17/08/2026
CFU Challenge Series: U-14 Gason- 18 Grenadye konvoke pou reprezante Ayiti!
Nan kad patisipasyon peyi a nan konpetisyon CFU Challenge Series k ap dewoule nan Cap Cana, nan Repiblik Dominikèn, seleksyonè nasyonal ekip gason U-14 la, Jean Marc Alexandre, pibliye lis 18 jèn jwè ki retni pou al defann koulè bikolò a. Konpetisyon sa a se yon etap fondamantal nan pwosesis fòmasyon ak devlopman jèn atlèt sa yo ki pa sispann fè prèv yo nan kategori sa a.
Jèn jwè sa yo soti divès kote nan peyi a epi soutni ak sa ki deja ap evolye nan lòt peyi, epi ki sèvi kòm yon baz pou asire relèv foutbòl ayisyen an. Anplis aspè teknik ak taktik yo, eksperyans sa a ap pèmèt yo devlope valè esansyèl tankou disiplin, lespri dekip ak solidarite. N ap raple ke nan kategori sa a, Ayiti te deja sakre chanpyon de fwa konsekitif, nan lane 2021 ak 2022. Pi fò nan jèn ki te fòme jenerasyon sa yo ap evolye kounye a nan seleksyon U-17 la, kote y ap kontinye devlopman pwofesyonèl yo.
Ayiti U-14 Gason, bati opòtinite jodi a pou reyalize rèv demen.