05/06/2026
Istwa lavi madanm sa tris anpil istwa’l prèske sanble avèk istwa Asefi rapè Fantom te fè a .
Si on moun pral gade sou gwosè madanm sa, franchman ou kapab prèske di tèt ou, èske se pa nan betiz lap pase moun ki genyen problèm . Madanm sa n’ap gade la rele Tabuteau Rose Diana, li genyen 4 pitit : 2 pitit fi avèk 2 pitit gason, se yon madanm daprè sa li rakonte nou se lavi li, li se yon moun ki batay ak lavi, ki bay lavi a anpil dwèt lemajè pou li te kapab kwè ki kote souri kache, malerezman tankou granmoun yo souvan di * Bèf malere pa janm fè gazèl * lavi fè li sanble amatè bòlèt ki toujou ap pèdi pou revè .
Nan lide pou machin trafik lavi a pa janm pati kite’l, li konn fè djòb sèvez oubyen vann bwason gazez nan iglou, yon fason pou li kontinye reponn ak responsabilite li genyen anvè timoun yo, daprè sa li di mari a tap travay nan yon ponp gaz pandan rèy vyolans kwalisyon viv ansanm nan, kriminèl yo pase ponp gaz la anba dife, sa ki vin lakoz lap jwe 2 wòl : manman, papa . Malgre ministè edikasyon nasyonal entèdi lekòl yo mete kouto anba kou paran yo, pou fòse yo gradye ekolye ki nan 3e ane kindègadenn, anpil direktè eskolè pase desizyon ministè a anba pye, yo menm menase si timoun lan pa gradye pou li ale fè premye ane fondamantal, elèv la pap janm sètifika .
Tabuteau Rose Dania fè konnen apre li fin depanse tout ti lajan pou timoun yo pandan ane lekòl la, li pa wè ki moun li kapab solisite asistans pou timoun lan kapab gradye e monte nan klas premye ane fondamantal . Si tout fwa kèk bon samariten ta vle ede’l, moun nan ap kapab rantre ankontak avèk li sou nimero telefòn sila : 3413- 5229 .
Lapèn yon paran se lapèn tout paran, pa gade sou anfòm nou ta wè li anfòm sepandan konprann sousi ak enkyetid li genyen pou elèv li a kapab gradye e direksyon bay tout paran Lendi 8 Jen kap vini la pou yo pote ti kòb la nan direksyon an .