20/04/2020
*MA DEMI-SOEUR*
*_NB : Pa bliye, pa gen 2 moun ki ekri feyton sa ke Kerle-G Mec Génial la😌 Pa bliye pataje l ak fanmi, zanmi w sou tout rezo sosyal yo✌_*
*SPONSOR*
Feyton sa li posib se gras ak moun sa yo :
1- *DJORRY* Jistan kris pran m
2- *ANPERÈ MARC LA* Koulin debò file file
3- *MARC-DARLÈNE*
*_N ap tann ou, ou menm ki ta vle fè non w, non biznis ou pase._*
*Epizòd 4*
📹Oke n ap kontinye ak epizòd 4 la, nou wѐ kijan senaryo a te kòmanse dewoule ? Ebyen an nou swiv kijan l ap fini. Pòt la te tou ouvri epi elѐv la antre boumm l al sote sou moun yo andedan🎬
*Elѐv la🧔🏻*👉Woyyy epa vre, talѐ banm siye je m non sa m wѐ a se pa sa,🥶 Lourde, Werkee! Eyy wѐ la nou gen 2 chwa, se swa nou kontinye lѐ Werkee fini mwen pou m pase oubyen m fѐ yon gwo bri pou tout elèv yo vin kenbe nou la a
*Werkee*👱🏾👉 Li menm ki pa bezwen Lourde vre se plimen an l ap jere li kanpe li pa janm di anyen l ap gade moun yo
*Lourde*👱🏻♀👉 Li menm ap di lòt elѐv la, ey non pa fѐ sa, m p ap kapab kilѐ m ap gentan fѐl ak nou 2 an la ? si gen yon lòt elѐv ki vin parѐt la 😥
*Elѐv la*🧔🏻👉Aaa sa se koze pa ou w ap ban m la wi, dat m t ap file w kounyѐ a m p ap rate okazyon sa vre. Wѐ m te toujou konn ap di lwa yo pa janm fѐ anyen pou mwen se jodi a m wѐ se nan manti m te ye, ooo dat sa epa nou pa kòmanse m ap rele 🤭anmweyyy wi
*Lourde*👱🏻♀👉Lѐ Lourde wѐ misye pa sou jwѐt vre li bap li pran bouch Werkee, sa ou tande a lobѐy pete kilòt desann bak chat k ap tonbe, lòt elѐv la menm la ap veye padan pantalon sou li prѐske pete, Werkee fini li bay misye depi tan se anlѐ Lourde ap pase ak gigit misye fann sa, bon chans pou yo pa gen pyѐs lòt elѐv ki vini, yo soti youn aprѐ lòt.
📹Oke kounyѐ a an kite Lourde ki sot komѐt kalte betiz sa pou n rive kote Kerle-G nan lise a pandan yo bay rekreyasyon
misye ki chita ap pale ak 2 zanmi l youn se Dieulens lòt la se Cachena.🎬
*Kerle-G*👱👉Ey mesye dam nou te konprann kou sc. sociale la mѐt la sot fѐ a ?
*Cachena*👩🏽🦱👉 Eee wi li pat mal non...
*Dieulens*👱🏿👉 Ooo wi freo lѐ m di w m renmen jan misye travay la frѐ, li pran san l pou l pale nou sou kijan esklavaj la te ye nan Saint-Domingue
*Kerle-G*👱👉 Oooo wi bro misye bon anpil, fòk nou kòmanse pare sijѐ sou kou sa wi timoun sa nou panse ?
📹Vwala se konsa elèv yo t ap dyaloge antre yo. Kounyè a an fѐ yon rive kote Afouna li menm k ap negrosye ak Madan Moy pou l ka vann li 2 bal pѐpѐ. Fòk nou di w ke, Afouna li menm se machann pѐpѐ li ye Madan Moy li menm se Mesye Moy ki toujou fѐ bwat sot USA voye ba li🎬
*Madan Moy*🧑👉Aaa Afouna pale vit pou m ba w ti pѐpѐ a pou m al lakay mwen non menm manje m poko menm fѐ kite pou timoun yo non
*Afouna*🧑🏽👉 Ooo ebyen m pale avѐ w deja wi Man Moy m bò w pri wi se ou k pa vle vann mwen, mwen la tou timoun yo pral pase kote m la m poko achte manje kite pou yo
*Madan Moy*🧑👉 Aaa ebyen oke banm kòb la malee, se yanyan m ou ye, ma tire l yon lòt kote
📹Vwala se konsa moun yo te antann yo. Oke kounyѐ a an tounen nan lekòl kote Benn ak Vava ye a ki gentan lage epi 2 nѐg ki sot fѐ Lourde pase move moman yo ap trip🎬
*Werkee*👱🏾👉Ooo freo ou gen sou ou ou menm m panse se blag w ap fѐ wi big mwen, 😟ou pa wѐ m kanpe m pa di anyen ras?
*Elѐv la*🧔🏻👉 Eee frѐ blag m pa janm fѐ sa non mwen,😃 epa dat non m te bezwen flanbe manzѐ non fanmi li t ap fѐ stil sou mwen, aaa jodi a gade m demoute l m koupel ak ray. Monchѐ fòk m ta achte yon toro ba ou wi,😂😂 bon sa k di w al fѐ bagay sa ou menm ? bon si m te gen telefòn sou mwen m t ap fѐ videyo kaka wi. Ey bro m wѐ l rete sou ou envite l lakay ou non pou n ka fѐ yon krѐy sou li
*Werkee*👱🏾👉 Oooo gad sa misye di mesyeee 😳 ! Aaa m pa renmen manzѐ non bro, se yon tidam ki nan klas la ki rele Vava m renmen wi bro m pral mete may sou li la wi frѐ
*Elѐv la*🧔🏻👉 Evree bro ebyen al mete may ou frè, antouka mѐsi anpil frѐ ti koko Lourde byen sѐk 😋😆😆
📹Vwala se konsa nѐg yo te trip byen trip sou Lourde. Oke kounyѐ an nou kouri fѐ yon rive andeyò Ponsonde, nou sonje m te pale nou de Bòsdò ? Bòsdò li menm se yon nѐg ki gen yon bagay k ap ba l pwoblѐm kisa l ye ? Se nan yon sѐl ti chanm kay la l ap viv ak madanm li Tiya, Louna ki gentan gwo timoun e vin jwenn yon Tember ki se yon fѐzѐ tout sa li wѐ li pale l ki donk sa vin fѐ Tiya pa vle jere Bòsdò leswa, se nan jaden an anba pye bwa yo pafwa yo oblije fѐ grimas yo, men sa gen kѐk jou depi Tiya pa vle bay Bòsdò chat la, epi men Bòsdò li menm ki gen yon anvi moute l nan raje a, an nou swiv kijan misye pral reyaji🎬
*Bòsdò*👴🏿👉Kѐt mesye, m kòmanse santi m gen gwo pwoblѐm la wi ak bagay sa, Tiya pa vle jere m menm non, hen menm yon ti goute moun nan ta ba ou. Kèètt mesye, ey m toujou tande ti mesye yo bò lakay la ap esplike kijan bagay sa yo rele laponyѐt la bon 🤔 fòk m ta eseye wi, paske kote bourik la mare a se la pou l kaka papa.
📹San pѐdi tan Bòsdò rale meteryѐl la mete deyò li kòmanse frape, frape frape epi men Tember menm k ap vini, pandan Bòsdò pral vini epi se lè sa Tember parѐt li vin sote sou Bòsdò li di🎬
*Tember*🙎🏿♂👉 Oooo Bòsdò sa w ap fѐ la ?😱 anmweyyy 😂😂😂 gad kote m fѐ kòb a tonton m mesye, oooo jan m konnen lestomak mwen glise, m fѐ 50 goud avѐ w la si w pa vle m bay ou nan jounal pita wi tonton😃🤣
*Bòsdò*👴🏿👉Ooo mesye ooo bon kote w te ye la Tember ?🙈😃 mesye ooo bon oke m ap jere w, epi bliye sa ou sot wѐ a wi frѐ m konnen w.🤨
📹Bon an kite andeyò pou n ka retounen nan vil senmak. Oke kounyè a nou nan vil la nan Lycée Bic a, kote Kerle-G vin nan gwoup de travay ak zanmi l yo. An nou swiv Kijan yo t ap fè echanj ide🎬
*Dieulens*👱🏿👉 Aaaaa Kerle-G monchè fòk ou wè sa m vle fè w konprann nan tou frè, imajine w ou gen yon vye Leta ponpye, yon vye Leta k ap tann se lè yon kriz fè aparisyon l pou yo pwofite depanse lajan san kontwòl, plede fè koripsyon. Ey jan Leta sa nou gen la aji se tankou li pa bezwen ni pèp la, ni popilasyon an wi bro. Bon gade byen pou wè Latibonite ki se grenye peyi a, sa vle di kesyon diri a se nou menm nan Latibonit la ki pwodwi l plis, e nou konn kijan Ayisyen renmen diri l. Tankou mwen menm m mèt te manje tout sak egziste pandan jounen an men depi m pa goute menm yon ti kiyè diri se pou tout maladi pran m nèt wi tèlman m renmen diri😀😀. Oke di m konbyen fakilte Agwonomi ou wè Leta mete nan Latibonit hen ? Aprè UPBAS la ki pa menm ka mache byen menm, wè sa vle di ou wè nèg yo pat gen anvi mete fakilte Agwonomi vre nan Latibonit paske yo gen Damien yo la, Latibonit la se resous Demien l ye. Nèg yo kite tout bagay nèt rete konsantre la nan kapital la, vin fè ou gen République de Port-au-prince, li pa République d'Haiti ankò. Yon vye Leta ki pa fè desantralizasyon, tout sèvis ou bezwen se Pòtoprens pou monte al chèche l. Sa vin fè nèg la nan Latibonit wi li fin fè etid Agwonomi l kibò l mete tèt Pòtoprens, mwen menm se yon revolisyon ki pou fèt paske vye Leta sa nou gen la li pa bon, li enkapab, sistèm sa bout, nou anreta nan tout bagay wi
*Kerle-G*👱👉Wi frè m dakò ak sa w di yo, men mwen m p ap sèlman akize Leta pou m kite Popilasyon an, paske Popilasyon an koupab tou, nou koupab nan fason n ap vote, nou pa chwazi moun pou n vote yo, se 1000goud nou ki enpòtan pou nou, nou pa mal pou n bliye, tout sa yo ba nou n pran, nou pè revòlte, nou pa vle goumen pou n chanje sa, nou pè mouri tankou nou t ap viv deja, nou vin twòp inyoran, nou lèse tout bagay ale, depi nou ka leve nou jwenn yon bagay nou pase nan bouch nou, nou jwenn 15goud pou n chaje telefòn nou, 25goud pou n fè entènèt pou n ka al foure bouch nou nan sa k pa regade nou, plede denigre moun sou rezo sosyal yo bon nou bliye si peyi pat bon, nou di zafè lòt ki pa ka jwenn menm yon sal bab yo, sa vle di ou wè Leta se nou l ye tou, se nou ki pou chanje l.
*Cachena*👩🏻🦱👉Mwen menm m panse ni Leta, ni Popilasyon an, yo tout gen wòl pa yo pou yo jwe, paske pwoblèm nan li global se nou menm Ayisyen kit ou te sou tè AYITI ou lotbò dlo ki pou mete tèt nou ansanm pou n pran konsyans ke peyi a malad jouk nan zo epi pou n mete ak otorite Leta ki la yo pou n wè Kijan nou ka sove peyi a🤷🏻♀
🎬Oke Vwala an kite bèl dyalòg sa la pou n ka rive nan I.G.A kote Benn li menm te vin nan gwoup de travay tou🎬
*Benn*👩🏾👉Ooo Vava li gentan 5h wi m praleee, ti mesye yo di yo p ap gentan travay matematik la
*Vava*👩🏻👉Evre ? Ooo benh ale non, mwen m ap fè yon ti rete toujou papa, m pral ak 6h😌
*Benn*👩🏾👉Kisa ? Mwen m prale papa, antouka n ap wè demen cheri, a tomo🥰 ey pa bliye pote Liv la pou mwen non
📹Oke kounyè a an tounen sou🎬
*Kerle-G*👱👉 Li menm kote gwoup de travay la te gentan fini epi li nan wout pou l al lalay li lè sa li te ka nan 5h yo, l ap soti nan Lycée Bic a pou al blòkòs. Epi men :
*Benn*👩🏾👉 Li menm nou konnen ki t ap sot nan gwoup de travay tou nan I.G.A pou al lakay li sou Pivè. Pandan l rive bò prizon sivil senmak la men li sanble gen yon bagay k ap domine l l ap mache li bliye kòl nan wout la, epi men 2 chofè taksi menm k ap fè kous epi gen youn ladan yo k ap double nan bò Benn ap mache li bliye kò l la. Vwala men :
*Kerle-G*👱👉 Li menm k ap vini anfas Benn nan men tèt li te bese nan telefòn li, epi gen yon ide ki di l leve tèt ou non lè l fè sa li leve tèt li vre, se tankou m ta di w li wè moto nèg ki nan kous k ap double lòt la se nan do Benn l ap vin frape, epi san pèdi tan misye lage telefòn nan atè li bap li anbrase Benn...
😰😰😰😰😰
*ASWIV*
Pou tout kontak esponnsò oubyen lòt, rele oubyen ekri nan : +50947966043 ( Apèl )
+50932311982 ( WhatsApp )