Cite Soleil On Top

Cite Soleil On Top Notre mission : révéler le potentiel de la jeunesse de Cité Soleil.

*Siksè Total pou 1ye Edisyon "Konbit Soup JOUMOU Laplèn" nan Site Solèy*Site Solèy, Ayiti – Nan okazyon selebrasyon 222 ...
06/01/2026

*Siksè Total pou 1ye Edisyon "Konbit Soup JOUMOU Laplèn" nan Site Solèy*

Site Solèy, Ayiti – Nan okazyon selebrasyon 222 lanne lendepandans peyi nou ak onore Soup Joumou kòm Patrimwàn Imateryèl limanite, premye edisyon Konbit Soup JOUMOU Laplèn te dewoule ak anpil siksè nan dat premye janvye 2026 la, nan espas Lise Divivye.

Aktivite sa a, ki te reyalize gras ak inisyativ *Organisation Sociale pour l'Epanouissement des Jeunes (OSEJ) ak Lycée De Duvivier de Cité Soleil, te benefisye sipò enpòtan plizyè patnè tankou: GWoup Konbit, AJOUSP, CLAB, Karavann Lafamilia, PRAXIS, EE-Haïti, Oeil Haïti ak TCL.*

Yon Jounen Solidarite ak Refleksyon
Pandan jounen sa a, plis pase 215 bòl soup te distribye nan yon anbyans tèt ansanm ak fratènite. Anplis pataje soup la, piblik la te patisipe nan plizyè aktivite lwazi tankou jwèt ansanm, ki te pèmèt konekte jèn, granmoun, ak lidè nan zòn nan.

Yon pwen fò nan aktivite a se te Konferans Deba ki te anime pa entèvenan kalite tankou: Roodley Thierry,Mirlène Saturné, Junior MARCIEUX, Pierre Marc BAPTISTE.

Objektif prensipal deba sa yo se te sansibilize kominote a sou enpòtans kilti nou epi rebay lespwa nan mitan popilasyon Laplèn nan.

*Satisfaksyon ak Pèspektiv*
Pou yon premye Edisyon, se te yon kou mèt. Satisfaksyon an te total nan mitan patisipan yo ak òganizatè yo. Manm OSEJ ak direksyon Lise Divivye a pwofite remèsye tout moun ki te kontribye nan siksè sa a.

Yo deja anonse lòt gwo aktivite mobilizasyon sosyal pou rès ane a, epi yo bay tout moun randevou pou premye janvye 2027 pou yon dezyèm edisyon k ap pi gwo toujou.

Pou plis enfòmasyon:
Pierre Marc BAPTISTE Baptiste Pierre Marc
38396648/ 55030148
[email protected]

Konbit Soup Joumou

Soup Joumou – AJENOH, 1 Janvye 2026Nou vle anonse ak tout patnè, zanmi, ak kolaboratè nou yo ke aktivite *Soup Joumou AJ...
03/01/2026

Soup Joumou – AJENOH, 1 Janvye 2026

Nou vle anonse ak tout patnè, zanmi, ak kolaboratè nou yo ke aktivite *Soup Joumou AJENOH – 2èm edisyon an, ki te fèt 1 janvye 2026, te pase trè byen, avèk anpil respè ak angajman.

Malgre kèk reta nan kotizasyon yo, yo te rive fè distribisyon soup la nan 4 lokalite diferan nan Ti Ayiti :

1. Bò Teren Zelouz
2. Ti Ayiti
3. Bò Gòch
4. Kafou Tikrab

Distribisyon an te fèt ak disiplin, ak bon jan kouraj. Nou fyè dèske nou te ka rive onore misyon nou : bay yon plat cho, mete souri sou figi moun, epi kenbe vivan tradisyon 1 janvye a.

– AJENOH
“Antanke jenès, nou se limyè pou kominote a.”


4e Edisyon SOUP FRATÈNITESe yon evènman Solidarite, Pataj, Bwase lide, divètisman ke òganizasyon WEDALJUMAK GROUP reyali...
02/01/2026

4e Edisyon SOUP FRATÈNITE
Se yon evènman Solidarite, Pataj, Bwase lide, divètisman ke òganizasyon WEDALJUMAK GROUP reyalize nan kolaborasyon ak Konbit Soup Joumou Nasyonal nan lokal École Nouvelle ZORANJE ki nan vilaj renesans, wout9.

Evènman sa a te reyini anviwon 200 moun ki t ap pale peyi, manje yon bòl Soup ansanm ak divèti yo.

Se madam Farah RAMEAU ki te mennen yon bèl konferans nan premye pati jounen espesyal sa ki te anba tè m, :"Depi kilè Ou manje yon bòl Soup ak Konsyans?" .

Wedaljumak Group Haïti

̈ti

✨À tous les habitants de Cité Soleil, à toutes les familles, aux enfants et aux aînés,En cette période de Noël, nous vou...
25/12/2025

✨À tous les habitants de Cité Soleil, à toutes les familles, aux enfants et aux aînés,

En cette période de Noël, nous vous envoyons nos pensées les plus chaleureuses et nos plus sincères vœux de paix, de joie et d'espoir renouvelé.

Que cette fête vous apporte des moments de bonheur partagé en famille et entre voisins, et que la lumière de l'espoir illumine chacun de vos foyers.

Joyeux Noël à toute la communauté de Cité Soleil ! 🎄❤️🎁

̈ti ́névolat ël

Adresse

Cité Soleil
Port-au-Prince
HT6122

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cite Soleil On Top publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager