05/02/2022
CHERI.
Bonjou e Bonswa ak Tout mwen yo... Ansyen e Nouvo. Yon gwo salitasyon ak mwen yo. E yon salitasyon espesyal ak chak moun kap gen poul pataje feyton sa. Map tou profite Salye chak grenn moun ki toujou kenbe kontak avèm pandan absans mwen sou paj la... Nou anpil si mta pran poum salye mpa tap fini.
👉🏾 Mwen konnen anpil nan nou ap tann sezon 2 chak feyton ke mwen Lage. Mpanse nap jwenn repons lan nan dezyèm pòs mwen te lage yè a.
👉🏾 Pa bliye Feyton yo anpil, tankou jan mkonn dil la, mpa konn ekri feyton met la, Nan jou map bay epizod la, se nan jou a mwen ekril... Se yon kesyon de tan. Pa bliye se pa sel feyton an mwen gen poum bay chak jou ke map bay li a. Mgen lot aktivite tou... Brèf mwen kanpe la poum pa okipe espas nan Part_1 Feyton sa.
👉🏾 Yon dènye bagay anvan mwen komanse... Mpap fose nou pataje feyton an, byenke mwen plenyen anpil pou sa. Si nou wè li merite pataje nap fèl. Pafwa se paske mwen pa jwenn kantite pataj mwen bezwen an ki fè mkonn dekouraje bay Feyton sou Paj la.
👉🏾 Bon ! Istwa pral komanse... Istwa sa rele Entèdi... Pran tan nou poun li chak grenn fraz nan Feyton an poun ka konprann li.
👉🏾 Istwa sa gen anpil verite ladann.
👉🏾 Se istwa 2 jèn gason ki gen mwayen nan men yo, lèm di mwayen an, sa vle di, 2 moun ki gen kòb, bon kòb la, kòb ki rele kòb la... 2 mesye sa yo pa gen yon bagay yo bezwen pou yo pa jwenn li... Men yo pa janm fè foli pou fanm... jiskaske yo tou 2 pral vin fè foli pou yon sèl fanm... Men ! Si yo fanm vle renmen yo ak tout kèl, lap renmen avèw. Men sa pa telman nan lide yo vrèman.
👉🏾 Nan 2 Mesye sa yo, gen youn ki gen yon fanm ki renmenl ak tout kèl... Lot la poko gen fanm. Men sa pa vle di, lot la pat gen yon Ex.
👉🏾 2 Mesye sa yo... Youn pa rekonèt lòt, yo pap viv menm kote, sa vle di, yo pa Zanmi.
👉🏾 Yon lot kote gen yon ti Dam ki rele ke Manmanl ak Papal te goumen, te redi anpil pou yo fè edikasyonl... Ti Dam sa ki rele Soledad la, li menm tou li pa fè foli dèyè gason, depi lè li te met tout konfyans li sou yon mennaj li te genyen ki rele li te renmenl anpil, ebyen li te vin bare Peter sou vant yon fanm pandan ke li te sot travay bonè epi tal kay Peter a, san li pat di Peter li tap vini.
👉🏾 Ann swiv sa ki pral pase nan Feyton an.
👉🏾 Feyton an komanse 😉
👉🏾 Pandan Soledad kouche nan chanm li an konsa, li tande pòt chanm li an frape. Toc ! Toc ! Toc !
👉🏾 VOUP li pantan nan domi an.
Soledad : Wiiiii ! Rantre.
👉🏾 Manman Soledad ouvè pòt chanm nan, epi li parèt li chita sou pwent kabann nan.
Berline : Komanw ye la ?
👉🏾 Soledad reponn Manmanl ak tout yon domi nan jel.
Soledad : Mwen byen wi Manman.
Berline : Kounyea la a kilè ou te rantre nan kay la yèswa.
Soledad : A 2 hrs du matin wi.
👉🏾 Berline Sezi 😳... Li pase Soledad yon Tap byen Move 😡 nan dèyèl... Soledad sezi 😳
Soledad : Oh ! Manman 😳
Berline : Koman a 2 hrs du matin an ? 😡
Soledad : Bon si se a lè sa mwen te rantre vre 😳.
Berline : Mpa konprann 😡... Ebyen se nan kouri ou bezwen mete moun nan kay la 😡.
Soledad : Alò ! Si mwen rantre a 2 hrs du matin, ou te vlem diw se a 10 hrs du soir, mte rantre.
Berline : Ou pa ta ka dim ou rantre a 10 hrs du soir tou non. Paske tout 10 hrs du soir pral nan 11 hrs, mwen ak papaw pa domi nap veye kilè wap rantre. Jiskaske domi pran nou. Malgre nou relew nan telefon ou pa pranl.
Soledad : Telefon mwen te vin dichaj.
Berline : Poukisa ou pat rele nou sou pa Zanmiw lan ?
Soledad : Telefon Kimberly a te dichaj tou wi.
Berline : Kounyea banm diw yon bagay... Si yon bagay te rivew nan lari a menm ?
Soledad : Kisa ki pral rivem Manman. Mwen soti ak Kimberly nou tal yon ti bal, lè nou deside al lakay nou an, se lè sa, djazz la kontiye jwenn pi byen, nou tou pran Feeling, nou di nap tann Bal la fini.
Berline : Se pa sa mdiw non... E si yon bagay te rivew pandan ou tap sot nan bal la.... Yon peyi deja pa menm bon menm, se bandi selman kap dirijel, kounyea siw te kwaze yon bandi la, li te vyolew apresa li touye ni ou, ni Kimberly.
Soledad : Manman poukisa se saw met nan tet ou.
Berline : Mwen oblije metel nan tèt mwen, paske mwen konn nan ki peyi map viv.
Soledad : Antouka, BONDYE fè anyen pat rive nou.
Berline : E ki kote nou te jwenn machin pou retounen menm aprè bal.
Soledad : Yon Zanmi Kimberly ki te ba nou Woulib.
Berline : Ou pa tandeeee ! 😏... Kounyea nap pran woulib nan men moun nou pa konnen.
Soledad : Bon Manman, mdiw se yon Zanmi Kimberly epiw di nou pa konnenl.
Berline : Ki Zanmi li ye, Fi oubyen gason ?
Soledad : Gason.
Berline : Hmmmm ! Zanmi gasonnnnn 😒... Ou gen lè panse mpat pase jèn fanm tou Soledad.
Soledad : Panse saw vle Manman. Dayè sak nan tèt ou a, se pa li ki nan tèt mwen.
Berline : Kijan Zanmi gason sa rele ?
Soledad : Mpa konn noml Manman, se pa zanmim li ye, mdiw se Zanmi Kimberly.
Berline : Antouka ! Mpa bezwen konnen, si se manti oubyen verite wap ban mwen... Aprè Tenten Peter te fin fè a, mpanse wap plis fokis sou ti djob ou gen nan menw lan wi, dayè Travay nan Potoprens pa fasil.
Soledad : Ki afè Peter wap vin pale la Manman.
Berline : Di mdiw sa, se pouw pa kouri al foure kòw anba gason wi. Talè pouw pa vin ansent nan vye bout mwen an la.
Soledad : Hmmm ! Men kounyea Manmanm ap pale se ansent.
Berline : Sa pa vle di ou pa ka ansent ? 😏
Soledad : Se moun ki gen Mennaj wi ki Ansent... M'fè 3 ans renmen ak Peter, mpat ansent, kounyea ! pandan mpa gen mennaj la poum ta vin ansent.
Berline : Sa vle di, ou pa gen Mennaj ?
Soledad : Pou kounyea mpa gen mennaj.
Berline : Hmmm ! Ebyen ok... Talè konsa dejene ap pare mwen ak Papaw ap bezwenw bò tab la.
Soledad : Dakò Manman ! Map fè yon ti domi la, lè dejene an pare wa levem.
Berline : Ok ! M'ale.
Soledad : Dakò Manman.
👉🏾 Berline leve poul kite chanm Soledad la.
Berline : Mwen mèt kite pòt la ouvè ?
Soledad : Kitel ouvè non.
Berline : Dako.
👉🏾 Berline deplase, li kite pot chanm nan ouvè vrèman... Soledad ranje kòl poul fè yon ti Domi anko, paske se maten an byen bonè li te rantre lakay li, bò zòn 2hrs du matin an.
👉🏾 Bò kote youn nan jèn gason ki gen mwayen nan menl poul viv la, ki se Clivens... Pandan Li chita lakay li, Bon zanmil Phillipe vin kotel.
👉🏾 Ou mèt rantre wi baz.
👉🏾 Phillipe rantre vrèman, Clivens fèl Chita nan salon an.
Clivens : Chita non Freo !
👉🏾 Phillipe Chita vrèman.
Phillipe : Koman Neg ye menm ?
Clivens : Neg anfom wi, e ou menm ?
Phillipe : Neg poze wi.
Clivens : Ou te gentan manje anvanw vin la ? Mwen gen Pen, Fromaj, Jus epi mwen gen lèt wi sou Tab la.
Phillipe : Monchè Frero, Mèsi anpil wi. Men mte gentan pran yon bagay anvanm vin la.
Clivens : Annnh ok !
Phillipe : Gen lè se kounyea'w leve ?
Clivens : Kounyea m'leve wi, ou konnen mte rantre Ta yèswa akoz de bal la nou t'ale a.
Phillipe : Wi ! Mwen konnen wi. Sak tonbe menm ?
Clivens : Koman sak tonbe a ?
Phillipe : Eske Fanm nan te ekriw yèswa oubyen maten an.
Clivens : Monchè Fanm nan poko ekrim non, se mesaj li map tann la wi.
Phillipe : Li pat baw nimewol ?
Clivens : Non ! Se mwen ki te bal pam nan.
Phillipe : Komanw fè, fè erè sa menm ?
Clivens : Ki erè ?
Phillipe : Ou pa pran nimewo fanm nan, tandiske ou bal paw la.
Clivens : Monchè tout sa mwen fè pou fanm nan banm nimewol li pa vle Frero... Ou konnen mkonn ap diw mpap fè foli pou fanm... Men ti fanm sa mte wè nan bal la yèswa, 2 jem tonbe nan jel mwen gentan damouuuuu.
Phillipe : Monchè depiw dim sa vre, mwen kwèw. Ou pa konn abitye dim sa.
Clivens : Ou konnen se plis sou 2 Biznis Papam yo mfokis. Mpa konn fokis sou fanm konsa... Menm Natacha mpa konn palew de li konsa. Eske se pa premye fwa ou tande mdiw mdamou yon fanm, epi mpeze sou Damou an.
Phillipe : Se premye fwa wi... An palan de Natacha, kijanw pral fè jere sa. Pa bliye Natacha renmenw anpil.
Clivens : Monchè frè pam, nou zanmi lontan se vre. Ou sonje sa gen yon mwa mte diw mgen yon bagay poum te diw, imedyatman mwen santi mwen byen disponib poum diw li, map diw li a.
Phillipe : Msonje sa vrèman wi. Men kom ou te dim se lèw byen disponib wap dim sa, mpat vle fèw sonje. Mte di pito se ou ki pou sonje pito.
Clivens : Ebyen banm tou diw li... Talè a ou sot Dim Natacha renmenm anpil, men gen lè se lè mwen te fèk renmen ak Natacha li te renmenm anpil. Dènye tan sa yo mpa konprann Natacha menm non frero.
Phillipe : Kisal fèw menm ?
Clivens : Monchè Frero, 4 dènye mwa sa yo, si wap swiv, lèw vin kotem lakay la, ou pa wè Natacha avèm, li vin pa gen tan pou mwen. Se selman Lè Natacha bezwen kòb li vin kotem nan.
Phillipe : Oh ! Oh ! 😳
Clivens : Epi ou konn sak pi fèm mal la, Mwen gen 1 an depim mande Natacha yon timoun, siw konn kisaw Natacha reponn mwen.
Phillipe : Kisa ?
Clivens : Lèm fin di Natacha ke mwen bezwen timoun nan, li dim konsa, ke li twò jèn poul al nan fè timoun kounyea, afè timoun pa nan tèt li, oh wi ! Si mbezwen yon timoun fok mwen tann 3 ans anko, tandiske depi pitit mwen fèt li pap gen pwoblèm poul viv. Paske se mwen kap jere 2 Biznis papam yo, anplis kay sa ke map viv la, mte diw Papam fèm kadol, se sak fè mplis rete nan kay sa, mwen afème kay Petyon vil la... Sa vle di Natacha pa tap manke anyen.
Phillipe : Mpap diw manti non, men pou jan Natacha renmenw sa frero. Pouw ta mande Natacha yon timoun poul pa ta kouri ba ou'l...
Clivens : Afè renmen an, ta sanble se lontan, e mdiw sa deja... Se anba redi wi pou Natacha al nan relasyon avèm san kapòt. Li dim konsa, li pè ansent. E mka konte sou dwèt mwen, konbyen fwa mtal nan relasyon avèl nan mwa sa.
Phillipe : Hmmm ! Ebyen kisa wap fè menm, Wap kite Natacha ?
Clivens : Monchè se yon timoun mwen bezwen, si Natacha pa vle ban mwen li, map kitel. Dayè se laj kap monte, mpa gen pwoblèm kòb. E jan Natacha dim nan mpap ka tann 3 ans poum gen yon timoun.
Phillipe : Mwen konprann ou wi, Men ki fanm ou pral renmen avel, e ki pral kouri ba ou yon timoun kounyea lèw kite Natacha.
Clivens : Mgen lè pral pran chans mwen ak ti Fanm mte kwaze nan bal la yèswa.
Phillipe : Pa dim se pou Ti Dam nan wap kite ak Natacha non.
Clivens : Afè Natacha Frero, mte diw se kenbe map kenbe avèl annatandan mwen jwenn yon lòt fanm.
Phillipe : Men ou poko jwenn Lòt fanm nan non.
Clivens : Mwen poko jwenn li vre non, men map fè tout sa mwen kapab poum rive sou do pye Ti Dam mte kwaze nan bal la.
Phillipe : Ou pa menm konn kotel rete menm, pa bliye se nan mwatye Wout Zanmil lan te fè nou metel.
Clivens : Ah ! Mpanse se nan zòn sa yo rete kanmèm... Epi Zanmil lan tou, mpanse siw rive sou do pyel wap bon wi.
Phillipe : Mwen menm Papa... Se Neg a kob medam yo renmen kounyea wi. Ou wè ti mwen menm m'ka pwosede yon fanm tankou Medam sa yo.
Clivens : Pa enkyetew frero, ou konnen se bòss ou mwen ye. Map edew kanmèm nan saw bezwen...Kounyea saw gen pouw fè la, se degajew renmen ak Zanmi an, depiw renmen ak Zanmi an lap vin pi fasil poum renmen ak lot ti Fanm nan...
Phillipe : Ok ! Kounyea sa pral mande poum vire nan katye bò kay Medam yo pi souvan wi.
Clivens : Se sa pouw fè wi... Eske ou raplew nom Zanmi an ?
Phillipe : Bon ! Li te banm yon nom Kimberly, mpa konn si se manti li ban mwen.
Clivens : Esperons ke se pa manti li ba ou frero... Epitou menm si se manti, nap met jènjan nou deyò poun bon sou medam yo.
Phillipe : Ebyen ok !
👉🏾 Kiyes ki Clivens lan ?
👉🏾 Clivens se youn nan 2 Patnè mwen te di nou ki gen mwayen nan men yo a, e pa gen yon bagay li bezwen poul pa jwenn li... Clivens gen sel bon zanmi ki rele Phillipe, Tout ti pawol li genyen li di Phillipe li... Papa Clivens pa telman ret Haïti, se vwayaj ale Retou li fè, poul ka al achte machandiz.
👉🏾 Papa Clivens gen 2 Biznis ke li mete Clivens jere pou li nan Potoprens. Youn se kote yo vann machin (2ème Main), ki anndan delmas 91 lan, lot la se yon biznis kote yon vann Sak Siman an gwo, avèk lòt materyo pou fè kay ki delmas 75 lan.
👉🏾 Papa Clivens di Clivens konsa, sou chak 7 machin li vann pou li, lap fè Clivens kado youn... Ebyen Clivens telman vann machin pou Papal, li vin pwosede anpil machin, li fè bon zanmil Phillipe kado youn, li vann rès yo, anplis Clivens toujou ap fè lot ti kòb sou papal nan van sak Siman byen chè... Kanè bank Clivens gen plis pase 55 mil dola ameriken, plis yon lòt kanè ki gen plis pase 700 mil goud... Sa vle di Clivens gen ti kòb nan Menl.
👉🏾 Tout sa Clivens bezwen nan moman sa la, se yon timoun... Se byen domaj, jan li sot eksplike Phillipe la, ta sanble mennaj li Natacha poko vle bal timoun nan, kote li mande pou Clivens ret tann 3 ans ankò... Sa vin koz Lanmou Clivens gen pou Natacha komanse ap dimiye, e ki vin fè Clivens ap tcheke lot ti fanm deyò.
👉🏾 Aprè yon ti tan Phillipe te fin fè ap pale ak Clivens, Ebyen li deside ale lakay li.
Phillipe : Mpa rete non Frero.
Clivens : Oh ! Jodia Samdi, kisaw pral fè lakay ou.
Phillipe : Gen kèk bagay mpral achte met nan kay la pou Manmanm la. Apresa map retounen vin kote nan pita.
Clivens : Ebyen ok ! Ale non bro... Map tann ou.
Phillipe : Dakò Frero.
👉🏾 Phillipe salye Clivens epi li soti li pran machin li pou al achte kèk bagay pou Manmanl... Pandan ke Clivens li menm rantre nan douch poul al benyen.
👉🏾 Bò kote Soledad li menm, li apèn sot nan douch li menm, kounyea li pran direksyon (salle à manger) poul al manje...
👉🏾 Soledad parèt li wè Manmanl ak papal deja bò Tab la ap manje.
Soledad : Bonjou Papa.
Henry : Bonjou pitit fim, komanw ye ?
Soledad : Mwen anfom wi gras a Dye, e ou menm ?
Henry : Mwen anfom wi pitit fim.
Soledad : Ok Papa !
Henry : Epaw pa salye Manmanw.
Soledad : Mte gentan salye Manmanm maten an deja wi.
Henry : Annnh ok ! Dim non koman bal la te ye, ou te byen enjoy ou ?
Soledad : Wi ! Mte byen enjoy mwen wi.
Henry : Ok ! E Zanmiw Kimberly, li te byen Enjoy li tou ?
Soledad : Nou tou 2 te byen Enjoy nou.
Henry : A kilè nou te sot nan bal la menm ?
Soledad : Mwen rive lakay mwen la a 2hrs du matin.
👉🏾 Henry ki te apèn foure yon bout pen nan bouch li, telman sezi, li toufe ak Pen an.
Henry : È èm ! Kisa ? 😳
Soledad : Epaw sezi Papa 😃
Henry : 2 hrs du matin wi ou dim Pitit fim 😳
Soledad : Wi ! Mpa oblije al baw manti non Papa.
Henry : Banm diw yon bagay pitit fim... Se sèl ou mgenyen wi 😳.
Soledad : Mwen konnen papa, anyen pap rivem.
Henry : Ah bon ! Wap rantre ak 2 hrs du matin, epiw di anyen pap rivew. Ou gen lè pa konn kijan peyi sa ye.
Soledad : Mwen konnen Papa, Mwen ak Zanmim nan nou fè anpil pridans.
Henry : Yon sel bagay map diw. Mwen renmenw anpil. Ou nan laj pouw al pran ti plezi ou, men afè rantre a 2hrs du matin an mpa vlel non.
Soledad : Ebyen ok Papa, sa pap repete anko.
Henry : M'ta swete sa... Epitou kijan nou te fè rantre menm.
Soledad : Yon Zanmi Kimberly ki te depoze nou tou prè Lakay Kimberly a, apresa Kimberly pran machin Manmanl lan, li vin depozem lakay la.
Henry : E ki Zanmi sa, yon fi oubyen gason ?
Soledad : Gason !
Henry : Antouka atasyon wi. Mpa lagew nan Zanmi gason non, aprè sa Peter te fin fèw la.
Soledad : Se Zanmi Kimberly wi Ti patnè a ye, se pa Zanmim non. Epitou, Peter se te mennaj mwen. Li pat zanmim.
Henry : Men se Zanmiw li te ye anvan li te vin Mennaj ou.
Soledad : Antouka Papa, se Zanmi Kimberly ti neg la. Afè Ti gason pa nan tèt mwen pou kounyea.
Henry : Mwen kontan ou di sa...
👉🏾 Henry fin manje epi li leve bò tab la.
Henry : Bon ! Jodia Samdi gason pa ret nan kay, mpral pran lari a.
Berline : Kotew pral bay la ?
Henry : Mpral kot mekanisyen an poul vin ranje machin nan pou mwen.
Berline : Ebyen ok !
👉🏾 Henry soti, li kite Madanm li ak pitit fi li bò tab la.
Berline : Ou tande sa Papaw diw... Li pa metew nan zafè nèg ankò, koupel sa sèk.
Soledad : Mpat tande papam te dim sa non Manman.
Berline : Li pat di sa nan fason sa, men se sa li vle di... Antouka mwen pral deplase talè konsa poum al nan mache, ok. Wa pase ti dlo nan veso ki sal yo.
Soledad : Ok Manman.
👉🏾 Berline leve, li kite Soledad bò Tab la pou kont li.
👉🏾 Pandan Soledad bò Tab la konsa, Telefon li sone... Lèl gade li wè se Kimberly.
Soledad : Sista.
Kimberly : Pa dim ou poko leve non.
Soledad : Mwen leve deja wi.
Kimberly : Sa wap fè la ?
Soledad : Mwen tap manje mwen apèn fini e ou menm ?
Kimberly : Nan wout mwen ye poum vin kotew la wi.
Soledad : Vini non, wa byen edem pase dlo nan veso yo.
Kimberly : Rete ! 😳... Se pa veso non map vin lave.
Soledad : Ah ! Vini non Pitit map tann ou, paske Manmanm pral nan mache la, sel mwen kap nan kay la pou kont mwen.
Kimberly : E kot Papaw ?
Soledad : Li gentan pran lari.
Kimberly : Dakò ! Map sou ou talè konsa.
Soledad : Dako.
👉🏾 Kimberly rakwoche, Soledad ret chita bò tab la.
Berline : Mwen pa la non, kay la sou kont ou.
Soledad : Dakò Manman.
👉🏾 Berline soti li kite Soledad nan kay la.
👉🏾 Kimberly li menm ki pa telman ret twò lwen Soledad, deside mache a pye poul al lakay li... 🚶🏾♀️
👉🏾 Pandan Kimberly sou wout la, li tande yon moun kap mache dèyè dol la, kap di (Hey Psiiiiiit)
👉🏾 Kimberly pa okipe moun nan li kontinye mache... Men moun nan kontinye ap di (Hey Psiiiiit) jiskaske moun nan site nom Kimberly.
👉🏾 Lè Kimberly vire gad dèyè li wè se Peter.
Kimberly : Oh ! Peter.
Peter : Komanw ye la Kimberly ?
Kimberly : Mwen anfom wi, e ou menm ?
Peter : Aaaah ! Mpa byen ditou.
Kimberly : Saw genyen menm ?
Peter : Msanti Soledad ki pa nan vim ankò a, se pi gwo pwoblem mwen gen nan lavim.
👉🏾 Kimberly tonbe ri.
Kimberly : Eeeeeeey ! 😂 Pa banm 😂
Peter : Mwen serye wi Kimberly.
Kimberly : Oh ! Mpa diw pa serye non. 😂
Peter : Epi se ri wap ri.
Kimberly : Gen yon rezon ki fèm ap ri a Peter.
Peter : Ki Rezon li ye la
Kimberly : Ou te gen Soledad nan 2 pla menw wi Peter. Soledad te preske (F***e) wi pou ou telman li te renmenw. Kounyea pouw al twonpel ak yon lot fanm, epitou ak ki fanm anko... Yon fanm tout ti mesye nan zòn yo ap kouche wi, e siw te pran yon vye maladi nan fanm sa pote ba li.
Peter : Ou gen rezonw vre wi, se mwen ki fè erè a.
Kimberly : E sa ki te koz ou tal nan relasyon ak fanm sa la menm ?
Peter : Ti manman Pèlen an ki te fòsem wi, se li ki te desann pantalonm sou mwen wi.
Kimberly : Pa banm sa Peter, paske Fanm nan se nan chanm ou li te ye. Sou kabann lakay ou. Sa vle di se yon randevou ou te gen avèl menm, paske ou panse Soledad tap sot travay byen ta ki fèw te fèl vin lakay ou a.
Peter : Wi ! Se lakay mwen li te vini vrèman, paske li te dim telefon li an gen yon bagay ki monte sou li, chak lè yon moun relel li pa ka tande anyen ladann. Kounyea li te dim gad sa mka fè ladann pou li, kòm te gen gwo solèy nan lari a, mfèl rantre nan salon an, se rete, m'rete m'wè msou do nan chanm mwen an, 2 jem goud sou konn moun ki fimen bòz wi.
Kimberly : Hein hein ! Ta sanble se ti fi a ki tap fimen bòz la pou jan Soledad eksplikem bagay la.
Peter : Kijan Soledad te eksplikew li menm ?
Kimberly : Jan Soledad dim li an, li dim li vin jwenn ou kouche sou do, jilbriyis ou nan bouch ti fi a... Ou wè se ti fi a ki tap fimen bòz la. E jan ti fi a eksplike Soledad la ta sanble se pa premye fwa ou al nan relasyon ak ti fi a.
Peter : Non ! Se te premye fwa !
Kimberly : Epi Soledad dim konsa, lè lap kite kay ou a ti fi a di (Ooooh! Ou resi kenbel ap twonpew)
👉🏾 Peter sezi 😳
Peter : Oh oh ! 😳
Kimberly : Wi se Sa Soledad dim wi, e lè li tap dim sa se ak dlo nan je.
Peter : Ok ! Imedyatman mwen fin pale avèw la, mpral pou manman Pèlen an anwo lakay li a. 🤨
Kimberly : Degajew, men pigaw wal fè bri ak ti fanm nan non pou lèl wè Soledad nan lari poul pa pèsekitel.
Peter : Pa enkyetew, map jere sa... Annatandan wè kisaw ka fè pou mwen.
Kimberly : Kisaw vlem fè pou ou la menm ?
Peter : Eseye pale ak Soledad pou mwen svp.
Kimberly : Li pa fasil non... Kòm se lakay li mpral la, lèm rive map eseye touche pwen paw la avèl.
Peter : Dakò ! Mèsi davans Kimberly.
Kimberly : Ok.
👉🏾 Kimberly kontinye mache pou al kay Soledad la... Peter li menm monte ti tèt mòn nan poul al kay Ti fi li te tronpe Soledad la.
👉🏾 Pandan Peter ap mache konsa, Bon Zanmil Evens relel.
Evens : Yow ! Peter.
Peter : Map vin kotew talè Evens 🏃🏾♂️
Evens : Mwen bezwenw kounyea baz.
👉🏾 Peter kase tèt tounen, li al jwenn Evens.
Peter : Men mwen Frero !
Evens : Saw genyen, gwo jodia Samdi maten sa, ou fache nan eta sa ?
Peter : Epa m'tande ti fanm ki gen Ginette nan nom'l lan, ki di Soledad konsa, se pa premye map tronpel avèl.
Evens : Fè yon ti chita baz, poum pale avèw.
👉🏾 Peter Chita vrèman !
Evens : Banm pozew yon kesyon. Eske se premye fwa ou tap tronpe Soledad ak Ginette vrèman ?
Peter : Non ! Men manzè pat sipoze di Soledad yon bagay konsa baz. Se akoz de li ki fè Soledad kitem nan wi.
Evens : Non ! Se pa akoz de li, se akoz de ou. Paske se ou ki pou te konnen ou pat dwe al nan relasyon ak Ginette nan katye a. M'ka konprann ou te anvi pase Ginette yon bagay, paske se bay lap mache bay nan katye a, men ou te sipoze al fèl lwen frero. Se pa nan katye a.
Peter : Sa vle di ou vle pale de Hotel ?
Evens : Wi !
Peter : Monchè kotem gen kob poum al nan peye Hotel pou Ginette... Antouka nap fin pale Frero. Map vini. 🏃🏾♂️
👉🏾 Peter leve li kouri al kay Ginette la.
👉🏾 KOW ! KOW ! KOW ! Baryè a frape Ginette vin ouvè.
Ginette : Oh Peter, kisaw genyen ?
Peter : Mwen bezwenw wi. 🤨
Ginette : Rantre non... Mwen pou kont mwen la wi.
👉🏾 Peter rantre vrèman, Ginette fèmen baryè a.
Ginette : Ou mèt pale wi, map koutew.
Peter : Kisaw te di Soledad, pandan li tap kite kay mwen an jou li te vin bare nou an ?
Ginette : Mwen te dil konsa (li resi kenbew kap twonpel)... Se sa mte dil.
Peter : E poukisa ou oblije dil sa, ki koz li vin sispèk ke se pa premye fwa mtap twonpel la.
Ginette : Bon ! Se pa premye fwa ou tap twonpel avèm vre.
Peter : Men li pat oblije konn yon bagay konsa Ginette, se jere mtap jerew sou kote wi Ginette... E ou konnen Soledad se fanm vi mwen li ye.
Ginette : Kòm li kitew kounyea, pranm pou fanm vi ou Peter, tout sa ki pa bon pou youn li bon pou yon lòt
Peter : Mpa ka pranw pou fanm vim non, paske se pa sel mwen ki konn abitye kouchew sou katye a.
Ginette : Se pa kounyea non ou konn sa, se paske mpa gen yon mennaj fiks wi ki fè mwen janm ye, imedyatman ou deside renmen avèm pou tout bon, map sispann nan fè tenten map fè yo.
Peter : Alò ! Tout jèn gason sou katye yo ap pran pou piyay, kounyea se sou mwen ou vle fè renmen serye Ginette.
Ginette : Ou kouchem plis fwa wi ke lot ti Mesye yo Peter, fok ou kouchem plis ke 20 fwa.
Peter : Ou pale twò fò, ok. Moun pa bezwen konnen si mkouchew plis ke 20 fwa Ginette. 😡
Ginette : Antouka Peter, Mwen prè poum madanm ou, dayè mbyen anviw la.
Peter : Ey Fout ! 😡 Ak ou byen anvim ou an.
Ginette : Ou pa anvim tou Peter.
👉🏾 Ginette retire rad sou li, Peter ta pral ouvè baryè pou li soti, li gad Ginette epil di konsa.
Peter : Ou konn sak Pase Ginette, siw wè mpral nan relasyon avèw la, se Dènye fwa, epi moun pa bezwen konnen.
Ginette : Dakò !
👉🏾 Bò kote Kimberly li menm li apèn rive kot Soledad la...
Soledad : Mpanse ou pa tap vin anko wi ou menm, dat ou dim wap sou mwen talè konsa la.
Kimberly : Pitit ooooo ! Mgen nouvèl pou ou.
Soledad : Ki nouvel li ye la ?
Kimberly : Ann al nan salon an pitit.
👉🏾 Soeldad ak Kimberly sot nan lakou a yal nan salon an.
Soledad : Pale non, banm nouvèl la.
Kimberly : Talè a pandan map vin la, Mwen kwaze ak Peter.
Soledad : Aaaah ! Mpap tandew non si se de Peter ou vin pale la, vin edem lave veso yo, wa fè pi byen.
Kimberly : Tande sa mpral diw la non.
Soledad : Kisaw pral dim de Peter ki pral entèresan la menm. Vin edem pito tande. Petèt ma tande kèk grenn mo nan sa wap di a.
👉🏾 Kimberly leve poul al ede Soledad lave veso yo.
Kimberly : Banm diw yon bagay, Peter se Ex ou, epavre...
Soledad : Wi ! Men Ex vle di ekspire, Ex vle di, eksperyans. Kom sa pa mache mpa bay vag.
Kimberly : E ta sanble Peter pa sou bay vag non li menm.
Soledad : Nan li menm, Dayè mpa sou li ankò.
Kimberly : Jan Peter dim Soledad ki pa nan vil ankò a, se pi gwo pwoblèm li gen nan lavil la.
Soledad : afè pal, dayè mdiw mpa sou li ankò, Peter met banm lò ak dyaman la mpa bezwenl anko.
Kimberly : Telman ou Rayi Peter konsa.
Soledad : Mpa konn rayi moun non, men sa Peter fèm nan fèm mal anpil... Se yon semèn mwen te fè san manje wi, mwen oblije tann manmanm domi poum al jete manjem yo nan fatra wi, e se pa yon bagay mta sipoze fè non, jete manje. Paske gen moun ki nan bezwen ki pa jwenn.
Kimberly : Mpa kont ou non, paske ou te renmenl anpil.
Soledad : Epi li chwazi pran kèm li pasel anba pyel konsa... Ou konn sak pi touyem nan, map fè diskisyon ak ti fi a nan chanm Peter a... Peter pa leve poul met ti fi a deyò nan chanm li a non, li kite ti fanm li kanpe tèt pou tèt avèm. Epi ti fanm nan tretem de manman Zagribay, se sak pi touyem nan, lè sa kèm fann de bò. Lèm wè sa mwen kite chanm Peter a poum pran salon an poum al lakay mwen, e se pandan map soti a fanm nan dim mwen resi kenbe Peter kap twonpem nan.
Kimberly : Antouka mpa tap janm kitew retounen ak Peter, kòm msot kwaze avèl nan lari a, li te kanpem poul te pale avèm, mwen vin diw sa.
Soledad : Pwochèn fwa dil mwen diw pa voye pawol ban mwen paske mpa sou li ankò, si Manmanm ak Papam ta konnen m'nan pale avèl yap flankem deyò nan kay la.
Kimberly : Ebyen ok ! Map dil sa... Kounyea ann pale koze serye.
Soledad : Ki koze Serye ?
Kimberly : An palan de 2 ti Mesye nou te kwaz nan bal la yèswa.
Soledad : Rire... 😃
Kimberly : Weeeeyyy ! Ou ri nan Zòrèy 😃
Soledad : Ann fè vit fin lave veso sa yo, poun al pale koze sa yo nan chanm nan. Paske si Granmoun yo ap vin la, yo ka pran kriz sou mwen la wi. 😃
Kimberly : Ebyen ok Ann fè vit.
👉🏾 Kimberly ak Soledad ap fè vit pou yal fin lave veso yo pou yal pale koze yo...
👉🏾 Bò kote Peter li menm, li gentan fin fè sa li tap fè ak Ginette la, yap sot nan salon an poul yal nan lakou a, Ginette ak ti boutèy ki gen jus nan menl li ouvè baryè pou Peter ka soti.
Peter : Pa bliye mdiw lot moun pa bezwen konnen konbyen fwa mwen al relasyon avèw.
Ginette : Ann marye non Peter ?
👉🏾 Peter sezi 😳
Peter : Talè... ! Banm mandew yon bagay Ginette. Eske se yon boutèy jus ki nan menw la, oubyen yon boutèy kleren ? 😳
Ginette : Oh ! Ou konnenm konn bwè kleren Peter ?
Peter : Mwen oblije mandew sa, paske pawol sa wap di yo la, se pawol tafyatè wi.
Ginette : Sa vle di se Tafyatè ki mande Maryaj Peter ?
Peter : Non ! Men mpa mennaj ou, ou pa ka dim ann marye. Sa se bagay pouw kite pou Soledad dim pito.
Ginette : Sa vle di, aprè bel moman sa msot pase avew la, ou nan Soledad sa toujou, se nan 7ème Ciel wi msot fèw rive la.
Peter : Mbyen kontan ou dim se nan 7ème Ciel ou sot fèm rive la, Lè ka fèm rive nan 100ème ciel poum wè Paradi na marye, paske Soledad se nan paradi li toujou fèm rive... M'ale Ginette. Epitou atansyon tande, lèw kwaze ak Soledad nan lari, pa relel pa twazel, si non, ou pap jwenn mwen baw sèvis ankò non.
👉🏾 Peter fin di sa, li vire dol li ale... Ginette pran pale pou kont li
Ginette : Tonnèboulem, wap neg mwen kanmèm Peter. Mwen wè ou rete la nan yon Soledad san rete a.
👉🏾 Kèk ti tan aprè, bò kote Soledad ak Kimberly, yo gentan fin lave veso yo, yo rantre nan chanm nan pou yal chita pou yo pale.
Soledad : Kounyea nou ka pale wi.
Kimberly : Wi ! 2 ti mesye nou te kwaze nan bal la yèswa, koman ou wè yo ?
A swiv....