
13/07/2025
ENPÒTANS TIMOUN NAN YON FANMI
Timoun se pi gwo trezò yon fanmi. Yo pote lajwa, limyè, ak espwa pou demen. Chak ti souri yo, chak mo yo di, chak aksyon yo fè se tankou flanm dife lanmou ki limen kè manman ak papa yo.
Nan fanmi, se devwa chak granmoun pou yo bay timoun lanmou, respè, ak sekirite. Se pa lè yo fè fot sèlman pou nou korije yo, men se chak jou pou nou montre yo valè yo, ede yo grandi ak diyite, akonpaye yo ak pasyans.
Yon timoun ki santi l renmen, ki santi yo koute li, vin yon granmoun ki konn renmen, ki gen konfyans, epi ki ka bati yon sosyete miyò.
Se poutèt sa, nou dwe trete timoun ak dousè, kore yo ak bon jan edikasyon, epi toujou sonje: jan nou jere timoun jodi a, se lavni nou n ap konstwi demen.
Ou p ap konprann enpòtans yo, si w pa t pare pou te fè Timoun menm vle w konprann sa w ap meprize a paske gen twòp la gen fwaye k ap kriye tout jounen paske pako gen yon Timoun k ap kriye nan kay la.
Ann sove jenerasyon sa pou AYITI pa kriye pi plis demen
Kiskeya Cheri
12 jiyè 2025