèkredi 15 Oktòb 2025 lan, nan Kad Manifestasyon kite òganize pa Mèt Caleb Jn Batiste pou di Kominote entènasyonal la, kòm se yon menm kite fòme KPT a, pou yo krazel paske nèg sa yo se 9 brakè kap vòlè kòb pèp la!

14/10/2025

Blòk avoka angaje kap dirije pa Mèt Caleb Jn Baptiste anonse gwo manifestasyon devan Vila Dakèy pou mande depa KPT a, Mèkredi 15 Oktòkb 2025.

14/10/2025

Eskwad Demokratik (ED), ki gen kòm Prezidan Paul Gerot Jn Baptiste mande gouvènman pou li desann pri gaz lan,se kòb petwo karibe yo tap remèt ki fè li te monte.nan yon pwen de près Lendi 13 Oktòb 2025.

12/10/2025

Nan kad pwogram Asistans Ekonomik ak Sosyal lan, Gouvènman an lanse yon nouvo etap nan jefò pou soulaje fanmi yo ak sipòte paran elèv yo. Se konsa,Jedi kite 10 Oktòb 2025, 21 549 paran elèv resevwa èd finansye dirèk nan men Leta atravè platfòm MonCash, ki se sèvis transfè mobil konpayi Digicel la.

11/10/2025

men nan ki eta Gang Babekyou mete nazon!😭🤭

Adresse

Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque SSonTv News Channal publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager