08/07/2026
Gwo Roch Lakou se Lakou kote manbre kote houngan Genel Dessalines chita poul travay nan zafè lwa yon moso relijyon ki tabli kol nan kilti Ayisyen an
Chak ane Houngan sa toujou fe aktivite 21 ak 22 jiyè se toujou yon plezi pou kokalite pou moun vin gade bel defile kap fe nan 3kafou sa yo takou KAFOU KALBASYE, KAFOU SI YO VLE ak KAFOU TIMOULEN apre defile a toujou gen yon seremoni bèt ki fet pou aswè sosyete Sanpwel yo manje.
Chak ane yo toujou gen plizye sosyete ki soti nan tout peyi a tankou MOVE VAN,NEG MAWON ,YASEZI poun site sa yo selman tout ,sosyete fe konbit madyawe vin fete ak Lakou saa pi prezizeman ak divinite chef lakou a yo rele Jeneral Malè Pandye. Se toujou yon moman poul sakre tout pitit lakou sa bayo bwè manje elatriye
Sak pi bel nan koze fet saa se model adorasyon chak pitit lakou saa gen pou divinite Espri ki rele Malè Pandye a yon respè total kapital non selman pou Lwa saa men pou houngan ak metres kap dirije lakou sa
Houngan Dessa bay tout pitit li lanmou nan fon zantray li pataje konesan li ak tout san distenksyon pou fome yo espirityelman lokalite kote Houngan ap viv la li respekte tt moun se sa ki relz yon bon Notab relijye li se yon model pou tout jenn gangan kap vini li nan tout aktivite sosyal ki gen pou wè ak jenes la chak moun se yon valè se ti pawol li renmen di li toujou ankouraje jenn yo al lekol timoun jodi granmoun demen yan li toujou yo pawol.la.nan tout sans ak nan fongè sal defini
Lakou Gwo Roch se yon espas aprantisaj chak moun gen menm valè, yon valè esperitye san mezire ki soti nan Mawu Lisa
Pou kenbe travay saa li pa vreman fasil men nap di ak houngan Dessa kenbe red pa moli k ontinye travay pou fe sevis zanszet yo.