04/09/2026
Istwa REV’ÈL sòti byen lwen nan yon adolesan ki te trè timid e rezève, ki te toujou apa nan mond pal. Li te konn santi li pa nòmal, gen yon bagay ki manke nan li; sa te konn fèl toujou ap konpare tèt li ak lòt adolesan ki parèt nòmal nan je l, pou l konnen ki kote problèm nan ye bò kote pa li.
Chak lè l konn anvi reponn yon kesyon ki poze nan klas li, li toujou ap ezite; malgre li konn repons lan, jiskaske li kite yon lòt reponn kesyon an, e se te toujou konsa nan tout lòt aktivite sosyal yo, lè l konn resi ale, koz li pat konn renmen sòti tou, sof al lekòl.😀
Se pa konnen li pat konnen li gen potansyèl non, men laperèz ki te nan li an te pi fò pase l.
Tant lap grandi, se tant lap dekouvri fason li ye a pa nan avantaj li. Depi lè sa, li kòmanse ap kesyone sans egzistans li, paske o fon, li te toujou santi gen yon bagay nan li, ki jis poko reveye.
Lekti te youn nan pas tan prefere l, koz se te la li te ka evade lespri l pi byen. Sitou, li te konn pran plezi nan liv devlopman pèsonèl yo, paske li te wè se pa sèlman li menm ki te gen problèm “idantite”.
E se konsa, lap aprann, epi lap travay sou tèt li, jiskaske vin gen yon deklik, yon revèy ki fèt nan li, ki vin transfòme l an yon jèn fi konfyan e odasye, ki toujou pè, men ki pa janm kite laperèz la bloke l, lè pou l aji.
Yon jèn fi ki ret kwè, menm jan li rive dekouvri tout mèvèy ki fè pati de idantite li e li pa pè revele yo, ou menm tou, ou kapab dekouvri tout potansyèl ou yo, e revele vrè idantite w.
*REV’ÈL*, yon espas pou n kontinye aprann e grandi ansanm.✨🔥☺️