03/03/2026
LÈ INFÒMATIK VIN ZAM : CYBER-ATTAK NAN LAGÈ USA 🇺🇸X ISRAEL 🇮🇱 VS IRAN 🇮🇷.
Ki sa yon cyber‑attack ye?
Yon cyber‑attack se lè yon peyi oswa gwoup itilize teknoloji ak entènèt pou atake sistèm dijital yon lòt peyi pa fizikman ak zam,men lè yo fè rezo, sit entènèt, sèvis gouvènman, ak sistèm kominikasyon pa mache. Sa ka fè yon leta pèdi kontwòl sou enfòmasyon oswa paralize sèvis ki enpòtan.
Premye itilizasyon nan lagè modèn:
Youn nan premye e pi enpòtan cyber‑atak ki te fèt ant peyi yo te Stuxnet an 2010 kote Etazini ak Izrayèl te sèvi ak yon pwogram enfòmatik pou kraze kèk ekipman nan enstalasyon nikleyè Iran yo. Sa konsidere kòm premye gwo cyber‑atak ki te koze domaj reyèl sou ekipman.
Nan konfli kounye a (2026):
Nan dat 28 fevriye 2026, pandan Etazini ak Izrayèl te lanse yon gwo operasyon militè kont Iran, yon gwo cyber‑attack te fèt an menm tan sou rezo dijital Iran yo. Sistèm kominikasyon, sit ofisyèl nouvèl, ak sèvis entènèt nan peyi a te vin tonbe ak anpil difikilte, kite anpil nan peyi a san entènèt oswa koneksyon nòmal.
💻Wòl informatique nan lagè jodi a:
Nan lagè modèn, informatique ak cyber‑atak yo vin tèlman enpòtan paske yo:
• Kapab paralize sistèm kritik (tankou kominikasyon ak nouvèl).
• Kapab frennen kapasite lènmi an pou kominike oswa òganize taktik.
• Yo se yon nouvo “front” kote peyi yo goumen san fòse fizik men ak gwo efè sou sekirite nasyonal ak lavi moun.
💡 An rezime:
Yon cyber‑attack se yon atak dijital sou sistèm informatique ki itilize teknoloji kòm yon zam. Li te itilize deja nan lagè ant Etazini ak Iran, e jodi a li vin yon pati enpòtan nan lagè modèn kote peyi yo goumen pa sèlman ak zam fizik, men tou nan mond dijital la.