13/08/2026
Yon nouvo jenerasyon pran responsabilite 🇭🇹
Pou avanse ansanm ak Mòl Sen Nikola, nou bezwen yon nouvo souf, yon nouvo vizyon ak sitou moun ki pare pou pran responsabilite.
Komin nou an pa ka kontinye rete konsa. Lè a rive pou nou mete valè ak potansyèl Mòl Sen Nikola devan tout peyi a, epi montre sa komin nou an kapab reyalize lè nou mete tèt ansanm.
Nou konnen antre nan politik pa yon bagay ki fasil, sitou pou yon jèn. Men, lè lanmou pou kominote a depase pè, se lè sa a nou deside mete pye nou atè, pran responsabilite nou epi sèvi.
Se nan lespri sa a nou prezante Me Marc-André ALEXANDRE, aspiran kandida pou Depite Mòl Sen Nikola.
Mwen aprann li kandida ak yon prensip senp: pa chèche yon tit pou tèt li, men chèche yon opòtinite pou sèvi kominote a.
Nou pa pretann chanjman an ap fasil. Men nou kwè li posib si nou gen vizyon, disiplin, travay ak yon jenerasyon ki pare pou pran responsabilite.
Lajenès avan tout bagay.
Mòl se pitit nou, Ayiti se pitit nou.