02/06/2025
Dèf Fans
18 PAWÒL D-FI POWÈT REVÒLTE SOU ALBÒM KGY (KWONIK ON GETOYOUT) LA KE W DWE KONNEN 💥 SDK 18
1- Lè w fè vi w nan kaj ou ka panse vole s on krim
M pa gen lontan m te yon jòkma, men kounya m s on king (KÈ BRIZE)
2- Frè m si l ap fè tèt fòk ou ka fè tou
E lè yo di w kòb pa fè bonè, di yo mizè pa fè l tou (IMÒTÈL)
3- Se tout pwòch mwen k pati ki fè m aprann
Se pa dire yon vi k konte men se tout sa ke w akonpli ladann (IMÒTÈL)
4- M vle dòmi sou lajan men m p ap vann nanm mwen pou monnen
Gran paran t aprann mwen fyète ka fè grandi menm on nen (IMÒTÈL)
5- Anpasan, m ap di w chak moun gen lè yo
Pito w pasyan sou wout la frè m ke se lopital w al pasyan (IMÒTÈL)
6- Kwè nan tèt ou se byen men gen moun ki kwè nan ou miyò
Se pa destinasyon an men chimen n pakouri yo (KONSIDERE M BENI)
7- Li pat gen modèl
Ki desten yon jenn fi lè kote l grandi a pa g on bibliyotèk men gen 20 bòdèl (FLÈ DIZÈ)
8- Jou n idantifye vrè ennmi nou n ap konn kiyès pou n tiye
Vrè kriminèl la pa sa k gen zam nan men sa k distribiye l (LÒT BÒ BARYÈ A)
9- Libète yo pa bò w sa, se pran pou w pran l
Solidè youn ak lòt se nan linyon n ap jwenn fòs la (LÒT BÒ BARYÈ A)
10- Pa bouke reve se sèl trezò w
Konnen se lòd ki etabli yon enjis se devwa w pou w dezòd (LÒT BÒ BARYÈ A)
11- Gen vid ni dlo je ni alkòl paka plen (VID)
12- Nou ka plis pou moun sispann pran w pou bòkyè
Pa vann diyite w men m si glèv grangou bò kè w (GETOYOUT)
13- Kenbe tèt ou wo men m si w toujou sou men w
Grandi, ou pat jwenn modèl ebyen tounen youn ou men m (GETOYOUT)
14- Mizik fè m touche syèl
E si vrèman gen paradi m espere kwaze Papa m chak lè m moute sèn (PASYON M)
15- Se mwen k kwè nan lari, se mwen k sou
Si vòlè yon pen se kriminèl e vòlè yon peyi ? M ap tann repons ou (BAL MAWON)
16- W ap tann lisans, m ap siyen CD
M pa bezwen vin meyè rapè m jis bezwen vin yon meyè pitit (TRÈZAN)
17- Pòtoprens di l byenvini kafou aviyasyon
Anyen paka bare malerèz ki gen vizyon (JOHNNY)
18- M pat d