22/07/2026
Èske w remake lè chalè a twò fò, ou vin fache pi fasil , pi fatige oswa ou pa gen pasyans ?
Chalè pa sèlman fè nou swe ; li ka enfliyanse fason nou santi nou tou. Lè tanperati a wo, kò a depanse plis enèji pou l refwadi tèt li. Sa ka fè nou pi fatige, pi fasil irite, epi pafwa mwens pasyan. Si w remake sa lakay ou oswa lakay yon moun, sonje sa pa toujou vle di gen yon pwoblèm sikolojik. Men, si chanjman imè yo dire lontan, yo twò entans, oswa yo kòmanse deranje lavi chak jou, li enpòtan pou pale ak yon pwofesyonèl sante mantal.
Pran swen kò w.
Pran swen lespri w. Toude mache ansanm.