INNO News

INNO News Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de INNO News, Société de médias/d’actualités, Quartier Morin.

18/12/2025
18/12/2025

Plizyè sitwayen kap viv nan vilaj Labadi nan seksyon kominal Bandinò nan Okap ap pwotèste nan moman nap pale la devan biwo Kazèk la.

Yap pwotèste kont kòdonatè kazèk la Jean Ronel Ferdinand (Jwa) yo di ki refize siyen rezilta eleksyon pou pòs prezidan ki te fèt dimanch 14 desanm nan nan Vilaj la. Yon eleksyon yo di kandida yo a, Marc Santos ranpòte.

Yo akize Jean Ronel Ferdinand kòmkwa lap chèche fè kòken anfavè frè li kandida Francklin Milcent (prezidan sòtan). Pwotèstatè yo deklare yo pap pran gòl ak men.

INNO NEWS...

15/12/2025

Pwofèt Bèje ki gen bon non li Jean Gonzales Diamiso Théodore anonse nan vil Okap samdi 13 desanm 2025 la li se yon evantyèl kandida pou pòs prezidan Ayiti.

Nan tèt yon delegasyon ki gen ladan madanm li Johane Barolette ak yon konsiltan-l André Pierre, pwofèt la deklare li gen anpil gwo pwojè pou sove peyi a.

INNO NEWS...

25/11/2025

La fondation Super Star FC de Galman Duplat « Quartier Morin » ouvre les inscriptions pour le tournoi de football (ti poto) qui se deroulera à partir du mi janvier 2026.

Bienvenue à tous!

INNO NEWS...

24/11/2025
22/11/2025

Meri Komin Milo a gen yon nouvo lokal, yon batiman byen bèl, byen pwòp. Li inogire jedi 20 Novanm 2025 la. Se Minis Enteryè ak kolektivite teritoryal la Paul Antoine Bien-Aimé ki te inogire-l ansanm ak manb komisyon minisipal la ak Reprezantan Bank mondyal ki te finanse konstriksyon an.

Travay yo te dire plis pase 2 lane edmi e yo te koute anviwon 600 mil dola ameriken.

Manb Komisyon kontan. Yo di gras a nouvo batiman sa yo pral ofwi plis sèvis kalite a Popilasyon an.

INNO NEWS

21/11/2025

Kolèktif "KENBE KAPÒ W", yon èstrikti sosyal ak politik ki fòme Kapwa kap viv Ayiti ak nan Dyaspora, mande ULCC mennen bon jan ankèt sou Lameri Okap. Yo estime pandan 10 dènye ane yo, 2015 a 2025, katèl ki pase yo ta mal jere lajan sitwayen yo.

Yon lòt kote, kòlèktif la mande KPT a kòmanse prepare l pou l kite pouvwa a 7 fevriye 2026 kap vin la.

INNO NEWS

Adresse

Quartier Morin

Téléphone

+50933595206

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque INNO News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à INNO News:

Partager