tout ti koze

tout ti koze Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de tout ti koze, Création digitale, blòkòs, Saint-Marc.

06/11/2025

Gen yon aksyon kap pase onivo Jij max nan vil senmak.
Gen 2 nèg sou moto otomatikman ou kanpe bò lari a,plezi yo se pase rale bgy nan men moun tankou:Telefòn ak valiz moun.
Aswè madi 5 nov 2025 la 7:04
Yo pase pran yon valiz nan men yon dam.Divès moun di se pa premye fwa aksyon sa yo ap fêt nan zòn nan.
> Lapolis nan vil senmak jwèt pou nou

06/11/2025

🆘🆘 Pou Ayiti

Gen yon fenomèn k ap ravaje peyi dayiti nan moman an malgre otorite yo okouran men yo pa janm aji sou sa.

Koze nèg brigadye ki panse se polisye yo ye, yo nan tout pwogram ak gwo manch long sou yo, nèg sa yo touye jèn gason ak fanm jan yo vle nan moman an, delmas koze sa repete anpil, anba lavil la se pi mal toujou, kriswa, petyonvil tonbe nan menm koze sa tou.
Moun yo ap plede touye konsa yo pa gen anyen pou wè ak gang men depi yo kenbe w san pyès se BK, pafwa yo konn gen pwoblèm ak moun nan yo touye l sou fòm bandi, yo menm fè m konnen nèg sa yo nan pran lajan nan men patikilye pou al fè zak pou yo. Nan nenpòt aktivite ( match football, fèt, bann rara, pwogram) nèg sa yo se rale zam plede tire pou san rezon
E gen polisye ki gen menm konpòtman ak teworis yo tou lè yo nan zòn yo,

Nou swete gen yon kout je ki fèt sousa pou pi devan pa pi tris

Se te enfòmatè n nan Petion ville

Radar Politique 📡

05/11/2025

Gen tire entre rue hubert ak kafou MSC zone Kafou vincent.
Possible affrontement, prudence dans la zone

05/11/2025

Ansyen senatè Lwès, Jean Renel Sénatus depoze yon plent kont Leta Ayisyen ak X nan kabinè enstriksyon, maten mèkredi 5 Novanm 2025, kèk jou aprè teyoris kriminèl Viv Ansanm yo te boule estasyon radyo li an, ak Inivèsite Solèy Dayiti ki te twouve yo nan zòn Tijo, komin Pòtoprens, samdi 1 Novanm 2025 lan.
Depi kèk tan kriminèl yo te menase boule radyo a, ousinon tout lòt radyo ki bay jounalis Theriel Thélus pase emisyon li ki batize Tikoze ak TT.
Pami yo chèf gang, Jimmy Chérizier alyas Babekyou, san konte Janmsotba ensikoni ki te mande bandi yo pou jwe a lentèlijans epi voye lèt sinyalman bay responsab radyo sa yo.
"Yo boule lokal, yo detwi materyèl nou yo...,men sèvo a vivan. Yo pa ka boule solèy. Nou p ap pran presyon nan men vagabon", raple Mèt Sénatus.

"*Vision info plus*"

04/11/2025
03/11/2025

Adresse

Blòkòs
Saint-Marc
HT4310

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque tout ti koze publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager