Radio Télé Variation Infos plus

Radio Télé Variation Infos plus Rezo bon Enfomasyon

CEP bay pati ak gwoupman politik yo nimewo kanpay yo.Pòtoprens, 20 dawout 2026 — Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP/KEP) l...
20/08/2026

CEP bay pati ak gwoupman politik yo nimewo kanpay yo.

Pòtoprens, 20 dawout 2026 — Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP/KEP) lanse yon lòt etap nan pwosesis elektoral la avèk tiraj nimewo kanpay pou pati ak gwoupman politik ki jwenn akreditasyon yo.

Operasyon an te fèt mèkredi 19 dawout la, kote 105 estrikti politik te patisipe, ladan yo 88 pati politik ak 17 gwoupman politik.

Daprè , tiraj sa a fèt pou asire yon atribisyon nimewo ki jis, transparan ak o aza pou chak fòmasyon politik k ap patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Prezidan la, , fè konnen eleksyon yo dwe pèmèt pati politik yo prezante vizyon ak pwogram yo nan respè règ demokratik yo. Li mete aksan sou angajman enstitisyon an pou garanti egalite ant tout konkiran yo.

Direktè jeneral la, , remèsye tout patnè ak reprezantan politik ki te patisipe nan etap sa a. Li anonse tou enskripsyon kandida yo ap kòmanse 20 dawout 2026.

Sektè politik la ap suiv pwochen etap pwosesis elektoral la pandan peyi a ap prepare pou pwochen eleksyon yo.

20/08/2026

Militant Fanmi Lavalas yo kase mete nan men pandan yo fè konnen ap patisipe nan eleksyon yo nan tout nivo.

CFU Concacaf 2026 : Violette AC pran tèt gwoup A a.  Ayiti kontinye enpresyone nan   2026 la. Aprè gwo viktwa 3-0 yo te ...
20/08/2026

CFU Concacaf 2026 : Violette AC pran tèt gwoup A a.

Ayiti kontinye enpresyone nan 2026 la. Aprè gwo viktwa 3-0 yo te reyalize kont nan Trinidad and Tobago, klèb ayisyen an ranpòte yon dezyèm siksè fas ak nan Repiblik Dominikèn.

Sèl grenn gòl rankont lan ta pral make avèk nan 51yèm minit pou pèmèt klèb ayisyen an pran 3 pwen ankò epi vin pi bon bitè konpetisyon an avek yon gòl make nan chak match.

Avèk 6 pwen nan 2 match, 4 gòl make epi 0 gòl konsede, Violette AC domine gwoup A a.

Ayiti: Yo rapòte chèf gang Vitel’Homme Innocent ta mouri aprè yon atak ak dròn.Chèf gang Kraze Baryè a,  , ta mouri selo...
20/08/2026

Ayiti: Yo rapòte chèf gang Vitel’Homme Innocent ta mouri aprè yon atak ak dròn.

Chèf gang Kraze Baryè a, , ta mouri selon enfòmasyon jounalis rapòte. Dapre sous sa a, chèf alkayida a ta viktim aprè yon atak ak dwòn kamikaz fòs lòd yo te lanse kont li semèn pase a.

Chèf gang Torcel ak Tabarre la, te deja mete sou lis 10 gwo fijitif Etazini te mete plizyè milye Dola sou tèt li nan novanm 2023 a pou akizasyon ki gen rapò ak kidnapin ak lòt zak kriminèl.

Pou kounye a, pa gen okenn kominikasyon ofisyèl otorite ayisyen yo ki konfime lanmò prezime chèf gang lan. Enfòmasyon an rete anba verifikasyon.

FOUTBÒL – TROPHÉE JOAN GAMPER 2026.FC Barcelone leve twazyèm trofe preparasyon li apre li bat Al Ahly 2-1.Nan kad Trophé...
20/08/2026

FOUTBÒL – TROPHÉE JOAN GAMPER 2026.

FC Barcelone leve twazyèm trofe preparasyon li apre li bat Al Ahly 2-1.

Nan kad Trophée la, ekip katalan an pran viktwa devan klèb ejipsyen an gras ak yon gòl ak .

Blaugranes yo te pran kontwòl match la depi premye mitan an, pandan te rive retounen nan match la ak yon gòl nan dezyèm peryòd la. Nouvo rekri Azulgrana yo te rate yon penalite nan fen rankont lan ki te kapab pèmèt agrandi diferans lan.

Yon viktwa ki pèmèt Curles yo fini preparasyon li yo sou yon bon nòt anvan match y ap gen pou jwe weekend sa a.

19/08/2026

EFÒ PAM ak FORCES distribye kit eskolè ak manje cho pou timoun nan kad yon kan dete.

Òganizasyon , an kolaborasyon ak òganizasyon , òganize yon aktivite sosyal ak edikatif kote yo distribye plizyè 100tèn kit eskolè bay timoun epi yo ofri yo yon pla cho. Aktivite sa a te dewoule lendi 17 dawout 2026 la nan Karade Kan Tòtò 6, nan kad yon kan dete òganizasyon yo mete sou pye.

Pòt pawòl nan, Mme , fè konnen kan an ap dire 2 semèn. Daprè li, pandan peryòd sa a, timoun yo ap patisipe nan plizyè aktivite ki vize ede yo aprann konesans ki itil pou lavi chak jou.

Mme Germain pwofite okazyon an pou mande sipò ak akonpayman otorite santral yo, sitou pou jwenn plis mwayen pou pèmèt plis timoun jwenn aksè ak ledikasyon.

Pou bò pa li, responsab òganizasyon la, Mr , lanse yon apèl bay Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Mr , pou ede timoun sa yo jwenn yon pi bon aksè ak ledikasyon, yon fason pou kontribye nan batay kont delenkans jivenil lan.

Mr Lucien mande tou majistra komin Tabarre la pou vizite sit kote kan an ap fèt la, afin pou li ka evalye kondisyon lavi moun k ap viv nan zòn sa a epi pote sipò ki nesesè ak yo.

Lionel Messi retounen sou teren apre lanmò papa li.Foutbòl – Leagues Cup: Aprè yon peryòd absans akoz lanmò papa li,  , ...
13/08/2026

Lionel Messi retounen sou teren apre lanmò papa li.

Foutbòl – Leagues Cup: Aprè yon peryòd absans akoz lanmò papa li, , fè retou li nan konpetisyon ak .

Kapitèn Ajantin nan te jwe tout dezyèm mitan match la kont nan faz gwoup la, men li pa t rive anpeche ekip li a sibi yon defèt 3-2.

Se te premye aparisyon chanpyon vis chanpyon dimond 2026 la depi disparisyon papa li, ki te tou konseye l ak ajan li pandan anpil lane nan karyè li.

Retou Messi a te yon moman espesyal pou sipòtè Inter Miami yo, malgre rezilta negatif ekip la nan

AYITI – SEKIRITE: Fòs Represyon Gang yo ( ) anonse li fin mete enstalasyon li yo kanpe nan depatman Latibonit. Se premye...
13/08/2026

AYITI – SEKIRITE: Fòs Represyon Gang yo ( ) anonse li fin mete enstalasyon li yo kanpe nan depatman Latibonit. Se premye gwo deplwaman operasyonèl fòs la andeyò zòn metwopolitèn Pòtoprens.

Nan yon mesaj pibliye mèkredi 12 out 2026 sou rezo sosyal li yo, FRG fè konnen plizyè manm fòs sri lankè a deja deplwaye nan depatman an pou ranfòse operasyon kont ensekirite.

Daprè fòs la, ogmantasyon kantite ajan li yo pèmèt li elaji prezans li nan lòt zòn peyi a, sitou kote gwoup ame yo ap fè presyon sou popilasyon an.

Deplwaman sa a vini nan yon moman kote gwoup ame yo kontinye ogmante enfliyans yo nan plizyè rejyon ann Ayiti. Prezans nan depatman Latibonit la reprezante yon nouvo etap nan estrateji sekirite a.

Otorite yo ak popilasyon an ap tann pou wè rezilta operasyon sa yo, sitou kapasite fòs la genyen pou entèvni nan zòn ki pi afekte ak vyolans gang kriminèl yo.

Ekspansyon a fèt kèk mwa anvan premye tou eleksyon yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa ( ) prevwa pou 13 desanm 2026 kap vini la a.

Real Madrid genyen devan Deportivo.Real Madrid kontinye monte nan nivo pandan faz preparasyon li yo. Merengue yo bat Dep...
12/08/2026

Real Madrid genyen devan Deportivo.

Real Madrid kontinye monte nan nivo pandan faz preparasyon li yo. Merengue yo bat Deportivo La Corogne 1-0 nan estad Riazor, nan kad Trofeo Teresa Herrera.

Elye dwa Mawoken an, ta pral make sèl grenn gòl match la, aprè yon aksyon endividyèl ekstraòdinè ki pèmèt li bay ekip madrilèn nan viktwa a.

A 10 jou sèlman anvan kòmansman nouvo sezon La Liga a, Real Madrid anba direksyon deja anrejistre twazyèm viktwa li nan match amikal preparasyon yo.

PSG ranpòte Superkoupe Ewòp 2026 la.Paris Saint-Germain ( ) ranpòte Superkoupe Ewòp 2026 la aprè li bat   2-1 jodi mèkre...
12/08/2026

PSG ranpòte Superkoupe Ewòp 2026 la.

Paris Saint-Germain ( ) ranpòte Superkoupe Ewòp 2026 la aprè li bat 2-1 jodi mèkredi 12 Dawout 2026 la nan vil Salzbourg.

Atakan jòjyen ta pral louvri eskò a pou klèb franse a nan 20yèm minit. Madjo te pèmèt egalizasyon nan 45yèm minit la.

Nan dezyèm peryòd la, jèn entènasyonal franse ta pral pèmèt repran avantaj match la nan 61yèm minit epi pèmèt klèb fransè a ranpòte 2yèm twofe Supèkoup Ewòp li.

Avèk antrenè , ki te rive nan klèb la an 2023, Paris Saint-Germain kontinye ekri istwa li ak anpil trofe.

Adresse

Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Variation Infos plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager