19/11/2025
4e Symposium LENPANSAB !
16/11/2025
"De la mémoire à l'action, donner sens à notre histoire aujourd'hui "
Asosyasyon Travay Pou Woulman Entelijans Kolektif (TWEK LENPANSAB) reyalize avèk anpil siksè 4e Symposium li nan dat dimanch 16 novanm 2025 la nan Le Troquet Café Théâtre nan vil Saint-Marc. Aktivite sa a, ki te rasanble aktè sosyo-kiltirèl ak edikatif nan komin nan, make yon moman refleksyon pwofon ak echanj ki gen anpil valè pou kominote a.
Pandan jounen an, divès entèvansyon pwofesyonèl, deba ouvè, atikilasyon lide ki te mete aksan sou misyon Asosyasyon TWEK LENPANSAB la: travay pou amelyorasyon lavi sosyal, devlopman edikatif, ak konsolidasyon valè kominotè yo.
Patisipan yo te soti nan plizyè sektè—edikasyon, devlopman sosyal, kilti, antreprenarya, ak lidèchip kominotè. Yo te pataje eksperyans ak vizyon ki kapab sèvi kòm sous enspirasyon pou pwochen jenerasyon jèn k ap grandi nan vil Senmak ak tout lòt kote nan peyi a.
Symposium lan te pèmèt Asosyasyon an konfime plas li kòm yon fòs ki pote limyè, refleksyon, ak aksyon pozitif. Echanj yo te ouvè pòt pou nouvo kolaborasyon, nouvo pwojè espesyalman SANTLENPANSAB ki se yon sant akèy, e nouvo angajman pou avni kominote a.
Evènman an fini nan yon atmosfè solidarite ak satisfaksyon, kote patisipan yo te salye inisyativ la epi fè konnen volonte yo pou sipòte plis aktivite ki gen menm espri ak menm enpak.
TWEK LENPANSAB remèsye tout moun ki te bay sipò yo soti nan patisipan, entèvenan PetersonSAINT-FLEUR Peterson Saint Fleur sou tèmnan, patnè li PODIUM MAGAZINE MÉDIA ki pwofite fè remiz pri konkou angajman sitwayen an pou kontribisyon yo nan siksè 4e Symposium sa a ki bay kòm twa gayan ki se YONELSON AUGUSTE, LUCKENSON FRANÇOIS, WIDELEY ÉTIENNE. Asosyasyon an rete detèmine pou kontinye travay, reflechi, epi kreye espas ki pote devlopman reyèl pou kominote Senmakwaz la.
PODIUM MAGAZINE MÉDIA.