Haiti 24 infos

Haiti 24 infos Haitiinfos24 est 1 media credible qui traitre les infos d'une maniere rassurante avant DE les publier

Eskandal BNC: Enplikasyon Smith Augustin, Gerald Gilles ak Emmanuel Vertilaire nan Dosye aNan dènye devlopman ki frape s...
06/04/2025

Eskandal BNC: Enplikasyon Smith Augustin, Gerald Gilles ak Emmanuel Vertilaire nan Dosye a

Nan dènye devlopman ki frape sektè finansye Ayisyen an, non Smith Augustin, Gerald Gilles ak Emmanuel Vertilaire site nan yon eskandal ki sanble enplike zam ak lajan. Daprè sous konfyans, enplikasyon yo nan dosye Bank Nasyonal Kredi (BNC) ap revele pi plis chak jou, pandan òganizasyon KPT ap kouvri detay yo.

Kisa Eskandal BNC a Ye?
Bank Nasyonal Kredi se youn nan enstitisyon finansye Leta Ayisyen kontwole. Sepandan, nan dènye mwa yo, plizyè denonsyasyon te fèt sou jesyon fon yo, ak akizasyon sou finansman aktivite ilegal.

Selon enfòmasyon ki koule, zam kap sikile ak transfè finansye sispèk mete kèk gwo non sou sèn nan, enkli Smith Augustin, Gerald Gilles ak Emmanuel Vertilaire. Yo sipoze enplike nan tranzaksyon ki ta ka gen rapò ak finansman gwoup ame viv nan🩸, blanchiman lajan ak lòt aksyon ki kont lalwa.

Enpak Eskandal la sou Sosyete a
Eskandal sa a soulve plizyè kesyon sou transparans ak kontwòl sektè finansye Ayiti. Depi kèk tan, plizyè enstitisyon entènasyonal ap mete presyon sou Ayiti pou kontwole plis mouvman lajan ki ka sèvi pou destabilize peyi a.

Pandan KPT ap mennen ankèt sou sijè a, anpil moun mande pou otorite yo reponn akizasyon yo ak transparans. Si enplikasyon Smith Augustin, Gerald Gilles ak Emmanuel Vertilaire konfime, sa ka mennen konsekans grav, tankou arestasyon ak sanksyon finansye.

Kisa Kap Pase Apre?

Se pa premye fwa non gwo pèsonalite yo site nan dosye koripsyon ak finansman aktivite ilegal an Ayiti. Rete pou wè si otorite yo ap pran aksyon serye pou mennen ankèt sou ka sa a epi mete lajistis an mouvman.

Pou kounye a, dosye BNC a kontinye ap fè bri, e KPT ap kontinye mennen rechèch sou sa ki kache dèyè eskandal sa a.

Nou ap suiv evolisyon sitiyasyon an epi bay plis detay le yo disponib.

"BouBouline, yon Fanm Ekstraòdinè ki Gen Plas li Nan Sosyete a"Pòtoprens, 26 Mas 2025 — Nan yon sosyete kote defi yo pa ...
26/03/2025

"BouBouline, yon Fanm Ekstraòdinè ki Gen Plas li Nan Sosyete a"

Pòtoprens, 26 Mas 2025 — Nan yon sosyete kote defi yo pa janm fini pou fanm, BouBouline reprezante yon modèl kouraj ak detèminasyon. "Ou gen plas ou nan sosyete a, ou se yon fanm ekstraòdinè," se mesaj ki sou bouch anpil moun ki remake batay li chak jou pou li make pa l nan lavi a.

Pou anpil moun, BouBouline pa sèlman yon non, men li vin tounen yon senbòl. Senbòl tout fanm ki leve chak maten ak lespwa, ki kwè nan kapasite yo e ki kontinye batay pou plas yo rekonèt nan tout sektè lavi a.

Nan yon epòk kote fanm ap fè fas ak anpil baryè sosyal, ekonomik, ak politik, BouBouline mete tèt li kòm yon egzanp. Li raple chak fanm, pa gen rèv ki twò gwo, pa gen plas ki rezève sèlman pou gason. Fanm se poto mitan, fanm se lespwa.

Mesaj sa a vin jete limyè sou nesesite pou sosyete a kontinye bay fanm plas yo merite, valè yo merite, e rekonèt kontribisyon san parèy yo nan tout nivo

Jean Varnel Pierre kise Alye Gang Viv Nan🩸e zanmi poul boukannen: Reflèksyon sou Revandikasyon pou Revoke Polisye ki Kan...
24/03/2025

Jean Varnel Pierre kise Alye Gang Viv Nan🩸e zanmi poul boukannen: Reflèksyon sou Revandikasyon pou Revoke Polisye ki Kanpe Kont Krim

Nan yon klima ensekirite k ap vinn pi grav chak jou, non Jean Varnel Pierre parèt sou lis moun plizyè sektè akize kòm alye ak moun k ap simaye laterè nan sosyete a nan fè divèsyon sou bon polisye kap batay kont gang

Pòtoprens — Plizyè vwa ap leve kont Jean Varnel Pierre, yon sitwayen ki, daprè plizyè sous, ta ap itilize enfliyans li pou sipòte ak kouvri gang ame k ap opere nan plizyè katye nan kapital la. Dènye deklarasyon li fè, kote li mande revokasyon polisye ki kanpe fas ak gang yo, souke opinyon piblik la.
Pou anpil obsèvatè, deklarasyon sa a se yon menas kont tout polisye k ap travay ak kouraj pou mete lòd ak sekirite nan peyi a, malgre mwayen yo limite. "Revandikasyon sa a montre byen klè kiyès li chita sou bò a," daprè sa yon analis sekirite eksplike.

Nan peyi kote krim ak ensekirite tounen yon mwayen pou kenbe pouvwa oswa chache richès fasil, plizyè sektè mande pou Leta pran responsablite li. "Nou pa ka kontinye ap gade moun ap jwe ak lavi pèp la. Chak moun ki ap sipòte gang yo dwe reponn devan lalwa," daprè deklarasyon yon òganizasyon dwa moun. Jean vanel Pierre kise zanmi Poul boukannen e kise alye viv nan 🩸ap atake komandan Samuel

Nan moman peyi a ap tranble anba violans ak kidnaping, tout je fikse sou desizyon otorite yo ap pran. Eske prèv ap mete deyò? Eske jistis ap fè travay li? Se sa anpil moun ap tann.

Kanapevè: Òganizasyon Lokal yo Demanti Nenpòt Aksyon Moun k Ap Pale nan Non yoKanapevè, 23 Mas 2025 — Plizyè òganizasyon...
23/03/2025

Kanapevè: Òganizasyon Lokal yo Demanti Nenpòt Aksyon Moun k Ap Pale nan Non yo

Kanapevè, 23 Mas 2025 — Plizyè òganizasyon sosyo-politik ak fòs viv nan Kanapevè mete pwen sou "i" pou denonse ak tout fòs yo, nenpòt moun oswa gwoup moun k ap pale nan non Kanapevè san yo pa gen okenn manda pou sa.

Nan yon deklarasyon yo fè rive jwenn plizyè jounalis yo,du SANG9, Fòs Kanapevè Reveye ak tout alye yo fè konnen yo pa rekonèt okenn deklarasyon, okenn pran pawòl, ni okenn aksyon ki fèt nan non Kanapevè oswa nan non òganizasyon yo, san patisipasyon ak konsantman yo.

« Nou pa gen okenn koneksyon ak viv nan🩸, swa sou rezo sosyal oswa sou teren, k ap pran la pawòl pou di se Kanapevè yo reprezante. Sa k ap fèt la, se sou do nou l ap fèt. Nou menm, moun Kanapevè ak tout òganizasyon nou yo, nou pale pou tèt nou, e se nou menm sèlman ki gen dwa fè sa », dapre sa kominike a fè konnen.

Òganizasyon yo raple tout moun ke batay Kanapevè se yon batay diyite ak respè pou dwa tout sitwayen yo. Yo lanse yon apèl bay tout popilasyon an pou rete vijilan fas ak moun k ap sèvi ak non Kanapevè pou fè politik pa yo.

"Kanapevè pa vann. Kanapevè pa bay manda. Kanapevè pap kite okenn moun pale pou li san l pa la." — se mesaj klè òganizasyon yo voye bay tout moun k ap eseye manipile opinyon piblik la.

Pou kounye a, fòs viv Kanapevè yo,tijo,debisi,pako,kriswa,kano,petyonvil,kwa depre,baryajou, boudon,elatriye.. mande tout medya ak tout moun verifye enfòmasyon yo jwenn avan yo repete pawòl k ap sikile sou non Kanapevè.

Konplo ou divèsyon se sa son la rya bay pou yon kantite malè ki pandje sou tèt popilasyon 2zyèm sikonskripsyon pòtoprens...
25/02/2025

Konplo ou divèsyon se sa son la rya bay pou yon kantite malè ki pandje sou tèt popilasyon 2zyèm sikonskripsyon pòtoprens lan lèn tande konplo Fritz Alphonse Jean ak tout alyel ki se majistra enkilpe Youry pilat 509 Ralph Chevry pou fin fè djob sal pou gang ti mesye viv nan 🩸 yo.

Ayiti depiw ap fe sak bon chèf isit ap kanpe anfas ou se optik sa de enkilpe sa yo mare sosis yo pou te mete anba kòd koman Samuel yon gason kanson yon konbatan ki di ak tout fòs li gang pap vin renye la san paspouki ni sitiran.

Nan batay kap mennen kont gang nan 2zyèm nan moun Kanapevè deside pa koabite ak gang sou tout fòm popilasyon an kanpe el komandan Samuel yap mache ak li koz li pap batay pou tèt li men pèp la kanpe bo kotel e yo di kle kou kleroz se lavi ou lanmò, batay la ap kontinye, atak, menas, pap nou pè ni fè bak fok Kanapevè rete entak

Suspensions et Promotions Contestées à la PNH : Une Réorganisation Suspecte ?Des décisions récentes au sein de la Police...
25/02/2025

Suspensions et Promotions Contestées à la PNH : Une Réorganisation Suspecte ?

Des décisions récentes au sein de la Police nationale d’Haïti (PNH) suscitent de vives réactions, notamment concernant des nominations et révocations jugées controversées.

Selon des sources internes, le commandant Hugue, responsable du transport et du carburant au sein de l’institution, aurait été révoqué sans possibilité de réintégration. À sa place, un commissaire aurait été nommé, avec un grade supérieur. Par ailleurs, Rony, en charge de la logistique, est qualifié d’inefficace, tandis que Malherbe, après un séjour aux États-Unis sous l’administration Biden, aurait été réintégré à son retour en tant qu’assistant directeur logistique.

Une autre nomination fait particulièrement polémique : celle de Pierre René François, ancien responsable des prisons à la Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ). Sous sa gestion à la Direction de l'Administration Pénitentiaire (DAP), trois grandes prisons du pays – le Pénitencier National, la prison civile de Croix-des-Bouquets et celle de Cabaret – ont été détruites lors d’attaques de gangs, notamment ceux affiliés au groupe "Viv Ansanm". Aucun rapport officiel ni enquête n’a été communiqué sur ces événements majeurs.

Malgré ces incidents, Pierre René François a été promu à la tête de la DCPJ par Rameau Normil, un choix perçu par certains comme une récompense plutôt qu’une sanction. Pour de nombreux observateurs, cette nomination renforce l’idée d’un plan organisé visant à démanteler le système carcéral afin de libérer des criminels et renforcer les gangs dans la zone métropolitaine.

Face à ces accusations, la population attend des explications des autorités concernées, tandis que la défiance envers les institutions sécuritaires continue de croître.

03/04/2024

Komise Muscadin ap mete lod

Lapolis ap travail pou lod retabli
03/04/2024

Lapolis ap travail pou lod retabli

02/04/2024

Pandan revolisyon tet chat lan ap fet se malere kap chache lavi pou pote la majay pou la fanmi se yo kap tombe bien ke pésón pa ta dwe tonbe ayiti peyi spesyal peyi Guerria urbain

02/04/2024

Frè Luckson pote Yon Bòn Nouvèl pou tout Moun ki renmen travay li an. Sa merite pataje Mezanmi

01/04/2024

Apré arab fin pale konsa ke ajan UTAG yo ta gen kob nan men yo pou ta etenn souf li li Santi li panike bagay yo melanje

Adresse

Port Au Prince Haiti Department DE L'oeust
Port-au-Prince
HT6110

Téléphone

+50947704294

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Haiti 24 infos publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Haiti 24 infos:

Partager