17/09/2025
13, 14 septanm 2025 ki sot pase a, Direksyon Sant Sante Mantal Mòn Pele te òganize yon fòmasyon sou premye swen sikolojik pou majorite anplwaye sant lan. Objektif la se pèmèt tout anplwaye yo, ede tout pasyan kap vin pran sèvis nan sant lan, fè travay yo avèk pwofesyonalis, konesans ak lanmou. Men tou, chak moun ki pran fòmasyon sila, vin yon sekouris sikolojik pou pwòp fanmi l ak zanmi l oubyen pou anviwonman l.
Direksyon sant lan toujou disponib pou l simaye konesans sou premye swen sikolojik tout kote ki gen fanmi, travayè, jenn ak timoun. Toujou pa yon lòt kanal ki afilye a Sant Sante Mantal Mòn Pele ki se Jedi Mantal, konn pwograme fòmasyon 2 jou pou moun ki abitye al nouri nannm yo chak jedi nan konferans, kozri ki fèt pou fòtifye mantal moun.
Sant Sante Mantal Mòn Pele ap kontinye sansibilize moun sou sante mantal ak byennèt. Avèk tout twomatis popilasyon ayisyèn nan ap andire depi plizyè ane, dwe genyen bon jan aksyon pou chak gren ayisyen jwenn swen nesesè pou nou genyen yon sosyete ki fò.