La voix du changement info

Site Web

La voix du changement info “La Voix du Changement Info est un média qui apporte la vérité, des informations fiables et un change

11/08/2026

ANPIL CHOFÈ MOTO AP KOURI MAL NAN LARI A.
YO ANTRE TÈT YO NENPÒT KOTE.
YO PA PÈ TRELÈ NI TI PAP PADAP
CHOFÈ MOTO JERE VI PAW AK VI PASAJÈ YO TOU TANPRI.

Yon jèn fi pèdi Lavi li Nan Lopital lapè Delmas Jèn fi sa rele Josette Remolien. Lise ti Moun cabaret Nan lokalite Duclo...
10/08/2026

Yon jèn fi pèdi Lavi li Nan Lopital lapè Delmas
Jèn fi sa rele Josette Remolien.
Lise ti Moun cabaret Nan lokalite Duclos.
Li Mouri 30 Juillet 2026 la,
Li Mouri ak laj 27 lane.
Nous Prezante senpati Nou ak Fanmi poun Prezante kondoleans ak fanmi zanmi li.

N'ap tou raple ke antèman ap chante Mèkredi 12 Août 2026 a 6h nan maten Nan Legliz Foi vivante de cabaret.
Anpil Moun konnen Sou non Foul gospel.

anpè

     Kabarè se yon komin ki gen anpil valè, anpil istwa, anpil moun vanyan ki leve chak maten ak espwa nan kè yo. Men ma...
13/05/2026


Kabarè se yon komin ki gen anpil valè, anpil istwa, anpil moun vanyan ki leve chak maten ak espwa nan kè yo. Men malerezman, lavi vin pa fasil nan komin nan. Li pa fasil pou moun kap viv kabarè. Gen moun ki leve bonè san yo pa menm konnen kijan yo pral jwenn manje pou fanmi yo, gen jèn ki gen talan men ki pa jwenn opòtinite pou yo avanse, gen paran kap lite pou bay pitit yo yon pi bon avni malgre tout difikilte yo.
Lari yo konn chaje ak mouvman perèz, men dèyè souri anpil moun genyen an, gen gwo soufrans kache. Gen anpil moun nan kabarè kap fè tout kalite ti travay jis pou yo ka viv. Gen machann kap pase tout jounen anba solèy cho, gen chofè moto kap riske lavi yo chak jou, gen jèn ki vle etidye men mwayen pa pèmèt yo rive kote yo ta vle rive a. Men malgre tout sa, pèp kabarè la toujou kenbe fòs ak kouraj. Si tou jèn vizyonè yo.
Kabarè se pa sèlman yon kote ki gen difikilte, men se yon kote ki gen anpil moun ki gen bon kè, malgre anpil Lot kote gen dout sou Anpil jèn. anpil rèv ak anpil espwa. Paske menm lè lavi a di, moun yo kontinye goumen pou demen ka pi bon. Chak ti pa yo fè, chak sakrifis yo fè, se pou fanmi yo ak pou avni pitit yo.
Nou dwe aprann respekte ak ankouraje moun kap viv kabarè se pa tout ki pabon. Paske dèyè chak moun nou wè nan lari a, gen yon istwa, gen doulè, gen rèv yo poko janm abandone. Yon jou, avèk inyon, lanmou ak sipò, kabarè kapab tounen yon pi bon kote kote tout moun ap jwenn chans pou yo viv ak diyite.
Kabarè merite limyè, lapè ak devlopman. Paske malgre lavi a difisil, pèp kabarè la toujou gen fòs pou yo kanpe, mache, epi kontinye kwè nan yon demen miyò. San bwi san kont ak okenn endividi.

04/05/2026

Kòman pou konprann Yon pwofesè kap fòme ti Moun, montre Yo kòman pou yo fè savoir vivre.
Epi menm pwofesè sa a, madam sa yo ap dechire bout Kann , degrenen grenn mayi Nan lari ap manje
Kote savoir vivre la?

17/04/2026

BonDye Pral fè Yon mirak kounya li pral chanje dosye w la , li pral kase kòd, kase kle🔐 ki take sou Laviw la kounya 🙏 Siw kwè Nan pawol sa Ekri amèn 🙏.

Aprè sa ki pase Samedi 11 Avril 2026 la, Nan Okap nan lye istorik nan citadelle, kote plizyè Moun mouri.Eskè li posib Po...
13/04/2026

Aprè sa ki pase Samedi 11 Avril 2026 la, Nan Okap nan lye istorik nan citadelle, kote plizyè Moun mouri.
Eskè li posib Pou nenpot aktivite fèt nan lye istorik la ?

Fòk l'ETA pran responsabilite l nan tout Bgay Nan Peyi a, Sitou Lye istorik yo, lye zanzèt yo,te kite Pou nou, Changement dwe fèt sou lye istorik la, aprè Dram sa ki pase a.
.

09/04/2026

Bonswa tout fanmi zanmi
La voix du changement info

Adresse

La Plat
Port-de-Paix

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque La voix du changement info publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Catégorie