15/05/2026
Ou anvi fè Biznis, ou renmen biznis men kounya
Eske w ka fè Biznis 👀?
Kesyon sa Anpil nan nou ka reponn li byen senp poutan li trè konplike e senp tou alafwa!
Biznis pa yon aktivite ou leve yon bon jou ou fè konsa, non zanmim ou pwal di se ou ki pa gen chans, sosyete a pa sipòte w osinon leta pa kreye kad ak opòtinite pou ou 🤔
Men an reyalite, ou echwe nan Biznis se yon sèl rezon ki lakoz..
Se mank konesans nan Biznis ☝️
Gen moun ki leve osinon ki pat leve nan Biznis ki gen yon konesans you natirel sa ki lakoz li konn rive ap fè gwo kout kreyon ak itilize gwo estrateji san li pa konsyan de sa!
Gen moun ki konn ap etidye mache a li pa konn Poukisa men li fel, pafwa yo konn we Kliyan mande yon pwodui anpil yo metel nan boutik la… men an reyalite yo pa metrize etap yo, sa pa vle di ou menm ki metrize yo a ou ka vin bat yo non Atansyon zanmim☝️😆
Moun sa yo gen konpetans ki enpòtan Anpil nan Biznis ki se « Eksperyans »
Yo telman riske, poze aksyon epi pwan Echèk sa vin lakoz gen bagay yo aprann San se
Pa moun ki anseye yo li!
Men ou menm ki pa leve nan Biznis ki pa gen konesans sa yo tou natirel lakay ou..
Ou dwe fè yon efò anplis!
Ou dwe ap aprann chak jou
Poze aksyon, echwe, riske epi ENVESTI nan Biznis ou wè ki gen bon to pwofi 👌
Biznis pa fasil pou reyisi
Men depi ou reyisi konnen ou reyisi net☝️😆
Tout sa ou bezwen se yon bon lide ak yon bon ESTRATEJI Biznis epi travay chak jou sou li ak pansyans plis deteminasyon 🔥🔥
Hans Beast🫡🤍🔥
Mw fèl byen, mwen fèl pwòp e se mwen ki ka fèl ☝️🔥